Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Saturday, July 9, 2011

Men kijan Ti Marcel mouri

Jozefinn sete you tifanm kout, gra kou chat e pat gen you neg pou ta wel pou ou pa gade li .Jozefinn se madanm saa kite konn vann mango devan simitye-a; mango li te konn vann yo sete fransik, madanblan ak konn.Kliyan li yo te toujou kontan paske yo te toujou dous e yo pat konn gen ve. Lot machann kite bo kote-l yo pat vle we-l paske li te toujou gen plis kliyan pase yo e li te toujou konn finnvann bone bone. Si mango li yo te toujou dous, dyol li te dous tou pou jan li te konn resevwa , pale ak kliyan li yo e saa te konn fe yo kontan anpil.
 Machann mango saa te gen kom mari you nonm yo te rele Ti Marcel, misye te dyole anpil , gen moun ki konn di se le misye mouri selman lap kite metye dyole saa; men misye te jalou anpil pinga you moun pase bo madanm li.You samdi Josefinn te al achte mango nan mache Dabonn poul al revann e kom li pat two prese jou saa li te fe you pase lakay li, mezanmi li jwenn kompe Marcel ak you lot fanm ann dan lakay li ya epi sou vye divan li ya yo tap fe you ti degaje, nou konprann zafe gason ak fanm. manmzel te sezi e li pat di you med, li te fe kom si pat gen anyen . Jou saa tout moun : kliyan plis lot machann yo e menm si yo pat zanmi li vre tap mande ki sak pase Jozefinn paske li te pedi bel vwa dous li a e figi li te tankou you lanp tet gridap kap fose limen paske li pa gen  gaz jonn.
Jou saa seli ki kite devan simitye a an denye.Li tap panse, li tap reflechi ki saa poul fe ak Ti Marcel papa koken a paske yo te toujou konn dil ke misye ki plizye kliyan men li pat janm kwe e jodi a li we ak de nawe li tout bagay. Le fe bren rive , li ranmase res mango yo poul tounen lakay, li pa vann li pat menm we saaa tant lap kalkile. Tout nan wout la  se pali kila ou ta di kol ap mache men lespri li nan zonn Chansolme, Cayes -Jacmel ou byen Ouanaminthe. Le li rive lakay li tout pot te femen e kom li te gen kle pa-l saa pat pwoblem poul te rantre; premye kote lale se nan chanm kote li te we aksyon a. Li mouri net paske yo kite travay pou-l fe paske dra yo te chaje  ak lobey ke mesye dam yo te kite pou li. Bagay saa te fel rele anmweyy twa fwa, men rel saa yo pat gen vale paske pat gen moun nan vwazinay kite tande.
Le-l fe neve di swa li tande pot la ouve e se mouchje Marcel ki te rantre , li pat menm okipe-l selman li tap mande kote manje li fe a.Marcel te  konnen byen sa li te fe a e sete you jan poul te pase Jozefinn nan tenten .
Jozefinn pat okipe-l nan sa li tap di a e kom anndan kay la te gen you gwo pilon, mezanmi se ak manch la li te rive touye misye, e sete deye kou selman li te bat li.
Pinga moun mande-m pou Jozefinn, sel bagay mwen ka di nou , nou met ale nan gran prizon Potoprens sela jou Jij voye manmzel al pouri nan you kwen , men pa di moun si se nan bouch mwen nou konnen ke mouche jij saa se mari you se Ti Marcel.

Friday, July 1, 2011

Men bon kiyè kanpe

Tibol sete you machann kiyè kanpe, sete moun douzyèm seksyion Tigwav. Lite vini nan vill Sentwoz la men-m jan ak you ban-n lot kite soti pasi pala. Te genyen ki te konn vann pate, gen lot sete fresko, kek ladan yo te voye ko yo nan mason, e san nou pa bliye saa ki te konn van-n kann kale yo.
Tibol sete you madan-m kout, se te you bèl fanm nwa e si Oswald Durand te vivan li tap di sete you bèl marabou ak tete doubout, lè li te ri ou ta di se soley la kap ouvè zèl li sou tè-a nan maten. Lè li te soti nan zonn kote li te fèt la , li te tankou you ti egare , men lè ou tande-l ap rakonte istwa li wap tande li di ke se move lavi kite mete-l deyo. Li te genyen you sèl pitit fi ki te telman sanble ak li yo te rele-l Tibol tou; pou li papa pitit saa poko mouri paske li pat vle rekonet kom pitit li sel grenn je saa ke Bondye te bali a.
Manje Tibol konn kwit pi souvan sete diri ak pwa nwa, e fè sos pat janm enterese li e kliyan li yo te renmen li konsaa. Pou manje saa te kwit Tibol pat konn sak rele recho e sete twa woch dife li te genyen menm jan ak tout moun ke zafè yo pat bon.Lè aprè midi lè-l sot vann li te konn nan tout kwen ap chache bwa pou prepare " chen janbe " nan demen maten.Pi fo bwa li te konn itilize sete vye bwa sekey li te konn jwen nan simityè ki pa two lwen vye kounouk li te rete a. Kliyan li yo sete moun ki tap lite pou viv menm jan ak li, moun zafè pa bon e yo te konn achte pou goud edmi ou byen pu de pyass. Pou yo sete diri kite pi gou yo te ka manje pou jounen an.
Akroupi-m chaje Tibol yo te menm konn fè goumen nan mitan kliyan li yo. Mwen pap jan-m bliye batay saa ki te fèt ant de bouretye pou you zafè bol e youn te kase tèt lot. Fè manje ak bwa sekey la pat you sekrè pou okenn moun nan katye e pa gen moun kite kon kritike li pou saa paske Tibol te bon ak nou tout.

Wednesday, June 29, 2011

Pou vye kompè-m Bermann

Lakay nou se lè you moun mouri yo onore li , mwen paka tann se le misye mouri poum onore li. Mwen vle pale de zanmi mwen, frè mwen Bermann Mimy. Mwen te tou piti kay frè leyogann yo e depi nan premyè ane mwen te konnen misye . Mwen sonje anpil moun nan pwomosyion li tankou frè li Mandfred Mimy, mwen sonje Zachary Alliance ak plizyè lot anko.Se neg ki brodè depi lontan  sa vle depi li piti .gen de moun pou eksperyans ou fe ak yo ou paka bliye yo.
Apre misye sot kay frè li te al nan Lyse leyogann nan kote li fe etud segonde li e youn nan bagay mwen toujou tande lap di e li fier de saa pa gen youn nan neg kite soti kay fre kite al kole boyo nan lise a sa vle younn nan yo pat double.Apre etud segonde li , li te ale repiblik diminiken etudye. Misye pale angle , panyol byen nou pap pale de franse ak kreyol.se neg franse li toujou sou pwent dyiol li e li renmen pwezi anpil.
Mwen te pase anpil tan mwen pat wel pandan tan li te pase Sen domeng lan, men  lavi a pral fe nou kwaze nan Institut Abellard kote ke li li se youn nan moun ki te responsab pati segondè a. Li te two kontan we-m le nou te fet kwaze e li te montre-m anpil respe e respe saa te pataje youn pou lot. Se kom sete you gran fre ki pat we you ti fre lontan lontan.Nou te antann nou pafetman byen nan lekol sa jiskaske mwen pat la anko. Youn nan bagay misye fem kemwen kontan , mwen te sezi you maten lè misye te mande-m pou-m parenn premye pitit fi li. Mwen te dil non e direkte lekol la , Schmid Abellard ki mouri, te kouti deye-m e li te dim li pa konprann ke you kolaborate tankou Bermann mande-m poum parenn pitit li e mwen pat vle, mwen pt okipe li e nan aswe mwen te al we manman mwen poum mande-l ki sa li panse , manmann-m te kouri deye-m tou.Le-m reflechi mwen di mwen menm pafw mwen two inferye e se konsa nan demen maten mwen te dil mwen aksepte e sou visaj misye mwen teka li ke ke-l te kontan anpil repons mwen an .Maravilla sepremye fiyel mwen e se you fiyel mwen apresye anpil . Manman-n toujou konsidere -l kom you moun nan fanmi an.
Bermann se neg ki toujou ap konseye mwen e menm le mwen pat nan Institut a anko, lem te llopital sentkwa se neg ki toujou banm tout konsey , tout apui kelkeswa lem bezwen li a.
Se you neg lel ap enseye li fe sa ak tout ke li e mwen kwe sete youn nan meye pwofese lang nan lakou leyogan  e elev li yo te renmen li anpil swa nan Surin Eveillard swa kay abellard. Se youn nan entelektuel Leyogann ki toujou sou bet li kelkeswa sije ou menyen ak li a, li toujou sou pik li. mwen sonje travay an gwoup nou te konn fe ak nou twaa: Gabrielle, li menm ak mwen menm , e se la mwen pral dekouvri Bermann , se neg ki pa jwe ak bet e le lap prezante you sije ou byen nempot saa li ye , se gwo koze.Se eng pafwa ki pafwa ki padomi poul prepare sa li genyen poul prezante ya.
Mwen toujou di saa se neg le lap danse tou se gwo koze, li konn musik li byen. mwen menm ak li nou toujou ap chanje lide sou kouman mizik nou an ye.mwen pap bliye bel kout men li konn ban mwe nan fe gwo emisyion sou radyo Sent kwa.
Mezanmi pa gen moun ki pafe, nou tout komet anpil betiz nan vi nou e Bermann pa you sen li pataka pa konn fe ere.Si nou ta di sa ti pawol sa yo patap gen enpotans pou oken moun , men nou konnen la via sekonsa li ye fok ou fe ere pou ou avanse.
Bermann se youn nan bel tet ki kite ayiti e ki vinn viv kay tonton sam.Konbyen parey misye ki la? Konbyen nan nou pafwa ki poze tet nou kesyion sa nou vinn chache la? Antouka Bermann ap viv Boston e kom nou tout ki bo isit la , lap chache kot la vi fe kwen.Bermann gen de pitit fi e tou de ayiti e pafwa mwen panse li la e nanm li ayiti.
Bermann gran fre pam, zanmi mwen , vye kompem se pa fle map voye pou ou men se you jan you fason poum montre w respe m pou ou. Mesi pou tout sa ou fe deja nan vi ou.Male.

Manti, mantè

Mwen te kanpe anfas ou le ou tap pale a, mwen te anvi ba ou do le ou tap ranse a, mwen te anvi gade lesyel le ou tap bat bouch ou a. Ou bay manti devan deyè, ou panse ou ka twonpe tout moun .Madanm ki domi bo kote w la mache di tout moun li pè-w paske menm bonjou ou pa laverite. Pi gran tigason ou an, di lap kite kay la paske chak jou wap preche-l poul pa bay moun manti e menm a ou di se manti. Koumanman ta sanble ak jilet yo te koupe lonbrik ou a mak li se te manti.Kom ou pi gran , mwen pa vle soti maledve sim  demanti ou, mwen pe tou pou pa lage madichon deye-m, men sim te nan plas ou mwen ta ale kay pè Sovajè anndan legliz Senrtwoz li ta ede ou, paske nonm saa ou met repwoche-l tout bagay depi ou ba-l manti wap gen pwoblem ak li, depi ou vinn dil Gerald te di tel bagay , lap di se ou ki te dil. Ou we saa menm si tout moun di Pè Sovajè Sovaj  li gen bon kote li.

