Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Saturday, May 28, 2011

Pa gen jwèt nan lanmou mezanmi

Nan vill Letwa , listwa rakonte te gen you fanmi kite rich anpil e fanmi saa sete fanmi Labbé. Mouche ak madan Labbé te genyen twa pitit fi: Michelle, Ritha ak Letude.Mwen konn tande manman-m ap di sete twa bel pitit fi ke moun saa yo te genyen.Fanmi saa moun nan zon nan te respekte yo anpil paske yo te gen anpil kob e anyen pat vle di anyen pou yo. Gen moun ki te menm panse ke Mouche Labbé sete gwo dyab, pa bay tet nou pwoblem pou saa paske lakay se konsa sa ye depi ou gen kob yo ba ou tout non pote.
Twa pitit fi Labbe yo te fè primè nan lekol kay sè. Men de pi gran yo te gen chans al fè res etid yo nan lakou potoprens e jan papa-m ta di nan gwo lekol,lekol ki gen gwo non , men ou konnen yo pat sot ditou.Lè yo finn fè etud yo , manman yo ak papa yo voye yo pati nan peyi etranje.Lafanmi Labbe te vinn gen you sel pitit ak yo sete Letude kite denye pitit. Nou konnen yo toujou ap di saa denye pitit toujou dolote. Yo te telman dolote Letude apre setifika yo pa voye-l Potoprens , yo fel enskri nan lise-a. madan Labbé toujou di Letude se de grenn je nan tet li, lot de yo pala yo nan peyi etranje saa se pa li. Chak maten ou ka we Madan Labbe kap akonpaye Letud pou-l al lekol e lè lekol lage li toujou fè menm bagay la.
Lè Letude vinn ap fè katryem li kwaze ak Jean -Robert ki se pitit Manzè Roze, moun nan zonn Korosol, moun zafè pa bon, moun kap kole pyese , moun kap chache lavi.Listwa menm rakonte ke Rose pran Jean -Robert nan chowet li, e jan Robert pa konn papa li.Menm si saa Rose te vle pitit li a tounen kichoy nan vil li.
Lè Letude rankontre ak Jean Robert sete byen yo te byen , ti zanmi lekol.Men amitye saa vinn telman donnen fè Letud vinn damou Jean-Robert, you bagay ke misye pat gen laj pou-l te konprann.Jean Robert te pè anpil paske li konn ap mande tet li eske se reve lap reve kouman fè ke Letude renmen li, li konn pase plizyè jou, menm pale li pa sou pale ak e lè konsaa se touye li touye madmwazel Letude.You bel timoun tankou Letude s epa renmen li pat renmen li non, men li te pè.
Lè yo ap fè segond aprè you kou literati sou zafè lanmou Rodrigue ak Chimen , Jean-Robert pandan rekreasyion te pouse lodas li deyo poul mande Letude pou ki saa li renmen li, avek anpil timidite Letude dil ke se mouri lap mouri pou li e anyen paka fel pa renmen li.E sela Jean Robert vinn wè ke se bagay tout bon.
You apre midi pandan Letude sot lekol Mouche ak Madan labbe tap tann li sou galeri ak you manman mari ki file pase zegwi, li pat konprann pou ki saa yo te gen fret saa nan men yo paske li pat janm konn pran kou.Premye saa madan Labbe te dil se:Eske se se mennaj li voye-l al fè nan lekol la e kom li pat ka reponnn li te pran anpil bwa nan men ni manman ni papa.Madan Labbe te dil li ta chache you lot moun men se pasa li tande-a e you te menm dil sil pa kanpe koze renmen saa yap depote li.Letude pat wè li pat tande bali Jean Robert e li te toujou di manman-l ak papa li genlè pa konnen si lanmou pi fo ke tout bagay.Mouche ak madan Labbé to konn bagay saa paske bagay saa te pran tout lise a pou li e nou konnen pawol pale e you pwofese kite byen ak yo te kase moso bayo na pawol saa.
Lè pou Letude fè filo se Potoprens yo te fè li ale, men li te toujou pran ti randevou li ak Jean-Robert. Bagay la ap manje Madan Labbé tankou you kansè, menm non Jean Robert li pa vle tande.You jou pandan Letude sot lekol bonn nan dil ke li tande manman-l ki di li lap fe tout sal konnen pou li touye Jean Robert. Sa li te fè li te chache jwen misye poul dil saa.
Yo pot ko tan yo bayy rezilta bak yo fè Letude pati men saa pat solisyion an. Aprè dezan nouvel la tonbe, Letude ansent lot bo a e li marye ak Jean -Robert. Wap poze-m kesyion pou ou mande kouman Jean Robert fè rive la. Anben anvan Letud pati li al nan fon malet la papa li , li pran lajan li voye bay Jean Robert, li dil degaje-l vinn jwenn li.Sezisman bagay saa touye ni mouche ni madan Labbé tet nwè. sa mwen pa renmen kay demoun sa yo , yo pa janm met prent pye yo ayiti e yo di yo fe kat pitit, fi selman.

No comments:

Post a Comment