Monday, June 20, 2011

Pour Soeur Esta Joseph

Il est cinq heures du matin, mon corps est à Orlando et mon esprit plane sur l'école des Soeurs de Léogane ou j'avais l'honneur de rencontrer cette religieuse de grand coeur Sr Esta Joseph qui a été fauchée par la mort le 12 Janvier dernier.
Toute ma vie j'ai eu de la chance de cotoyer pas mal de religieux soit à l'école des Fréres ou j'ai fait mes études primaires, soit à l'école des soeurs ou j'ai débuté ma carrière de professeur.J'avais dix sept ans lorsque Fleurot Louis -Charles m'avait demandé de lui remplacer comme professeur à l'école des Soeurs section soir.Deux ans plus tard j'ai rencontré cette jeune religieuse Soeur Esta Joseph qui sera pour moi une mère, une conseillère, une bienfaitrice, une grande soeur, une amie.Dès sa première année à la Direction de cette école, elle m'a suivi de très près et m'a appris à préparer mes cours.Très vite, je voyais en elle une grande soeur, une personne , une directrice à qui on peut faire confiance, une religieuse qui peut faire bouger les choses. Avec elle , l'école du soir a pris une autre ampleur à nulle autre pareille.On a pu atteindre le maximum aux Examens de certificat d'Etudes. Je me souviens de cette belle fete qu'on avait organisée pour ces enfants qui etaient pour la plupart des enfants en domesticité.Je me revois encore enseigner sous la férule de cette grande personne que fut Soeur Esta Joseph. Je me souviens de cette nuit ou mes camarades et moi etions à l'école Sainte-Croix afin de préparer les examens du bac, elle nous avait envoyé plein de bonnes choses à manger et c'était vraiment bien de sa part.Après mon bac, j'avais l'intention de m'inscrire à la Faculté de Droit , sur ses conseils j'ai pu m'inscrire à l'Ecole Normale Supérieure.Pendant ces trois ans d'études, elle a été pour moi une mère qui surveillait de près les études de son fils, elle a été celle à qui je m'adressais lorsque j'avais des copies à faire, lorsque j'avais des livres à acheter et même quand je n'avais rien à manger, elle a été celle qui me demandait toujours  de prendre mon courage à deux mains. Ces études terminées, elle m'a demandé d'enseigner un cours de mise à niveau pour les élèves du cours Elementaire I, Moyen I et II.J'ai pu enseigner ma matière pendant deux ans et par faute de temps j'ai du laisser.Pendant mon passage à la radio Sainte-Croix et à l'Administration de l'Hopital Sainte-Croix, elle a été pour moi une force inépuisable à travers ses conseils . Elle était venue me visiter un jour juste pour me dire de continuer le travail que j'avais commencé.
La dernière fois que je lui ai parlée c'etait en Décembre. Elle me disait encore que ce pays a besoin de moi. Elle me parlait de l'Ecole Secondaire qu'elle a fondée, d'autres projets qu'elles avaient et je retenais cette phrase d'elle:" Si tu etais là tu serais un des meilleurs prof de cette école" j'ai du rester bouche-bée.
Je me souviens de ces deux journées de recollection à Villa Manrèse, de cette journee pédagogique avec Pere Racine.Sr Esta a été celle qui m'a appris que lorsqu'on a un travail à faire , on le fait bien et on le termine.Si la discipline fait partie de ma vie, je lui dois cet honneur.
Malgre d'énormes difficultées  qu'elle a rencontrées comme Directrice de l'ecole des Soeurs de leogane, elle était restée elle-même: simple et dynamique. Soeur  Esta nous a gratifié vingt ans de sa vie.Elle était de ce qui croyait qu'on peut realiser le maximum avec le peu qu'on a.Les Compagnes de Jésus ont perdu une soeur, un modèle, une force, une courageuse et je partage avec elles cette perte énorme. Il y a de ces personnes qu'on ne saurait remplacer.
O Soeur Esta , tu es partie sans nous dire un mot.Au nom de ma ville, de ma petite famille,au nom de toutes ses générations que tu as formées, merci pour ton travail collossal.  Tu avais tellement aimée cette ville , tu y as laissé ta peau. Je ne t'oublierai jamais. Que la terre te soit légère.

Friday, June 17, 2011

L'ironie

Un homme riche sentant qu'il va mourir appelle son ainé et lui dit : " Je vais te léguer toutes mes fortunes et je m'en fiche des trois autres. Ebahi, le fils lui dit c'est pas juste car je ne suis pas le seul de la famille et si j'accepte d'acquérir tous ces biens après ta mort, mes frères vont me tuer et la société me condamnera. Stupéfait de la réponse de son fils, le père lui dit: " Veux ou tu ne veux pas , tu auras tout après ma mort.

Quelques jours plus tard , le père est décédé. Après les funérailles, la famille s'est réunie pour savoir ce que le père a laissé à travers son testament. Etonnés , furieux les trois autres frères se sentent indignés de la décision paternelle et là même ils l'injurent et se sentent même trahi par leur frère ainé. Ce dernier ne dit mot et rentre chez lui. Un mois après, ils invitaient ces pairs chez lui mais ils refusaient tous . A force de les convaincre ils finirent par accepter.

Assis à sa table, il leur fait part de sa déception de la décision de son père et leur dit: " Entendons-nous, je vous laisse le choix de décider et vous pouvez m'attribuer ce que vous voulez." Et il sort.

Deux heures plus tard , il revient et retrouve ses frères sans vie car car chacun d'eux voulait avoir le plus gros des biens paternels; ils se tuaient l'un l'autre  car ils ne pouvaient pas s'entendre.. Après cette terrible constatation, l'ainé a fini par comprendre la raison qui avait poussé son père à prendre la decision de lui passer tous ses biens et il disait tout bàs : "Bouch granmoun santi e sak soti  ladann se verite. ". Dès lors il prit la décision de tout gérer .

Thursday, June 16, 2011

Ki sa pou yo fè ak ou Sannon?

Depi ou fet wap bwe let san redi, wap grandi yo voye-w lekol se boyo wal kole .Ou vinn granmoun se moun wap pale mal.Ou pa janm travay you jou nan vi w. Menm ak you fanm ou pa janm koze e pinga you mou pale de zafè bo devan ou.. Tout pasyion ou se radote, pale anpil, foure nen ou nan saa ki pa regade.Depi you moun abiye , li gen you kay ou you machinn se volo li volo, ou byen li nan dyab ou byen li nan de sis kole. Ou telman parese tout bet nan bwa pè w e depi yo we w ap vini yo kraze rak, chen menm se papale.Yo di jou ou te fet la lapli fè jounen an lap tonbe, kapab se sak fè ou konsaa.Lè yo di ou pou al legliz ou di saaa se bagay moun ki pa gen anyen pou yo fè, kou ou tande you kout tanbou rara ou kouri ouvè radyio ou e ou bali tout volim pou ou saa pa tande anyen.Manman ou di ou telman pa bon pandan nef mwa li pote ou a se vomi , se krache e papa w te oblije kite chanm nan bali. Anmweyy gade you ti nonm ou led , ou sot e ou manje anpil.Yo rakonte you istwa sou ou, yo di premye jou yo menen ou lekol ou fè tout jounen an wap kriye paske yo di ou di: Ki zafè lekol saa e si yo gade ou jiska jounen jodi a depi jan je w chire a ak jan bouch ou fann nan , tonè krazem ou te fout dil vre. Ti sè ou a di tout moun se nan you sèl bagay ou fo se nan ronfle, twa motè kamyon Mak paka kembe ronf ou.Se pa moun selman non ki gen pwoblem ak ou non, mo se pired. Nan denye anteman wale a , mo a telman fache lè yap foure-l nan tou a tout moun tande li di ki sa nonm saa vinn chache la.
Yo di ou visye tou wi, depi wal ka you moun toutan chodyè pa desann oupa chache wout lakay ou se sak fè ou te manke goumen ak Bermann paske li te mete you woch bouyi e ou menm ou te konn se mayi ki tap bouyi.

Ou wè li ou pa bon menm, sim te nan plas mwen ta al Sous Puant al benyen pandan twa jou e konsaa tout vye defo sal ou yo ta ale.Se kon saa pou yo ta rele ou vre : Sannon paske pa gen moun sou tè a ki sanble ak ou e you tout gen non

C'etait hier, il y a longtemps

Hier encore, je revois mon père très fier me conduire à l'école des Frères pour des lecons particulières avec Professeur Bayol qui nous inculquait les premières lettres de l'alphabet francais , nous apprenait à compter et à lire. Il est connu de tous et c'est pas la peine de parler de lui. Professeur Bayol, c'est un notable notoire. On peut lui reprocher de ce qu'on veut mais il reste et demeure un grand monsieur.A cette époque les rues étaient presque désertes , on dirait que la ville était inhabitée. Je me revois avec ma culotte grise et ma chemise blanche .Je revois mes ainés Camélien Brioché de regretté mémoire, Olmann Milord, Berman et son frère, Erick Rébecca, Jean Rony Cineus et son frère, Magnol Francois, Flou Saint Félix pour ne citer que ceux là.Je me revois en classe de premiére annéee avec un professeur de grand calibre que je n'oublierai jamais dans ma vie: Clermont Coimin.Il a continué à sa manière le travail combien noble que Professeur Bayol avait entamé en classe enfantine.Je me revois en rang deux par deux avec mes camarades de classe se diriger au Lycee de Leogane en classe de preparatoire II avec Professeur Antoine Pierre-Louis d'ailleurs mon parrain; à cette époque on construisait un nouveau batiment afin de remplacer celui qui était là depuis le gouvernement de Louis Borno. Le Directeur du Lycée à cette époque avait mis à la disposition de l'école cinq (5) salles et j'étais fier d'être parmi ceux dont leur classe y faisait parti.
Je me revois en Elémentaire I avec Professeur Emile Desrosiers qui était l'homme le plus redoutable, j'entendais mes ainés parler de lui bien avant .En Elémentaire II après le départ à l'étranger du Professeur Prosper Marcellus, actuel Directeur de cette école, ma promotion va faire connaissance avec un homme qui va nous gérer pendant un an et demi et qui va laisser son empreinte sur chacun de nous.Je le revois encore , je veux parler de Yonel Jean aka Maréchal.Avec l'arrivée de cette homme , tout a changé et sans lui je n'aurais pas terminé mes études à cette institution qu'est l'école des Frères de Léogane. Je suis fier d'être parmi ceux qui font parti de sa première promotion.Je revois encore Frère Julien Aubert qui dès le premier jour de classe avait mis corps et ame pour atteindre son objectif celui de faire réussir chacun aux Examens de certificat et de faire de chacun un homme solide dans la vie .Ce religieux de grand poitrail n'avait pas peur de personne, il était plus dur que le fer et certains de mes camarades disaient qu'il était raciste de la facon dont il nous traitait. Vingt sept ans plus tard, nous sommes tous convaincus qu'il agissait ainsi pour notre bien.
Je revois mon camarade de classe Daniel Cerant partir à fleur de l'age, on était en Moyen I.
Je me revois en pension à cette école avec Theo Pharel, Almiracle Saint-Fort.Je revois Madame Grégoire, la cuisiniére, c'était celle qui préparait à manger pour les Frères et pour nous autres pensionnaires.Elle avait ses dix doigts comme on le dit en creole.Je me revois avec Pharel "arranger le couvert" et ceci trois fois par jour.Nous avions appris à apaiser notre soif en catimini avec de la bière que Frère Seraphin préparait.
Je revois Frére Guénolé superviser la cantine du midi et qui disait aux grand aloufas devant l'Eternel comme moi: Doublez, doublez, doublez.
Je revois mes ainés, mes camarades venir de trés loin à bicyclette ou à pieds.Je revois Professeur Bayol faire la répétition des chants le vendredi pour la messe du Dimanche. Je revois cette longue ligne d'éléves habillés de couleurs bleu et blanc longer la Grand-Rue vers l'église Sainte-Rose.
Je revois Tonton Jean balayer la cour de l'école, je le vois parfois arriver avec des "frett seriz" por certains de nos professeurs.
Je revois mes camarades, mes ainés regarder leurs notes de semaines.Je revois mes camarades jouer au foot-ball.. Je revois aussi cette marchande de bougonnen, ces vendeurs de frescos et de patés.
Je revois ce batiment de deux étages aux couleurs crémes qui a vu grandir une pléide de générations. Je revois ce grand image du Sacré-Coeur planté au deuxième étage. Avec le seisme du 12 janvier, il ne nous reste rien de cette maison familiale, de cet édifice public.
Ce n'est pas un rêve, je n'ai pas à me réveiller, c'est de la réalité,c'était une partie de mon enfance. C'était hier et il y a longtemps.

Se konsa

Nan kek jou anko map gen karantan  e pafwa map poze tet mwen kesyion kilè mwen gen tout laj saa. Men jou ale jou vini mwen te piti, mwen grandi , mwen gen anpil zanmi konsa tou mwen gen anpil enmi bagay kelkeswa moun nan pa ta renmen genyen.Menm si mwen pa you neg ki renmen al legliz , nan vi mwen Bondye fè anpil bagay. Mwen remesye manman mwen ak papa-m ki fe anpil sakrifis poum te ka moun mwen ye jodi a.Nan lekol, nan travay, nan lari a , isit nan peyi etranje mwen rankontre anpil moun ki pa sanble e se nomal. Genyen ki zanmi -m, genyen ki eksplwate ou e genyen tou ki fè anpil tripotay sou ou. Bon jan nou konnen li an tout moun se moun men tout pa menm.Youn nan bagay moun toujou reproche mwen seke yo di mwen gen yo move karaktè, mwen pa renmen pale ak moun e mwen dwol. Chak moun gen fason pa yo e mwen santi-m mwen byen konsa e si pafwa mwen choke nan fason ke mwen , mwen konpote , mwen mande moun sa yo padon.
Fwa pase a mwen te ekri you not sou Facebook e mwen te retire-l rapid paske te gen you zanmi ki pat apresye not mwen e sete de vi mwen mwen tap pale. nan not saa mwen te di : gen de bagay ki rive you moun ou  pa konn pou ki saa se ou li rive e menm si ou kouri lap rive ou kan menm. Menm jan ak tout moun , vi-m make ak anpil bel eksperyans konsaa tou gen anpil move eksperyans ki make-m e mwen pap janm bliye yo jiskaske mwen mouri. Toutan wap viv lap toujou konsaa e se la vi menm ki konsa.Ou konn finn planifye you bagay byen pwop, lel rive pou-l reyalize you anpechman rive rapid rapid e pafwa si ou pa pran tet ou , ou ka fou ou anraje.
Pandan ke mwen di mwen pral gen karantan mwen aprann anpil de moun ki pi gran pase mwen, de moun ke mwen travay ak yo, mwen aprann anpil de elev mwen yo, mwen aprann anpil de manman-m ak papa-m , de fre-m ak sè mwen yo, de madanm mwen ak de timoun mwen yo, mwen aprann tou de moun ki pa zanmi-m, mwen aprann anpil de pwofese mwen yo, e anpil de sosyete a.You-n nan bagay mwen konprann byen lè ou ka ri , fete, banbile, danse se pou fèl, lè ou ka rete lakay ou, reflechi, panse li bon, lè ou ka kriye , se pou ou kriye . Gen de bagay kap pase w, gen de bagay ki rive -w se you kout anmwey pou ou fè pou ou santi ou alez. Lè ou kriye se pa lach ou lach, men se pouse wap pouse sa kap toufe ou a deyo, sak pa bon an deyo.
Pandan map viv mwen pa konnen konbyen moun ke mwen te konnen ki ale  e nou gen you egzanp vivan devan nou sak sot pase ayiti 12 janvye pase a: Anpil zanmi, paran ale nan mwen you minit.Nou oblije viv chak segond nou genyen pandan ke nap respekte tout moun nan fason ke yo . Youn nan fraz mwen renmen repete nan vi mwen se saa: Je me laisse aller par le courant de la vie.

Wednesday, June 15, 2011

Ti Sovè

Depi mwen tou piti mwen toujou tande granmoun mwen yo toujou ap di: tro prese pa fè pa fè jou louvri. Mwen te toujou konn ap di de ki saa yap pale eki saa pwoveb saa vle di , men pandan map grandi e lem finn granmoun map reyalize ki sa yo te vle di-m e pou ki sa yo tap pede dim saa.
Gen de moun depi yo nan vant manman yo yo koumanse pran baf e lè yo fet menm se pired  ekom moun kap viv you pa janm bouke batay ak lavi. Lot jou mwen rankontre ak Tizo ki rakonte-m you istwa e mwen jije li enpotan poum pataje istwa saa ak nou. Tizo dim li gen you matant li e se denye pitit manman li kite marye ak you neg , men neg saa de mwa apre maryaj te ansent matant li a. You maten san pesonn pa konn ki saa madanm li te gen ak li , li leve li kite kay la e li pa janm tounen e jouk jounen jodi a yo pa janm wel.Matant Tizo a sete Soimene e mari li ya te rele Antrave.
Misye pati kite kay la ak Soimene ansent de mwa  e nou konnen le moun yo fet ansent konsaa yo bay anpil pwoblem, Soimene te vini piti anpil paske li pat ka manje e menm dlo fret pat gen gou nan bouch li. Kom papa Soimene te la li te mande pou li ale lopital paske li pat ke rete gade pou jan li we bel pitit fi li a ap depafini. Le Soimene sot lopital e apre anpil egzamen dokte te dil li pwatrine tou ansent la. Yo te mandel poul ale Signo kote yo te aksepte li san grate tet . Tout moun te panse manzel tap mouri e menm timoun nan tap mouri tou. Apre bon jan laswenyajj Soimene refè e li tounen lakay li. Kek mwa apre li akouche you ti gason ke li rele Ti Sovè. Mezanmi depi ti Sovè fèt se mizè Soimene ap pase ak li , bagay maladi Sovè saa fè Soimene depanse tout saa li te possede e fok mwen di nou sete TiSovè selman Soimene te genyen e li pat vle pedi li. Li konnen ke nan ansent li pase mize e kounye a pwoblem li fek koumanse ak maladi pitit gason saa Bondye bali a.mezanmi la tout doktè li te ale pat janm gen anyen ki kafèt, gen anpil moun ki fel konnen si sete yo , yo tap lage pitit saa nan you bwat poubel ou byen kitel ket kote, li pat okipe yo . Li te toujou kwe pitit li a gen poul refè kan menm.gen moun ki dil poul al kay boko paske se lwa kap fe pitit la e menm gen you bon zanmi li ki dil se granmoun anfas la kap manje pitit sila .Li pa okipe okenn mounn selman sa ki mande-l pou al we tel ou tel doktè. Tizo dim ke dokte ke Soimene pa ale lakay li-a genlè poko fèt.
Lè Tisovè gen twazan , li paka mache, se lafyev chak jou e you tous ki pa janm rete , you maten Soimene pran dezisyion poul fe tankou se lopital lap mennen pitit gason li ya epi poul lagel you kote.Li pran machin lale Potoprens e nou konnen nan mchinn lan lot paseje yo ap gade li vreman dwol ak pitit li a ki pa bon menm. Le machinn nan rive K-fou devan lopital Senchal, Soimene desann e kom sete you vandredi te gen you jenn nan legliz sila , lide-l dil fè you rantre , li koute tet li epi se gade li gade li we li anndan legliz la. Nou konnen nan jenn moun yo priye anpil ,gen you moman ki rive fre kitap dirije jenn nan di tout moun ki gen pwoblem pase pou yo priye pou yo e manmzel pase devan an ak TiSovè. Le li pase devan an pou eta pitit la tout moun te konsantre yo pou yo priye pou Tisove, mezanmi anvan sevis la fini Soimene te kontan paske Tisovè te leve mache e tous li a te koupe sek.
Gen de moun tankou mwen ki pa kwè nan anyen se sa wi Tizo dim, men pitit gason-m genyen wi anba syel ble saa, si you moun pa kwe li pa kwe men pou sak kwe yo toujou gen you repons pou yo, pa janm prese ak lavi . Mwen dil kote Soimene ak Tizo ye kounye a, li dim se manman-m ki  te konnen yo, li gen kek tan li pa tande nouvel yo. Epi li fini poul dim li pap rete paske li gen you komisyion poul la-l fè e mwen dil la prepare you lot istwa pou mwen le-m kwaze ak li anko.

Dezod nan zafè renmen

Gen you mizik ke Tropicana gen nan repetwa li ki rele : " Renmen moun ki renmen w" se you mizik ki tre popile e nan mizik saa yo montre nou ak kek egzanp ou konn renmen ou moun e moun sila pa renmen w. Eske lanmou gen pati pri, eske lanmou ka vann nan tigodet, eske lanmou pedi tout vale li.
Lakay nou an Ayiti tout lajounen moun ap pale de lanmou e timoun yo depi yo rive nan segonde e gen kek ladan yo depi nan prime yap pale de lanmou. Se you kesyion de lanmou lanmou lanmou.Eske timoun saa yo prepare pou zefe saa ki rele lanmou a.Mwen konnen gen anpil timoun ki tonbe nan zafe lanmou saa ki mennen yo lwen e ki menm pedi lavi yo bone bone, li valab ni pou ti gason ni pou tifi e menm si denye kategori a peye saa anpil. Gen kek moun nou konnen ki renmen depi le you kwaze nan premye ane segonde yo e ki marye ki gen pitit e se bel bagay le ou marye ak you neg ou byen you fi ke ou te renmen depi diset ou dizwit tan.
An pale delot kategori a sa vle timoun ki renmen depi le yo gen treiz, katoz kinzan . Pi fo tifi ayiti ak ti gason renmen ak laj saaa, yo foure tet yo nan you bagay e yo pa konn enpotans li alewe pou konsekans li . Roro we Jozefinn yo chak gen treizan , li dil li renmen e manmzel san pwoblem reponn san li pa menm konnen sak rele lanmou,  pafwa paran pa menm konnen menm e si yo konnen sitou pou paran ti fi a yo bay anpil pwoblem , e tifi yo konn pran anpil baton lè konsaa.Jozefinn ki renmen ak Roro-a gen twa chans se ou byen renmen saa rete jiskaske yo marye , se ou byen renmen an rive nan wout li kraze e lot chans la, yo tonbe nan fè dezod e manzel ansent. Denye ka sa sil rive se gwo pwoblem , Jozefinn paka ale lekol anko, sosyete gade-l you lot jan tou e Roro sil vle e si paran li dako kapab pran responsabilite-l , e a katozan ou kenzan ki responsabilite. Mwen bay younn nan egzanp ki genyen e gen anpil anpil.Nou pap bliye pou nou di ke tifi yo konn ansent e sou konsey mennaj yo oubyen paran yal jete pitit saaa e pa bliye gen ladan yo ki konn rive pedi lavi yo.
Nan tout saa nou sot di la ou ka remake zafè renmen lakay nou li konpleks anpil.An nou tounen sou zafe renmen moun ki renmen ou an . Ki jan mwen konnen you moun renmen-m , ki jan mwen konnen you moun pa renmen-m?
Nan lanmou gen saa ki rele senserite, si patne mwen an pa sensè ak mwen , tout lajounen lap banm pwoblem , lap banm manti , eske mwen ka di moun saa renmen-m. Gen saa yo rele konfyans: toutan mwen tande anmore, anmorez yo ap di sim paka fe-w konfyans mwen paka ak ou , wi se vre sim louvri ke-m ba ou e ou pa fe-m konfyans plas mwen pa la.Lot gwo bagay ki gen nan lanmou se respè , o wi mezanmi respè a konte anpil: sim gen madanm mwen , mennaj mwen , boubout mwen mwen pa respekte-l , tout saa ki soti nan bouch mwen , mwen lage-l mmmm saa pa ladan-l. Konbyen foye ki kraze, konbyen moun ki damou poutet youn pa respekte lot saa bwè lwil? Denye pwen map touche nan pwoblem renmen lakay nou se pasyans : Simon renmen ak Maria depi senkan e yo damou anpil  e Simon pap travay , jou ap mache paran fi konn di oo sak gen la tann dat misye renmen e menm you moso bwa li poko depoze nan you kwen. Si fi a gen you zanmi-l ki marye li konn rive bay neg la anpil presyion poul marye . le konsaa foye a konn kraze tou paske yo pat gen ase pasyans pou ye fè wout sila.
Jan nou wel la zafe lanmou saa se pa you bagay ki fasil e you moun pa dwe foure tet li ladann tet anba. Pou timoun kap renmen bone yo nou panse fok paran yo ta konseye yo menm si li pap fasil . Pabliye mesyedam pa gen lanmou san senserite, san konfyans, san respè e san pasyans .

Saturday, June 11, 2011

Nostalji saaa red net

Mwen fek leve e lespri mwen se Ayiti cheri li ye , mwen pap bliye  di nou ke ko mwen rete sou kabann lan . Sa vle , mwen gen you nostalji kap boulvese mwen bone bone.
Le you moun pati al viv nan peyi etranje se pa you jwet non mezanmi paske  li pa fasil . Se you lot bagay net. Men anpil moun lakay nou panse ke peyi etranje se La terre promise par Dieu e menm si ou ta eksplike yo, yap di ou sou bloff.
Kom jodi a se samdi mwen sonje machann kap pase kap rele men bel seriz, men bel chadek, men zoranj pou vann, mwen sonje fi saa yo kap desann ak bel panye yo nan men yo ki pral achte e pa bliye lakay se fanm ki fe mache e mesye yo regle lot aktivite.Kom se samdi timoun yo pa al lekol le konsaa nan gwo lakou yo ti mesye yo ap jwe foutbol ou byen teke mab, tifi le yo finn bale , ranje kabann , yo jwe osle , yo sote kod; nou pab bliye gwo goumen ki konn fet tou.Mwen pap bliye gwo goumen saa kite fet ant Nikola ak kamelyen pou you zafe mab. Yo te fe you kout san mab e apre yo fin peyi Kamelien premye e Nikola dezyem: Kamelien lagem mab li ya bo wonnn lan e depi sou bit la Nikola teke-l sa ki pat fe Kamelyen two byen. Mezanmi pandan Nikola bese pou-l pran mab yo , li te pran yout pye anba ti vant nan men  Kamelien saa ou tande a batay e mab gaye e kom timoun mwen te pran menm dis, yo pat rete pou mwen paske anba kabann kay manman-m mwen tal kache apre de zoklo mwen te oblije remett yo. Mwen sonje tou le samdi se epok kite gen plis siveyans nan moulen kay Madan Kaleb paske timoun pa ale lekol e fok yo chache you bagay pou manje, le konsaa neg ap siveye kile jeran yo pran you poz al lakay yo pou nou pran kek bout kann le konsaaa si yo bare nou se Bondye pou ki sove-a pou ou pa pran kek kout kann.Le se epok mango , kelkeswa kote mango a ye , you bel kout woch ap lage li ate e nou pa bezwen konnen kote woch la ap tonbe paske se mango a nou bezwen.. Mwen sonje nou te konn keyi lam, kokoye ak woch tou. Le apre midi pral rive granmoun yo toujou fe you jan pou tout moun chache kot liv ye pou yo etidye, sa ki pat konn fe anpil nan nou kontan.Pa bo isit timoun nou yo rete anndan you kay pandan tout jounen , si yo al lekol ok e menm apre saa le yo tounen ou ta di se nan prizon yo ye paske pa gen lakou pou yo jwe . Sa ki fe timoun nan dezod pase sam pa konen .Depi pot ouve yo anvi sot deyo.

Ayiti se gwo peyi soley, peyi ki gen bel lanme, bel rivye pou fanm yo al fe lessiv jou samdi. Mwen sonje bel bouyon tet kabrit, bouyon fey. Mwen sonje benyen nan lanme, mwen sonje tou bel mayi boukannen, mayi bouyi. mwen sonje bel bouske neg konn oganize le samdi , chak moun sou bisiklet yo.
Ayiti cheri mwen pa kwe gen tankou ou, malgre wap depafini , malgre pitit ou yo ap fe ou pase mize,men ou toujou rete fanm mize-m , fanm delivrans mwen , fanm nostalji-m paske tout kote mwen ye, tout kotem pase ou toujou rete nan ke-m. Nan tout fanm mwen konnen ou se saa ki pi dous la.

Monday, June 6, 2011

Chalbare dèyè Digicel

Si Digicel fè you revolisyion an Ayiti nan zafè telefonn potab pou nou menm Ayisyen kap viv nan peyi etranje tankou Etazini se you maswife nap monte ak konpayi telefonn sila.
Digicel mete you kat  sou mache ameriken an pou ayisyen kap viv isit rele fanmi yo Ayiti e kat saa vann de (2) dola, lè ou finn rantre nimewo a yo di ou genyen 22 minit. Nan komansman li te bon men genyen kek tan la konpayi saa se volo lap volo kob moun selman .
Si wap rele ak you moun depi apel la koupe ou pedi kob ou a, sak pired la ou konn finn rantre kat la ou rantre nimewo a, telefonn moun ou rele a pa menm sonnen menm ou tande Good bye.
Sa rive plizyè fwa e mwen pat vle di anyen e kou saa mwen pran yè swa a anraje net. Yè swa mwen achte kat (4) kat paske mwen toujou rele paran ak kek zanmi Ayiti. Twa nan yo mwen nik antre nimewo a e menm A mwen pa tande moun Ayiti a di e sak pired la nan denye mwen nik di Allo mwen tande Goodbye. Kom prev mwen kembe nimewo pinn yo .
Jan Languichatte ta di , mezanmi aladesalmanaza. Pou you kompayi kom Digicel , sa fè wont e souple yo bay menm sevis saa pou Jamayik ak you kat de (2) dola tou e mwen pa kwè li konsaa.
Avèk pawol saa yo, map mande Digicel tanpri souple poul fikse pwoblem saa rapid rapid pou nou paske sil pa fè saa nap oblije rele sevis ki konsene-a isit pou rapote saa e denonse yo tou. Sak pired la yo mete you nimewo sou kat la pou si gen you pwoblem pou ou rele e bye mekredi denye mwen te bezwen rele you moun Ayiti pou manman mwen , mwen nik rantre kat la e se you Goodbye ki te dim bonjou, mwen te rele nimewo ki sou kat la , apre 15 minit kom pat gen moun ki te reponn mwen , mwen te oblije femen e mwen te pedi de (2) dola saa tou.
Nap fe Digicel konnen ke tout Ayisyen kap viv Etazini travay di anpil pou fè you grenn dola , tanpri mesye fikse pwoblem nan paske nou vole kob moun twop. Ooo konsaa menm , li pa bon mesyedam. Fikse pwoblem , tanpri fikse li.

Wednesday, June 1, 2011

Filiz, machann kassav ak pistach la

Chak maten depi gen lekol depi nevè fè bing, se bri saa mwen toujou tande: Pistach griye kassav alo fre, Pistach griye kassav alo fre.Sa se vwa Filiz, you ti madanm kout ki toujou pase a menm lè nan katye lakay. pou vann pistach ak kassav. Li pase bonè anvan li rive nan Lise-a pou-l sa vann pandan rekreyasyion.Jou nou pa tande bri a , konnen Filiz gen you pwoblem li pa desann.
Kom neg ki toujou ap chache e poze kesyion e ke Filiz te konnen mwen byen , you samdi maten pandan li tap pase mwen te aproche li poum poze li kek kesyion sou vi li epou m te achte tou.Li pat vle reponn mwen e li te dim , pratik ki te-m anrepo tande, se la vi-m map chache ak lavi timoun mwen yo.Mwen pat redi twop sou kod la paske mwen konnen se pa tout moun ki vle pale de vi sitou nan peyi nou.
You jedi pat gen lekol e Filiz pat konn saa , li te desann vinn vann men bagay la pat bon pou li paske elev yo te rete lakay yo paske se te konje.Pandan li tap pase mwen te rele poum te achte e se konsaa li te komanse banm koze.
Filiz di li se katryem pitit manman li e se li selman ki vivan paske tout lot yo te pi gran e yo mouri.Li di sa ak papa li , li leve e manman li te mouri le-l te gen twazan.Li kontinye poul di se youn nan pi gran mechanste papa-l fè-l li pat mete li lekol e papa li te gen mwayen pou sa.Lè-l gen setan papa-l te bal rete kay you moun Potoprens e moun saa te fè menm jan ak papa li e li pat mete li lekol e se kom you esklav li te reye tank yo te konn fèl travay tankou bourik.Lèl rive gen kinzan, youn nan pitit madanm kote li te rete fel konen lavi gason e ansent li.Lè li ansent you mete-l deyo e kom li pat gen lot chwa li te tounen lakay li nan zonn Tisalé.Papa-l pat bal bo lel tounen lakay e se gras ak you tonton li ki fè li te kemben anba gwoses saa.Li rele pitit saa Sauveur.Kom li pat gen posibilite apre akouchman li te oblije rantre nan lavi plase ak you neg nan zonn ki vinn bali you dezyem pitit ki se you fi ke misye pa rekonnet e pitit fi saa li rele li Denise. Lè li gade li wè li gen de pitit sou bra li e lavi-a ap bali move chaplet gen you zanmi li ki konseye achte pistach e griye yo poul al vann nan lakou leyogann. Li pa fè red li koumanse.Lè-l koumanse bagay la pat bon pou li paske nan komansman tout pistach yo boule e fok li te peye kote li te achte yo a.
Filiz kontinye pou-l di se komes saa ki voye pitit li lekol , bayo manje e peye bout kay kote lap viv la.Pi gran pitit li a nan retho e Denise tap fè katryem nan lise-a, men pa gen moun ki te konnen .Li kontinye pou-l di ke si you moun ou gen pitit ou pa voye li lekol , se kom si ou pa kanpe sou anyen. Apre koze saa li voup li leve lale ak bel chante li a: Pistach griye , kassav alo fre, Pistach griye , byen griye.
Mwen te vinn kite katye a e mal rete Potoprens pou kontinye zafè lekol pam.
Fwa dènyè-a pandan mwen tal wè manman mwen e se konsaa mwen wè you madanm kap pase fre tankou you zwa e mwen di manman -m saa sanble Filiz, li dim me wi se li. Lem rele li , li pat vle vini, e mwen dil se mwen menm youn nan kliyan ou yo. Li dim ooo apa se w, kouman ou ye ? epi pa kiryozite mwen mande-l kouman timoun yo ye , li dimm Sauveur te fini lekol e se Doktè li ye e ti fi li a marye li gen twa pitit li an Frans.Mwen dil machè feisitasyion, mèsi pou kouraj ou.Li pa rete lale.
Mezanmi gen anpil moun nou wè kap vann pistach, dlo, lapaben, kann kale, mango,fè lessiv, vann kiyè kanpe se pou ledikasyion pitit wi. Tanpri bayo tout respè yo merite.

Zafè Doudou-a

Li te rete nan menm lakou ak mwen e mwen te konnen li depi li te toupiti.Misye te telman dou yo te rele li Doudou.Li pat janm mele nan zafè moun e li te toujou poze tankou you ma kafe.
Yo menm rakonte you vye istwa sou misye , yo di Doudou te gen neuvan lè volo te pase e kase kay manman misye, tout moun tap domi e je li te klè, li te wè tout saa volo tap fè men li pat di anyen e jiskaske volo saa se te ale.Nan lekol sete menm bagay la, pwofesè li yo te toujou ap fè manman li ak papa li konpliman pou li.Lè Doudou vinn gen seizan lap fè twazyem segondè tout moun remake ke misye komanse chanje, pa bliye lakay nou se nan klass saa ou koumanse etidye literati e koumanse fè gwo refleksyion.Lè Doudou nan reyinion se poze bèl kesyion e se fè gwo komantè.Doudou tap fè filo lè te gen you manifestasyion kont gouvenman ki te an plas, oooo sete Doudou ki te an tet manifestasyion sila.Granmoun misye yo sitou manman li te koumanse enkyete pou jan yo wè misye chofé nan zafè politik paske lakay zafè politik saa touye twop moun.Yo menm di apre manifestasyion saaa yo te lage deyè misye pou yo arete li, sete telman vre Doudou pat janm konn al lekol la apre sa ak inifom.
Apre bakalorea, Doudou enskri nan syans imen kote lal etidye jounalis, bagay ke ni papa, ni manman misye pat vle tande. Mwen te konn tande manman misye kap di li regret saa pou pitit gason li an paske yap touye li bonè. Misye pot ko fini lekol saa li te koumanse ak you emisyion nan : Radyo Nou, you emisyion kote li ap denonse saa majistra vill la ap fè.Aprè twa emisyion , ooo emisyion saa pran you ekstansyion ki twop menm pou met Radyio a.You maten , Doudou tap rantre Potoprens e pandan li tap ret tann machinn you ekip neg ak gwo zam debake sou li. Li sove de jistes paske Depite vill la ki te kondisip li tap pase e kouri deyè bandi saa yo. Bagay saa bay papa misye you dyare ki menen li anba tè. Malgre saa majistra-a jire si misye pa rete , lap manje li kan menm.Mwen menm kom zanmi misye mwen te konseye li poul kite peyi a li pat aksepte e li te dim ke se you misyion li gen poul akonpli.Bagay lanmo papa misye a fè preske tout moun nan fanmi a te gen pwoblem ak misye.

Apre misye te finn antere papa-l, emisyion an te pran you lot dimansyion pandan li tap kritike non selman sa majistra-a tap fè, men tou sa pouvwa anplas la tap fè tou.
Lè eleksyion ap rive, misye anonse ke pou li pote chanjman nan vil la li kandida pou majistra . Majistra sotan di misye se kandida ameriken. Pandan misye al fè kanpay nan zonn Lafon kite zonn magistra sotan , yo koken pete e mezanmi yo manje Doudou tet nwè ak tout cheve nan tèt li.Lè manman Doudou aprann nouvèl la li pèdi tèt li.
Men kouman Doudou pèdi lavi li e men kijan li kraze , elimine you fanmi.Devan simityè leyogann nan, gen you madanm kout ki toujou tou de nwa se manman Doudou li toujou ap rele :Doudou kote ou ye.

Frè Sonson

Li rete nan zon Gwayav e se you neg depi li piti moun lakay li ak moun nan zon nan renmen anpil.Mwen vle pale de frè Sonson.
Frè Sonson se neg ki pi bwodè nan zonn nan e lè-l pral legliz lè dimanch pap gen moun anndan legliz la ki bwodè pase li.Gen moun ki konn ap di misye genlè se pa legliz li ale men se wè la-l fè yo wè li gen bèl pantalon, bèl chemiz, bèl kol ak bèl soulye.You jou Pastè legliz la ki se Pastè Giyom te mande-l pou-l priye pou asanble-a , mezanmi frè Sonson ki pat konn pale franse al fè you priyè nan lang saa, anmwey legliz la kraze tann fidèl yo te ri.Pastè Giyom pat kontan ditou de kompotman fidèl li yo.Frè Sonson te telman wont li manke kite legliz paske li te fè you mwa yo pa we-l li.Pastè te oblije fè devwa li pou-l al mande frè Sonson pou-l tounen men you bagay ki pat fasil. Frè Sonson se neg ki te kwè nan tèt li anpil , menm lè li te fè you bout klass katryem segondè li te panse se filozof li ye jan nou menm ayisyen nou renmen di-l la.Kom li pot ko gen madanm e li tap file Sè Jezila kite nan menm legliz ak li, Sè-a te refize bay Frè saa kè li . Pou Sè Jezila sal te panse de mouche se pat saa.Tout sa frè Sonson te di masè li pat aksepte.Lè Frè Sonson gade li wè li paka renmen ak fi saa li al andeyo lal eksplike papa-l sak rive -a. Papa-l te konseye misye pou-l al wè you boko pou rezoud pwoblem saa,you konsey ke misye pat menm bay valè.Tout moun te vinn wè ke frè Sonson ap bese, yo te konnen se malad li te malad men se te maldi damou ki tap touye monfrè.
Jou ale jou vini e kaka je pa linet.Frè Sonson kwaze ak you zanmi danfans li ki ap travay kom you gwo avoka nan lakou Potoprens e lè frè Sonson eskplike misye koze kite rive-l la , misye di Frè Sonson li menm li tap konseye li tounen lekol,mete tout ogey de kote al lekol e li pa janm konnen rev li ka reyalize you jou.Apre you pakèt refleksyion Frè Sonson tounen lekol , komansman an pat fasil pou li paske li te gen anpil tan li pat louvri you liv.Pandan tan ap pase se Jezila gentan jwen you lot frè legliz la ki te renmen li, yo plake e yo marye. Jou maryajj saa Frè Sonson kriye tankou timoun piti e menm envite yo te envite li, li pat met pwent pye li.
A trantdezan Frè Sonson fini ak koze lekol saa e li bay tet li misyion pou-l vini Pastè menm jan ak pastè Giyom.Misye te bay tet li misyion saa se paske li te toujou renmen Sè Jezila ki gentan marye e ki gen you pitit. Li te toujou gen nan kè li fok li gen fanm saa kan menm.Lè Frè Sonson ap odone Pastè la-l kay Se Jezila pou-l envite nan seremoni a, Sè a te vle ale men mari-l pat aksepte. Frè Sonson pat pote li byen ditou nan seremoni saa paske Sè a pat vini.

Kom Frè Sonson pat ka jwen legliz li te aksepte asiste Pastè Giyom. You dimanch aprè midi apre you reyinyon, pastè Sonson di Sè Jezila pou ret tann li li gen you bagay pou-l di-l e se espre li te fè paske mari Sè Jezila a pat avè li.Nan ti koze saa, frè Sonson di-l li toujou renmen li e li pa gen pwoblem menm si li gen you pitit , lap pran-l konsa. Sè Jezila pat konprann bagay saaa e Frè a te di-l lap tann repons li.Kom frè-a te anmerde-l anpil e li te wè malgre sak pase -a Sonson toujou renmen li , li te oblije kraze premye maryaj li te fè-a.Pastè Guiyom flanke tou de deyo nan legliz li a.
Jou Sonson ak Jezila tap marye a, tout moun nan zonn nan te fè deplasman, yo te al marye nan legliz kay Pastè Kleman paske li pat gen pwoblem ak de moun saa yo.Nan seremmoni an pandan pastè Kleman ap di Sonson eske li vle pran Jezila pou madanm li pou toutan gentan, ansyen mari Jezila a rantre nan legliz la li fizye ni madanm, ni mouche, ni pastè e touye tet li e tout moun kouri.Trajedi saa kite you chagren nan zonn nan pandan plizye ane e se matant Nanprenfanm kite kase banm moso.

Istwa Timari

Ti Mari se pitit boss Jozafa ak Komè Nanprenfanm. Fanm saa pouse-l atè you samdi maten pandan tout moun ta pral nan mache. Jou saa dlo a sove e kannari a kraze. Sa vle di li pa konnn gou let manman ditou e se boss Jozafa ki gen gwosè responsabilite saa. Kom gwo chapantye, li te gen pwoblem pandan dezan pou te al travay poul te ka pran swen pitit fi saa ke bel madanm li a te met sou te-a.Kom yo di pitit fi se pitit gason , Boss Jozafa te mete sentiron linan tay li, gonfle ponyèt li poul bay Timari bon jan laswenyayy.
Bon non Timari se Marie Justine Jean e sete grann li bo manman kite bal non TiMari a.Apre dezan boss Jozafa reyalize ke Timari finn mache, li wè fok li rekomanse reprann aktivite chapant li a. Se konsa li rankontre ak Gislaine you fanm ki pat pot pantalet li pou bel twal paske li te gentan pase de mari deja.Nan koze ak li, Boss Jozafa eksplike li ke se you sel pitit fi li genyen ki dezye li e li ta renmen gen you fi kap alafwa you bon madanm pou li e you bon manman pou pitit fi li a.Nan de tan twa mouvman Gislaine te vinn pyes metress kay la e menm si moun nan katye a pat dako ak chwa saa ke boss la te fè.Tout moun komanseremake ke Timari te kontan paske li te gen you fanm bo kote li ki te fel pran gou la vi, you fanm ke li rele manman e boss la tou kom papa li te kontan jan madanm li ap jere kay la .
You vandredi maten pandan ke boss Jozafa al travay , se kouri yo te kouri al chache li paske Gislaine fè you sel endispozisyion li mouri tet nwè, you bagay ke boss pat rive konprann jiskaske li antre anba tè. Boss te rive pran desizyion poul pa pran fanm nan kay anko selman fè ti pachat deyo.
Kom Ti Mari te gen laj pou-l al lekol boss mete-l nan lekol nan zonn lan e se konsa ti mari pral leve ak you gason ki alafwa papa ak manman li.Boss Jozafa te fè tout sal konnen pou pitit fi li a soti yo gro moun nan lavi a. Li pat konn li men li te chache moun ki konnen nan zonn pou bay pitit fi li a lesson apre lekol. Le Timari desann setifika boss te kontan paske se Timari kite lorea nan zonn bo lakay li a.
Lè Timari rive ap fè twazyem boss Jozafa al domi you jou swa li pa leve. Kom TiMari te gen lespri apre antèman li te vle al rete kay grannn li men granmoun temere saa pat aksepte e pat gen moun nan fanmi a kite vle resevwa l lakay yo. Men Timari ki gen sezan nan you kay pou kont li san manman , san papa e san fanmi. li te oblije kite lekol pou-l al travay kay gwo moun lavil.
Lel gen dizwit an li rankontre ak you mouche ki rele Claude kite gen trantan an plis li. Kom li te gen tout pwoblem ak lavi li, li te oblije aksepte ak mesye ki bal you pitit , ki fel paka domi, ki fel ap grate tout jounen, ki fel gen you dyare san rete ke yo rele Sida.
Mezanmi Timari la li poko mouri. Si wap desann sou wout lakay la , sou men dwat ou wap we you fi ki depafini tankou you grenn mango fil , ou met salye li, si ou gen kob ou met bali, eben se Timari, you jenn fanm depi li fet lap pran kout fret nan men lavi e jou li konte paske koze sida pa gen tretman.Chak lè mwen pase mwen wel mwen toujou di:Konbyen Timari genyen nan peyi-m.

Tuesday, May 31, 2011

Anmè pirèd pase fyèl

Se disetan mwen te genyen le mwen te kwaze ak ou premye fwa, jou saa kom timoun ou te fe loloj mwen pati tankou you bato lam lanme al lage you kote lwen apre you gwo van. Mwen sonje sa jouk jounen jodi a , se nan twazyem segonde mwen teye e ou menm ou te gen kinzan ou te nan senkyem.Sete nan mwa doktob e lekol te fet louvri, ou pat fe sizyem nan lekol saa men paran te fe ou kite lekol kote ou te ye a pou vinn nan lise-a.
Jou maten saa mwen te we-w la mwen te di nan ke mwen saaa se you tizanj ki fet tonbe  e ki soti nan syel.Mwen te telman timid li pat fasil poum te abode-w.Mwen sonje sete nan mwa novanm pandan yo bay rekreyasyion pandan mwen tal achte you ti pistach e se pandan tan saa tou ou te vinn achte, je-m te tonbe nan je -w e mwen te di ou you ti bonjou e ou pat menm okipe-m ak bonjou sila.Lem te we -w de lwen mwen te di ou ou pi bel, men se jou saa vre belte ou-a te paret tout bon paske ou te anfas mwen . Nou pral komanse pale sete you jou vandredi elev yo tap fe manifestasyion epi lame te komanse tire deyo-a , tout moun tap kouri e mwen ak ou te kouri nan menm direksyion , malgre mwen te pè pou-m pa mouri ak vye grenn bal mawon , mwen te kontan wè nou kache anndan menm klass saa, ou tap tranble e mwen sonje saa tou, mwen te di ou pa pe yo pap fe nou anyen. Nou te pase dezed tan menm kote anvan mesye leta yo te deside fe nou rantre lakay nou. Se le nap soti mwen mande w non ou, ou dim ou rele Margalie.
Mwen te fou pou ou e tout saa mwen te di ou , ou pat janm aksepte-m, mwen te deklame tout bel powem ki nan mond lan pou, tout bel ve ki nan Le Cid, Andromarque, Cinna ou te di non. Ou te telman nan ke-m , mwen te menm arrive pa fe moyenn mwen pou dezyem trimes e mwen pat janm di ou ke manmnm te ban mwen you vole baton pou sa.
Le-m rive nan segond  e ou menm ou te nan katriyem , ou te dim sispann anmerde-w paske ou gen mennaj, mwen pat pran ou o serye paske mwen te panse sete jwet e you lè nan you match fooutbol nan Pak Gerard Christophe ant lise ak kolej Surin Eveillard ou te affiche ou ak mennaj saa ki pat lot moun you kouzen mwen. Mwen pat rete tann match sa fini paske tet mwen te fem mal, mal pou-l menm eklate.Patrick se vye kouzen mwen bo manman, men paran li yo te alez lontan ke manmanm ak papa-m kap bat dlo pou fe bè e li pat genyen sou sel mennaj selman . Bagay sa te fem pa vle we Patrick e menm lakay yo mwen pat janm ale .
Kwak Margalie te ak kouzen mwen , mwen te konnen mwen te toujou renmen li, mwen te toujou damou e mwen te toujou ap mande kile pou bagay saa kraze ant li ak vye kouzen mwen an.Malgre li te konnen misye chaje ak lot ti boubout li te kole pired nan well li.Mwen vinn pran rezolisyion poum kite manmzel anrepo le-m rantre nan klas filozofi paske mwen we se tanm mwen tap pedi ak you moun ke mwen renmen e ki pa renmenm. Mwen te vinn rankontre ak Anabelle lem rantre Potoprens nan fakilte , li pa bel fanm menm jan ak zot  men li renmen-m anpil , li pat fem soufri , li pat umilye jan zot te fel la.Nou fe senkan renmen e nou gen kat timoun kounye a. Mwen tap bliye di nou ke Margalie te manke mouri paske jou lap marye a,  nan legliz sent kwa le pe -a a di si gen you moun ki konn you bagay pou anpeche maryaj la fet genyen you fanm anraje pase sam pa konnen ki rantre legliz la ak de timoun e li di se pitit Patrick. Margalie  endispoze , paran li yo move e mwen menm nou konnen jiskote mwen ye a you moun relem li kase-m ti moso. Margalie pedi vwa li , li paka pale e avanye mwen te di fok mwen pase well paske malgre mwen marye se you fanm mwen pa janm bliye , mwen toujou renmen-l. Kom li pat we-m lontan , le-m rive li we-m li di ooooo, li tonbe fas anba e li mouri. Sa te fem mal Margalie mouri bel moun saa, bel fanm saaa.Mwen fout regret ou Margalie, ou pat renmen-m e kem sete ou menm li te vle. Mezanmi mizik lan di renmen moun ki renmen w, men Margalie pat janm renmen mwen .
 Bagay saa kite you gou anmè nan bouch mwen kipired ke fyel e pa gen oken medikaman ou byen siret ki ka retire-l toutan map viv. Mmmmmmm.

Saturday, May 28, 2011

Pa gen jwèt nan lanmou mezanmi

Nan vill Letwa , listwa rakonte te gen you fanmi kite rich anpil e fanmi saa sete fanmi Labbé. Mouche ak madan Labbé te genyen twa pitit fi: Michelle, Ritha ak Letude.Mwen konn tande manman-m ap di sete twa bel pitit fi ke moun saa yo te genyen.Fanmi saa moun nan zon nan te respekte yo anpil paske yo te gen anpil kob e anyen pat vle di anyen pou yo. Gen moun ki te menm panse ke Mouche Labbé sete gwo dyab, pa bay tet nou pwoblem pou saa paske lakay se konsa sa ye depi ou gen kob yo ba ou tout non pote.
Twa pitit fi Labbe yo te fè primè nan lekol kay sè. Men de pi gran yo te gen chans al fè res etid yo nan lakou potoprens e jan papa-m ta di nan gwo lekol,lekol ki gen gwo non , men ou konnen yo pat sot ditou.Lè yo finn fè etud yo , manman yo ak papa yo voye yo pati nan peyi etranje.Lafanmi Labbe te vinn gen you sel pitit ak yo sete Letude kite denye pitit. Nou konnen yo toujou ap di saa denye pitit toujou dolote. Yo te telman dolote Letude apre setifika yo pa voye-l Potoprens , yo fel enskri nan lise-a. madan Labbé toujou di Letude se de grenn je nan tet li, lot de yo pala yo nan peyi etranje saa se pa li. Chak maten ou ka we Madan Labbe kap akonpaye Letud pou-l al lekol e lè lekol lage li toujou fè menm bagay la.
Lè Letude vinn ap fè katryem li kwaze ak Jean -Robert ki se pitit Manzè Roze, moun nan zonn Korosol, moun zafè pa bon, moun kap kole pyese , moun kap chache lavi.Listwa menm rakonte ke Rose pran Jean -Robert nan chowet li, e jan Robert pa konn papa li.Menm si saa Rose te vle pitit li a tounen kichoy nan vil li.
Lè Letude rankontre ak Jean Robert sete byen yo te byen , ti zanmi lekol.Men amitye saa vinn telman donnen fè Letud vinn damou Jean-Robert, you bagay ke misye pat gen laj pou-l te konprann.Jean Robert te pè anpil paske li konn ap mande tet li eske se reve lap reve kouman fè ke Letude renmen li, li konn pase plizyè jou, menm pale li pa sou pale ak e lè konsaa se touye li touye madmwazel Letude.You bel timoun tankou Letude s epa renmen li pat renmen li non, men li te pè.
Lè yo ap fè segond aprè you kou literati sou zafè lanmou Rodrigue ak Chimen , Jean-Robert pandan rekreasyion te pouse lodas li deyo poul mande Letude pou ki saa li renmen li, avek anpil timidite Letude dil ke se mouri lap mouri pou li e anyen paka fel pa renmen li.E sela Jean Robert vinn wè ke se bagay tout bon.
You apre midi pandan Letude sot lekol Mouche ak Madan labbe tap tann li sou galeri ak you manman mari ki file pase zegwi, li pat konprann pou ki saa yo te gen fret saa nan men yo paske li pat janm konn pran kou.Premye saa madan Labbe te dil se:Eske se se mennaj li voye-l al fè nan lekol la e kom li pat ka reponnn li te pran anpil bwa nan men ni manman ni papa.Madan Labbe te dil li ta chache you lot moun men se pasa li tande-a e you te menm dil sil pa kanpe koze renmen saa yap depote li.Letude pat wè li pat tande bali Jean Robert e li te toujou di manman-l ak papa li genlè pa konnen si lanmou pi fo ke tout bagay.Mouche ak madan Labbé to konn bagay saa paske bagay saa te pran tout lise a pou li e nou konnen pawol pale e you pwofese kite byen ak yo te kase moso bayo na pawol saa.
Lè pou Letude fè filo se Potoprens yo te fè li ale, men li te toujou pran ti randevou li ak Jean-Robert. Bagay la ap manje Madan Labbé tankou you kansè, menm non Jean Robert li pa vle tande.You jou pandan Letude sot lekol bonn nan dil ke li tande manman-l ki di li lap fe tout sal konnen pou li touye Jean Robert. Sa li te fè li te chache jwen misye poul dil saa.
Yo pot ko tan yo bayy rezilta bak yo fè Letude pati men saa pat solisyion an. Aprè dezan nouvel la tonbe, Letude ansent lot bo a e li marye ak Jean -Robert. Wap poze-m kesyion pou ou mande kouman Jean Robert fè rive la. Anben anvan Letud pati li al nan fon malet la papa li , li pran lajan li voye bay Jean Robert, li dil degaje-l vinn jwenn li.Sezisman bagay saa touye ni mouche ni madan Labbé tet nwè. sa mwen pa renmen kay demoun sa yo , yo pa janm met prent pye yo ayiti e yo di yo fe kat pitit, fi selman.

Asefi

 Asefi te gen twazan edmi lè manman li menen li lavil poul al rete kay madan Andre.Kom manman  Asefi te gen kat pitit fi e li pat ka pran swen yo e ke papa yo te mouri li te oblije ap chache moun, gwo moun lavil poul bay yo jan manman-m ta di.Pa gen moun Leyogan ki pa konn madan Andre : se you gwo madanm li lajè you bèf e li gen pi gwo komes nan vill la e kom li pat ka fè pitit malgre ke li te apante tout pye sen, tout gangan , tout kafou, pat gen anyen ki te ka fè madanm saa fè pitit.Lèl te resi kwaze ak manman Asefi ki te dil lap mennen timoun saa bali, li pat ka ret tann.


Manman Asefi te konnen ke madanm lan sete you timoun ke li te bezwen ret ak li, men se pat saa.Jou maten saa lè manman rive ak Asefi li te remet madan Andre batistè a tou.Madan Andre te pase you kondisyon ak madanm saa poul dil ke li pa gen dwa sou piti saa anko , se kom si se kado li fel kado pitit saa.Kom manman Asefi bat gen mwayen li te oblije aksepte vye kondisyion saa e madan Andre te di manman tou pou-l pa pale pawol sila.


De jou apre madan Andre finn jwen Asefi, lale kay Ofisye Eta sivil kite pi pre a li peye you lajan e li  chanje non Asefi, li rele li Germaine paske li te trouve non Asefi te tro koryas.Nan batistè sila li se manman e mari li se papa, nou konn bagay yo.Mezanmi Madan Andre vinn gen you lot okipasyion apre boutik li ya se Germaine.Se bere madanm saa ap bere Germaine , e Germaine li menm kom timoun chanje plimay tou. Lè Germaine gen vinn gen katran li mete-l li nan pi gwo Kindergaten kite gen nan vil la, men anpil moun tap poze tet yo kesyion ki bo madan Andre jwenn bel pitit saa.Se konsa Germaine ap grandi, le-l fini kindergarten , madan Andre mete-l lekol kay Sè nan vill la  e lè Madan Andre remake ke Germaine ap grandi, li dil li pavle li gen zanmi.Apre setifika , li voye Germaine al lekol Potoprens.Fanmi Madan Andre yo pat vle we  Germaine, paske yo di si madanm saa mouri tout bagay yo ap rete pou Germaine. Jou ale jou vini e komm granmoun toujou di ou paka kache verite, lè Germaine rive na Filo li kwaze ak you ti jennjan potoprens kap kase bwa nan zorey li . Men Germaine pat two sou saa non e you jou ti gason saa te envite manmzel nan sinema e yo tap  pale de fanmi yo. Ti gason saa te di Germaine ke manman li ak papa li se moun 13e seksyion Leyogan men yo te fel Potoprens e Germaine te dil li se Pitit Madan Andre gro komesan vill Yogann .Yo te kontan fe konesans saa. Men Germaine pat vle reponn jenjann saa ki tap kase ti bwa nan zorey.


Lè ti jennjan saa rive lakay li eksplike manman li  ke li kwaze ak you bel tifi ki rele Germaine e li dil ke li se moun Leyogan e ke tipitit saa se pitit madan Andre , kwo komesan e li mande manman li eske li rekonet li. Se lè saa manman-l ap dil pran prekosyion paske Germaine pa pitit Madan Andre , se pitit you sel bo kot papa li ye e bon non li se Asefi , bagay saa manke touye ti gason ak sezisman.Kom misye pat ka kembe pawol la , lel kwaze ak Germaine li dil saa e Germaine pat vle kwe tou. Lè Germaine rive Leyogann li te poze madan Andre kesyion an ki pat reponn e ki te degaje-l voye manmzel pati nan peyi laba komm repons.Germaine pati e madan Andre dil poul pa janm tounen ayiti. Mezanmi le madan Andre mouri, Germaine antre vinn antere e se le saa fanmi madan Andre yo ap dil ke li pa pitit madanm lan. Komm tout byen yo te sou non li , li te remet yo bay fanmi madanm lan e apre li chache konn manman li e pati laba ak li.Li te di you bagay ki te atire atansyion mwen : Yo met pran tout bagay , komm mwen gen konesans ma travay pou-m gen pa-m.

Madan Luberus

Mwen sonje lem te toupiti, pitipiti ti katkat granmoun yo chak swa te toujou konn rakonte istwa, bel istwa e istwa ki pa ret ak istwa. Men gen you istwa ke mwen pa janm bliye e map tann timoun mwen yo grandi poum kase moso bayo ladan-l.
Na lakou plètil nan zonn bodmè te gen anpil fanmi ki te rete la, ou te jwen fanmi rich, fanmi pov e moun ki pat kanpe sou anyen tou, moun ki tap bat dlo pou fè bè.Men te toujou gen yo polemik nan zafe moun ki gen plis bagay lakay yo, moun ki gen pi bel salon, pi bel kabann e polemik la te rive lwen na zafè moun ki gen pi bèl fanm tou, saa sete tet chaje.Te gen you neg ki rele Mario, jenn gason, bel ti gason ki te gen madanm li, yo te gen de pitit men move lavi te fè mario pa sanble ak laj li. Men misye te toujou fè efo sil ap soti oubyen sil ap mete you rad pou yo toujou pwop.You lot kote te gen Mouche Liberus ki marye ak madanm li tou, you bel fanm , jansiv violette, bon bagay ki gen kob, li gen plizyè Pejo kap fè Potoprens, sete you neg zafè bon jan grann mwen ta di, men lite gen you lot pwoblem madanm li pat ka fè pitit e pwoblem lan se ka mouche ali te ye. Misye Liberus pa konn abiye li soti jan-l vle, jan blan an ta di a li pa care.Bagay paka fè pitit saa te bay Madan Liberus anpil pwoblem.
You jou Mario ta pral Potoprens poul al wè you zanmi e se konsa lale poul monte youn nan Pejo Mouche Liberus yo e lel gade li we you moun kap fel siyy poul vinn chita devan e se lè saaa li wè se madan Liberus, misye te menm tou pè paske li di gran neg rete gran neg e pov rete pov .Pandan voyaj la madanm lan mande-l sal pral regle potoprens e misye dil li pral wè you zanmi kite pwomet li you ti kob pou lekol timoun li yo.Madanm ajoute poul di misye li sanble timid paske li pa janm di moun bonjou, you bagay misye bat bay repons.Lè machinn nan rive nan Ri makajou, tout moun desann e kom misye te devan li rale kob poul peye chofè-a madanm lan dil non .Lel ap desann li tande madanm lan ki di chofè a , map desann la tou ou pa bezwen al depoze mwen .Kom li te gentan desann poul al nan wout li madanm lan dil tann li.Nan wout la madanm lan dil ann al avem pito, you lot lè wa al kay zanmi ou an, misye di non e madanm lan dil : oooo ki enteressant ou gen la, map ba w kob lekol timoun yo e si ou vle map tou ba w kob pou ou achte inifom.Ou bagay ki fè misye fè you ti souri.Madanm nan di misye , se pa tann dat non map tann okazyion saa, misye di ki okazyion e li dil ooo ou se youn nan moun nan katye ki toujou fre e sanm ale ak ou, selman pa fem wont , pa pale pawol mwen .Se konsa Mario vinn tonbe nan you relasyion ak madan Luberus. Nan randevou sou randevou, bel lanmou tonbe, madanm lan tonbe ansent , you bagay li tap chache anlè epi bagay la te nan katye a tou prè li.Tout sa Mario te bezwen li te jwen li, men pat gen you moun ki konnen .Lè pitit fet sete you ti fi kite sanble ak manman li tet koupe , gwo fet fet nan kay la e Luberus te rele pitit fi saa: Martine.
Kom Luberus te pi granmoun ke madanm lan e li te gen yen you suk kap finn ak li , you maten misye mouri. Se apré lanmo saa tout moun pral dekouvri ke se Mario kite papa pitit la paske twa mwa apre yo finn antere misye Luberus, madanm lan kite katye lal rete Potoprens e Mario kite Madanm pal poul al marye ak madan Luberus ki kounye a Madan Mario. Kom Mario te toujou pran swen ti moun li yo manman pitit li a te tou rete konsaa jiskaske li menm tou li te mouri. Youn nan bon zanmi madan Liberus, manke mouri ak you sezisman apre bagay saa paske li di li menm tou li te renmen Mario, li konn pale de saa ak manmzel, e li te ka touye-l tou.

Friday, May 27, 2011

Pabliye, chen you grenn je-a

Nan katye lakay te gen you chen ki rele Pabliye. Chen sila pat kon-n nan jwet ni ak volè, ni etranje kap pase ou vini nan zonn nan. Chen saa se pou Komè Tiyaya, men pou sèvis li rann nou li vinn pou tout moun.Daprè sa mèt bet saa rakonte sete you lè li te sot nan mache e Pablie kite tou piti te suiv li rive jisk lakay li. Li te pè kenbe-l men sou konsey mari li ak pitit gason li, li te adopte tichen saaa e li bali komm non Pabliye.
Pabliye konn tout moun nan katye a soti nan timoun pou rive nan granmoun. Depi you moun nan zonn nan pral mouri nou  toujou sispek saa nan jan Pabliye ap jape lavey ou byen jou moun nan ap kase kod la.Gen moun nan zonn lan ki di Pabliye pa you chen se you dyab, gen lot ki di menm si ou bali pwazon li pap pran e pa sezi non machinn frape li plizyè fwa li pa genyen anyen.
You maten tout moun te leve e yo pat wè Pabliye, yo te chache li tankou eping titet yo pat rive jwenn li, yo te bouske tout kote, nan tout kwen e menm ale nan tout zonn kite pi pre yo, yo pat ka jwenn li. Tristès te anvayi tout moun nan zonn lan. Apre twa jou Tonton Sylvain te jwenn Pabliye anba you jaden kann ak you je-l pete e li te tankou you bet yo te bat anpil. Tout moun tap poze kesyion pou yo konnen ki yes ki fe zak saaa sou chen saa yo renmen anpil la. Tout katye a te mobilize pou bay Pabliye tout swen ke ka li a te merite , men je a te pete net. Lè Pabliye finn refè e malgre li te gen you zye,  li te paret pi move , pi entelijan, bagay moun pat ka konprann.
Nou konnen preske chak katye gen you vye malfektè, e saa kite nan zonn mwen an te rele tiAndre, nou te ajoute pye sal deyè non saaa.You jou li te soti Potoprens , e se premye fwa mwen te wè misye fre konsa, e pandan li tap rantre lakay li mezanmi Pabliye te vare sou li e sa nou tande a, bet saa te dechire tout rad ki sou misye , model nan tout kol e menm te vle pete tou de zye-l ak kout dan, se gras ak kek moun ki fé Pabliye pat fini ak li. Nou te panse ke Pabliye te vinn you chen anraje. TiAndre pye sal te telman mal , yo te kouri lopital ak li poul pat mouri. Pandan misye kouche sou kabann lopital li te temwaye ke se li menm ki te kenbe Pabliye you jou swa mare li , pete je li  sa ki pat fasil paske li te bezwen je poul te regle you koze pou you moun. Menm si tout moun te konnen misye malfektè yo pat panse sil ta fe Pabliye travay saa e menm madanm li ak pitit li te wont yo te kite katye-a anvan misye refè.
Si ou rive nan katye lakay ou wè you chen koulè jonn e nwa , you je pete konn se Pabliye, fè anpil atansyon ak li . Pabliye pa you moun men pou konesans li , pou jan memwa li fidel li pa tout kretyen vivan. Chak lè mwen sonje istwa sila mwen sonje gran papam ki te toujou konn di nou pinga nou janm fè ni moun ni bèt mechanste paske you jou nap peye saa kan menm .

Thursday, May 26, 2011

Istwa Ton Moy ak madanm li

Tonton Moy se konsa nou te konn rele li, li te rete nan katye lakay mwen . Tonton Moy se te neg kite renmen al legliz li chak dimanch maten  e pa gen moun , ni lapli kap fel rate randevou saaa.Si ou te bezwen konsey li,  li toujou la poul reponn demand ou yo e nan tout sijè.Tonton Moy se neg ki bwodè tou paske li toujou gen ves li sou li. Li konn rakonte nou le-l te jenn gason jenn tifi yo te konn tonbe pou li anpil e li di li pat konn pote pantalon li pou bel twèl. Li rakonte nou you istwa sou li ak madanm li.
Li koumanse pou-l di ke li menm li pat konnen sa yo te rele grangou ak touni le-l te tou piti paske manman li ak papa li te gen de kwa . Le-l gen vintan li te telman bwode li te gen twa mennaj , men youn pat konnen lot.You apre midi pandan li ta prale kay grann li se konsa li rankontre you mesye kite tonbe endispozisyion sou wout la, e kom moun kite renmen ede moun, li kouri chache dlo e ede mesye saa kite tonbe a.Li te fè tout sak posib, chache moun e ede tonton saa al lakay li.Jou saa li pat menm ka rive wè granmè li paske li te bay tout tan pou lepè saa.Lè li rive kay tonton saaa tout moun te kontan pou jes saa ke li te fè a e li te pwomet yo lap tounen poul wè kouman misye ye kek jou apre.Apre you semen li tounen e fwa saa tonton saa te prezante-l twa bel pitit fi ke li genyen.Men pandan ke lepè tap prezantel pitit yo , li te santi gen you bagay ki pa mache byen ant timoun yo ak papa a.Misye pase kek tan ak moun yo epi lale , men gen youn nan medam yo ki rele Alourdes ki atire ton Moy paske seli kite pi bel.oooooo Ton Moy pran gou preske chak de semen li monte la-l we lepè a e you jou li te poze Alourdes kesyion, manmzel te telman pè li pat vle pale ak misye paske li te dil papa yo pa vle yo renmen .Kom tonton Moy sete you bon kok, li koze jiskaske manzèl reponn , manman Alourdes konn bagay la, li pat gen pwoblem ak saa ditou paske li di Alourdes se premye pitit e li gen laj poul renmen .Jou ale jou tounen , you jou  madanm te oblije di mari-l ke Alourdes renmen ak zanmi saa ki te sove-l sou wout la. Mezanmi madanm lan pot ko finn pale li te pran you souflet e Alourdes te pase li menm tou you move jounen. Lepè a te telman fache li voye komisyion bay Moy ,poul pa met prent pyel nan lakou lakay li anko.Tonton Moy di nan tout mennaj li pase li pa kwe gen youn li te renmen plis ke Alourdes, e saa papa Alourdes ap fè yo fel renmen li plis.Jou ap vanse malgre Alourdes ap pran baton li pa janm dekouraje e li te di Moy pa gen moun akp fel kite li. Le Moy we saa , li kite lot mennaj li yo.Kom mOy te gentan ap travay li te mande moun lakay li pou yo al prezante pou li, ooooo papa Alourdes pa dako, manman dako, papaa di non.Tout saa fanmi Moy te fè , tout kote yo pase , papa Aloourdes ap bay pwoblem.Gen you zanmi Moy ki konseye -l ansent Alourdes, you bagay misye pat pran tan poul te fè. Lè papa Alourdes konnen li mete-l deyo, e manmzel tou desann lal jwenn Moy. Kom granmoun Moy yo , sete moun prensip yo deside marye mesye dam yo, manman Alourdes, sel yo aktout lot moun vinn nan Maryaj papa-l pa mete pwent pye. Se konsa Moy di li marye ak madanm li. Lè papa Alourdes pral mouri lap agoni, li mande pou yo al chache Alourdes pou li, manmzel pat vle ale men mari li Moy dil se you obligasyion poul ale e li dil bliye tout bagay. Lè Alourdes rive papa leve tet li pou-l di:Pitit fi mwen mande ou padon pou tout sa mwen te fè w ki mal, tanpri di mari ou mwen pa rayi li tou, dil pou mwen tou se pa tout le ou fè byen pou moun ou jwen rekonpans, li kontinye pou-l di Alourdes ou gen you bon mari, jere-l. Li finn di saa epi li depoze tet li e se mouri li mouri.Tonton Moy finn rakonte-m istwa a, madanm li rele li pou-l di-l men telefonn fek sonnen Anabelle , ki se premye pitit li fek akouche lopital li fè you tigason.

Lavi Erzulia

Sete you samdi maten , jou bese leve, jou abitan ale nan mache, jou tout moun ap chache kote lavi-a fè kwen. Erzulia, madanm saa ki te gen kat timoun , te pase you nwit blanch , you nwit kote kol te anndan kay la men lespri li tap kouri nan kapital, nan monn, lavil tankou andeyo paske men-m you klou li pat ken anndan kay la alewe sil ta gen you gouden poul bay timoun yo manje.Erzulia te gen kom mouche Rigaud ki mouri nan zafe eleksyion, yo te bali kat kout kouto nan you meeting yo tap fe pou ansyen majistra vill la. Le misye mouri a Jonas ki gen senk an kounye -a te gen twa mwa; mwen pa bwezwen di nou , se pat you neg zafel te bon men li te pifo nan kouri deye neg ki nan politik paske li te toujou panse se la li ka souse you zo. Zafe lanmo bon papa saa te chalvire net lavi Erzulia ak kat pitit li yo. Pi gran te gen douzan, dezyem set , twazyem nan se you fi li gen sizan e mwen pa bezwen di nou anyen sou denye a.
Le-l fe jou premye kok la chante Erzulia bay twa kout plenn paske li we nwit manch long lan rive nan bout li e li poko we sa lap fe ak kat ti lezanj saa yo ke Rigaud te kite nan men-l pou you vye zafe eleksyion.Anndann kay la ou tande tout kalite wonf , timoun yo ap domi , yo pa met tet yo , yo pat di moun fe yo yap domi.Lel preske fe wuite , madan Rigaud pata desann kabann non men li oblije paske se responsabilite -l poul nouri timoun yo.Li leve li fe vye siyy de lakwa, li di Bondye papa jounen nan men w.Li poko finn di saa timoun yo leve younn apre lot. Mezanmi nou konnn timoun depi yo leve, je finn lave e kilave ato fok yo jwen you bagay pou pase nan bouch e kay vid pa gen anyen . Erzulie fe tout kalite refleksyion, li ta ale kot gran fre li Josef you nonm afel bon, li di misye pral joure, li ta ale kot kome Alourdes, mmm li dwe-l deja, li ta ale kay Messou al pran you ti kredi li dwe-l deja.Ket mesye li di bwaa mare nan kwat pwen e pa gen younn li ka delage. Nan reflechi reflechi li pran desizyion poul pran panye li e menm si li pa gen kob poul fe you rive nan mache a petet lagrass ka tonbe . Nan wout poul ale nan mache li rankontre ak plizyè zanmi li , men podyab li wont poul rakonte yo istwa li.Kou ki pral touye li net anvan li rantre nan mache li rankontre ak ansyen majistra ke mari li nan kanpay li te mouri a, lel wel li kontan paske li panse misye te ka bali you monen , okontrè misye fè tankou li pa konnen li, bagay saa, rankont saa kraze moral Erzulia net.
Li rantre nan mache menm jan ak tout lot moun san okenn espwa. Le-l pase nan riyel kote moun yo ap vann diri a li rankontre ak komè Tifanm ke zafel te bon ki fel kado 100 pyas, lajan saa sete Bondye ki te desann pou Erzulia. Mezanmi li kouri di mesi e achte kichoy pou pote pou timoun li yo.Le-l rive lakay pipiti a te de ran dlo de ran larim paske li pat ka sipote anko paske gwo trip li tap vale pipiti a.
You jou swa Erzulia ak tout timoun li yo tap domi , yo te nan fon somey, vagabon mete dife nan vye kay kote yo te rete a , se chans pa yo ki fe yo pa mouri. Erzulia te oblije tounen andeyo al rete kote manman-l te rete-a ak timoun yo.
Avan yè mwen te rankontre Erzulia ak de mouchwa mare ren li paske denye pitit li a mouri nan kolera e menm kadav la yo pa bali.A la traka pou ou lave kay tè. Si ou ka ede-l degaje -w fè saa rapid paske ou ka ale kote li rete a e yo di ou frè lanmo pase pran-l.

Wednesday, May 25, 2011

Lavi pap di ou

Ana se moun Nanpré, se moun kite lekol kay sè, se moun moun paran li pat konn sak te rele mizè. Lè manmzel finn fè filo , li enskri nan lekol enfimyè, li bat tout kandida, li lorea e li kembe kompa saa jiskaske li fini etud saa ki te dire twazan. Direktris lekol nan seremoni graduasyion rele anmwey e se premye fwa li jwenn you elev briyan tankou Ana.Manmzel pat konn jwe ak moun, ni moun bolakay li, ni paran li e tout kondisip li konn dil li enteresant anpil, li te bwode tou men li pat telman you bèl fanm, men li pat mal tou. Kom se li ki te lorea yo te bal anpil rekonpans tankou bal biyè gratis poul vini nan peyi blan, epi li te jwen bous poul al etydye enfomatik gratis, epi yo te bali you bel komputè.Pi gwo chans li te genyen yo te voye-l al fè sosyal li nan nan lopital Kanapevè, gwo koze.Nan koumansman staj la tout moun te ap gade manmzèl sou aparans paske yo pat konnen ki sa li gen nan zo bwa tet li,nou konn ayisyen, kèk mwa apre pou pefomans li yo te ofri-l diob rapid rapid, you bagay manmzel te aksepte.
Fok mwen di nou Ana pat konn zafè renmen paske manman li te toujou di-l se poul fini ak etid li anvan li tonbe nan zèfè saa; tout gason kite koze ak li, genyen kite ofri-l lo ak dyaman li pat wè yo paske li te vle swiv konsey manman li yo.Pandan manmzel ap travay lopital la, li jwen anpil doktè kap kase ti bwa nan zorey li men li pat aksepte malgre lite nan laj poul fè sa. Genyen li te renmen men gen ladan yo li pat ka menm tande yo.Gen you doktè yo rele Lafond kite lage nan ko manmzel , misye te arroyo, le-l vinn travay depi Miss Ana la, li pap fè anyen se nan ko pitit moun yo li lage, dyol misye te dous tankou siwo myel e frannse li yo ou ta di se Ti pè-a kap pale.You jou Ana tap fè de nwi e li rive yo moman nan nwit lan lal fè yo repoze e pandan li nan fon somey li santi you moun kap pase men sou li, li rele anmwey anmwey tout lopital reveye e sete Doktè Lafon ki te pèdi je crois en Dieu li, lwa moudong li monte-l, li di li te bezwen wè eske Miss Ana poko nan gason. Mezanmi gwo eskonbrit pete.Se bagay saa ki fè Ana konnen ke Doktè Lafon te marye e li te dja gen tw pitit, erezman li pat pran nan kraponay mouche. Kom direktè lopital la pat ka gade you koze konsaa selman nan je , li rele polis e Dok Lafon anba kod.Mezanmi depi premye jou yo arete misye a. Miss Ana ap pran presyion nan men ni fanmi, ni zanmi dokte-a kap trete de tout bèt e dil si misye pa lage yap fè you jan ak li.
Kom Ana pat gen zanmi chef pou ki koresponn ak moun sa yo li te oblije reponn wi prese ak you neg kite nan lapolis e kite Komisè e ki te renmen li depi li te nan lekol enfimyè. Komisè saa pat two kodyom pase saa , misye pat marye men li toujou ap fè ti pa chat li lilit ak anpil kliyan ke li te genyen, you bagay ke Anna pat konnen .Aprè twa mwa renmen , Komisè Lubin te gentan ansent Ana. Pafwa lè ou bezwen sove tet ou ou bliye tout sa ou konnen alewè si ou ta aplike yo pou tèt pa w. Men pandan ansent saa, Ana wè ke gen de pwoblem li genyen se pa pwoblem lè moun konn ansent, pov malerez li pran kouraj li ak demen lal fé you test sida e li pozitif, li te tou pran desizyion li pap rantre lakay e li foure tet anba you machinn li finn ak saa. Mezanmi men kijan Ana , gwo enfimyè saa mouri. Lè fanmi Ana aprann sak te rive-a yo peye you moun al fizye Dr Lafon kadejakè nan prizon kote li teye -a e Komisè Lubin pat pran twop tan tou pou-l fè menm wout ak Ana.Mezanmi lavi pap di ou.

Veniz

Mwen te kwaze ak Veniz you dimanch maten pandan mwen ta prale legliz Sent kwa. Jou sa mwen te an reta paske mwen te pran tout tan mwen pou mwen gade li. Kom li te ansanm ak manman li mwen pat ka dil anyen.Non konnen paran ayisyen pa nan radot ak moun devan pitit fi yo.Je-m te nik tonbe nan je e li te souri e souri te tankou yo soley .Souri saa te ajoute you lot bagay sou bote Veniz.
Lè mwen rive legliz laa saa pè a tap di a pat enterese-m ditou paske lespri te nan machinn ke bèl ti pitit saa te monte ak manman li a e menm si mwen pat konn kote yo ta prale.Tiparis ki te chita bo kote-m nan tap mande-m ki sak pase -m jodi a paske li te wè-m lwen e kom neg ki dwol mwen pat vle rakonte li anyen.Mwen te fè tout semen nan ap reflechi sou koze saa e menm etidye mwen pat ka etidye.Jou ale jou vini apre kek semen mwen bliye koze saa.Mwen sonje sete you vakans dete granmoun mwen te voye-m al pase kek jou nan zon Fondwa, you kote ki bay anpil manje tankou zaboka, mayi ak lot pwodwi . Kom te genyen you wout ki pase bo kay la, you samdi aprè midi pandan tout moun ap soti nan mache e se gade mwen gade mwen wè menm imaj saa ap pase devan mwen an.Li te nik wè mwen e li te tonbe ri menm jan ak premye fwa-a, mwen te ranje kom poum te di you ti bonswa e se konsa mwen tande you vwa ki di : Veniz mache non.Bouch mwen te rete tou louvri e li pat ka fèmen tank mwen te sezi paske sete menm madanm mwe te wè ak li premye fwa. Kom Fritzner pitit zanmi manman-m nan te bo kote-m mwen te poze-l kesyion poum mande-l si-l konnen tipitit saa e se lè saa lap dim li rele Veniz e li pa rete two lwen la.Nou konnen moun andeyo si yo di ou se la pa bay tet ou pwoblem wap mache jiskaske mayi mi e se pat manti misye tap fè fanmi Veniz pat rete two lwen .
Nan poze Kesyion Fritzner dim lke Veniz gen seizan , se youn nan pibel timoun nan zonn , men moun lakay li pa jwen ak li.Mwen te mande-l sil renmen -l li dim non.Li made-m tou sim enteresse mwen di-l mwen pa konnen . Fritzner pat timoun piti li te konprann ruz mwen an .You maten nou te finn bwè kafe ak you bèl moso pen emisye te dim ann pati e konsaa misye al ateri kay moun yo ak mwen , men malerezman Veniz pat la, li te al chache dlo. manman Veniz te ofri nou kafe , men sa at enterese mwen paske se pa kafe mwen te finn bwe , se Veniz mwen te bezwen wè e Fritzner te prezante-m bay moun yo poul di mwen se timoun lavil e mwens e pitit you zanmi manman li.Apre you tan nou wè Veniz kap vini ak you bokit dlo sou tèt li, mwen te telman gade-l manman an te sispek e li te made-m sam genyen mwen gade pitit fi li a konsa-a , mwen pa reponn.
Mezanmi se premye fwa mwen twouve mwen nan you sitirasyion konsa e mwen poko janm koze ak you fi e sak pired la mwen damou.Apre kek tan nou pase lakay yo a nou bay kek odyans , nou ale.
nan dimanch male legliz e chans pou mwen li te la e granmoun li pat vini. mwen te pwofite apwoche li ak you timidite ki te twop e la nou te komanse pale. Kom tan mwen tal pase -a te fini emwen pat ka rete mwen te oblije tounen lakay mwen , men lespri mwen pat janm soti sou Veniz.Apre twa mwa, zanmi manman mwen an te pase we-l e mwen te mande-l kouman Veniz ye e se konsaa li dim veniz ak tout manman li kite peyi depi demwa paske papal te rantre vinn chache yo, yap viv Canada. Sete pi gwo kou mwen te pran jeness mwen paske mwen te pèdi premye fi mwen te renmen an.
Lè mwen vinn gen trantzizan, mwen te pati al fè you tivizit nan lakou Orlando e se konsaa mwen vinn kwaze ak Veniz nan you Walmart ak twa timoun, li pat konnnen mwen e mwen pat konnen li tou.Ou ka ap poze tèt ou kesyion pou mande kouman mwen fè konnen ke se li. Eben kom se ka Fritzner mwen te desann , se ak li mwen te al achte kek pantalon , li te kontan wè misye e se konsaa Fritzner ap dim se li.Malgre li te gen twa pitit li te toujou bèl, men mwen pat ka dil anyen paske li te marye e mwen menm mwen te gentan marye tou.An verite mwen regret li.

Manman mwen

Pa gen moun sou la tè ki egziste san li, pa gen moun ki wè lavi san li. Zot di se you pye bannan menm si tout fey long pase sam pa konnen tout gen pou you vinn mouri nan pye-l.
Mwen konnen you fanm sanm pat menm konnen lavi. Nan you tidezod ak papam li pran-m. Fanm saa pote-m pandan nèf mwa e pandan tan saa li pase tout mizè, li monte tout kalvè, li monte le syèl pa do, pa gen anyen ki gou nan bouch li, tout jounen lap krache , li paka manje tout manje, pafwa menm domi li paka domi tann mwen boulvèse li. Apre nef mwa nan you soufrans ki di pase tout soufrans li pouse-m nan you mond ki fè nwa tankou lank, li pèdi san, li pèdi fos, li arive pedi menm dlo nan kol. Se kounye-a mize-l koumanse nan you peyi se fanm ki fè tout bagay.Malgre gen moun ki vinnn pote-l sekou nan premye jou yo pou ki benyen-l, bouyi dlo cho pou li, abiye-m li paka tann pou-l fè tout zafè-l pou kont li.Mwen te fek soti e doktè di poul koumanse banm tete.Madanm sila pase dizwi mwa ap banm tete san pran souf, li pran swen mwen pandan lap lave tout vye rad mwen yo, pat gen diaper li lave kouchet chak jou pou vye kay an pay li a pa gen vye sant, li se premye moun ki montre-m pale. Le-l fè you ti vire mwen pa viv paske se nan li kod trip lavi-m mare.Se li ki premye moun ki aprann mwen chita malgre pafwa mwen kriye, gras ak li mwen rale jiskaske mwen kanpe e li te premye moun tou ki kenbe men-m poul montre-m fè bebel.Nan kay la mwen toujou fre tankou you kola kenz e pa gen moun ki ka bat mwen nan sans sa.
Lè-m gen laj poum al lekol se li ki fè tout bagay malgre lavi a koumanse bal kek move chaplet. Mwen sonje premye jou saa e li te dim : Pitit gason mwen , mwen pa konn li , mwen pa konn ekri men ou menm wap komanse jodi a e fok ou rive you gwo moun nan lavi ou,map fè tout sak posib pou rev saa tounen you reyalite.Malgre mwen te tikatkat mwen te souse zo sila , kraze-l poum te konprann kisaa li te vle dim.
Mwen sonje lem tap desann setifika, li te repete-m menm pawol sila kap tounen you bousol pou tout vi mwen e mwen pap bliye bel chemiz, bel pantalon ak bel soulye nwa saa li te achte pou mwen .
Madanm sila pase tout mize sou te saa poul fe-m sam ye jounen jodi a.Mwen sonje li te gen you gwo komes nan ti kay de pyes nou te genyen an, move lavi fè li pedi ti biznis sila.Apre saa li te gen you komes vann chabon ak kleren. Saa pat ret la li vann mayi boukannen, mayi bouyi e pafwa li konn al fè lessiv pou gwo gran neg lavil ki te gen pitit yo nan men-m lekol ak mwen , li te konn vann labapen bouyi tou.
Mwen sonje ti kay nou te rete sete poun te peye chak ane 150 pyas, you ane nou pat ka peye e kom timoun mwen pat konprann e mwen te dil mwen grangou e li te di :"Ou grangou, menm kay la nou paka peye e mwen poko konnen si se pa anba pon an nou pra-l domi." Fraz saa mwen mwen pote-l pandan tout vi mwen tankou you sekey madoulè.Li pat gen mwen men-m selman sete nou plizyè e mwen sispek li te pote you soufrans pou nou chak.Li pat konn jwe ak nou nan tout bagay serye kom lekol, legliz, nan respekte lot granmoun, nan prensip bout kay li a.Sa mwen renmen lakay li pat gen pitit pase pitit , nou tout te vle di menm bagay pou li.
Nou tout ka remake map pale de manman mwen : You fanm solid, you fanm ki pa ret ak fanm , you fanm malgre li pov, li filozof nan fason li viv, nan fason li leve nou tout komm pitit li, nan fason tou lavi a tap kale li.Le zot di manman se la vi a, se pa manti , you moun pa bezwen mande-w pou ou respekte manman w , you lot pa bezwen di ou kouman pou ou trete manman ou, you lot pa bezwen di kouman pou ou viv ak manman ou, chak moun kap viv ou gen you gwo moso manman ou nan ou. Fanm ayisyenn telman pase mizè nan fè elevasyion pitit nou ta dwe kouronne yo chak yo, bo yo , karese yo, bayo empotans yo.Di manman-m pam nan mèsi two piti kom mo.Chak lè mwen rankontre you manman kap mennen pitit li lekol, kap vann chabon, vann mango, travay kay gwo zouzou-n, kap rele men men bel mayi bouyi,vann dlo anba soley cho, kap vann labapen mwen sonje manman -m. Anmweyy manman kote ou ye.........lavi-m san ou se you machinn kap kouri san limyè sou wout Kafou Difo.

Ou kwè gen you definisyion pou lavi?

You jounen pase, you lot vini, you nwit ale, you nwit vini, moun mouri, moun fet. Pafwa ou konn poze tet ou kesyion poukisa tout bagay saa yo, men se lavi a menm ki konsa. Pa ale two lwen nan refleksyion saa paske gen de kesyion ki pap janm gen repons. Kom nou se moun, nou ka panse nou fek pou nou reflechi sou sa kap pase devan je nou chak jou.Pwofite paske gen you jou je ou ap femen e le saa se pa aveg wap aveg non , men se fini ou menm wap fini. La vi pou kont li se you mistè.Ou ka bali definisyion ou vle, tout sa wap di yo pap janm e janm sanble ak sa ki rele lavi-a.

Mèt Gerald

Mwen te komanse anseye an 1986 e le saa mwen te gen sezan e sete you zanmi ki tap kite e ki te mandem poum ranplase li. Sak pi red la elev mwen yo te pi gran pase-m , bagay pou ki ta fè nou ri. Mwen sonje Sr Umaine te dim ou ka anseye men ou paka enpoze w nan klass la. Le-m te finn fè etid segondè mwen you lot sè ki pral jwen yo gwo wol nan lavim mande-m poum ale enskri lekol nomal siperyè e san grate tet mwen te enskri e mwen te pase nan konkou saa.Se konsaa mwen pase twazan nan lekol saa ap mete anpil bet sou mwen poum te al ede moun lakay, men bagay la bat dous pou moun lakay mwen paske moyen ekonomik la pat telman bon pou yo. Mwen sonje you jou mwen te al lekol manman-m te ban mwen kob ale a selman e li te dim lem tounen lap tann mwen nan stasyion poul ka banm kob tounen an e vwala lem ap tounen depi Gresye lapli ap tonbe, lem te rive devan Byenveni li te rete nan lapli a ap mouye poul tan lem rive poul peye pou mwen paske li pat vle chofe ou byen travayè gen pwoblem ak mwen .Mwen te koumanse travay nan segonde nan lekol sent kwa a ak lekol John Wesley nan lakou Difo. mwen te travay nan Suren, nan enstitu Abella. Mwen pat konn jwe ak elev mwen yo paske mwen te vle chak nan yo vini you bagay demen e yo ka temwaye saa. Sete pasyion mwen anseye e se you gwo bagay le wap transmet bay yo lot moun konesans. Bagay la pral pi bel le Sr Esta mandem poum travay ak timoun nan Elemante 2, Moyen 1 ak Moyen 2, la anko sete youn nan pi bel eksperyans nan karyè saa mwen te fè, poum te travay ak timoun saa yo. Gen anpil mwen we kounye a mwen pa rekonet yo e yo fem sonje yo, genyen tou ki bliye-m. Mwen te toujou panse ke lekol paka fet toutan nan mitan kat mi e se konsaa mwen te toujou konn oganize aktivite tankou: Bouske, joune e lot aktivite. . Mwen vinn pa anseye anko an 2001. Mezanmi metye pwofese a an ayiti pa gen kob men tout kote ou pase ou gen you grenn elev ou. Sou facebook mwen chaje yo e chak le mwen pale ak youn kem kontan.Menm jan ak tout pwofese ki te fome mwen yo mwen santi mwen gen you tikal yo nan mwen se konsaa mwen santim gen you tikal mwen menm nan yo.Map pwofite antenn facebook poum di you tout : mwen renmen yo anpil.Menm si genyen ki konn repwoche-m mwen te two di , mwen te konn bayo bel tap boule niche, bayo kout sentiwon , men san pwoblem yo tout te renmen mwen . Male