Pa gen moun sou la tè ki egziste san li, pa gen moun ki wè lavi san li. Zot di se you pye bannan menm si tout fey long pase sam pa konnen tout gen pou you vinn mouri nan pye-l.
Mwen konnen you fanm sanm pat menm konnen lavi. Nan you tidezod ak papam li pran-m. Fanm saa pote-m pandan nèf mwa e pandan tan saa li pase tout mizè, li monte tout kalvè, li monte le syèl pa do, pa gen anyen ki gou nan bouch li, tout jounen lap krache , li paka manje tout manje, pafwa menm domi li paka domi tann mwen boulvèse li. Apre nef mwa nan you soufrans ki di pase tout soufrans li pouse-m nan you mond ki fè nwa tankou lank, li pèdi san, li pèdi fos, li arive pedi menm dlo nan kol. Se kounye-a mize-l koumanse nan you peyi se fanm ki fè tout bagay.Malgre gen moun ki vinnn pote-l sekou nan premye jou yo pou ki benyen-l, bouyi dlo cho pou li, abiye-m li paka tann pou-l fè tout zafè-l pou kont li.Mwen te fek soti e doktè di poul koumanse banm tete.Madanm sila pase dizwi mwa ap banm tete san pran souf, li pran swen mwen pandan lap lave tout vye rad mwen yo, pat gen diaper li lave kouchet chak jou pou vye kay an pay li a pa gen vye sant, li se premye moun ki montre-m pale. Le-l fè you ti vire mwen pa viv paske se nan li kod trip lavi-m mare.Se li ki premye moun ki aprann mwen chita malgre pafwa mwen kriye, gras ak li mwen rale jiskaske mwen kanpe e li te premye moun tou ki kenbe men-m poul montre-m fè bebel.Nan kay la mwen toujou fre tankou you kola kenz e pa gen moun ki ka bat mwen nan sans sa.
Lè-m gen laj poum al lekol se li ki fè tout bagay malgre lavi a koumanse bal kek move chaplet. Mwen sonje premye jou saa e li te dim : Pitit gason mwen , mwen pa konn li , mwen pa konn ekri men ou menm wap komanse jodi a e fok ou rive you gwo moun nan lavi ou,map fè tout sak posib pou rev saa tounen you reyalite.Malgre mwen te tikatkat mwen te souse zo sila , kraze-l poum te konprann kisaa li te vle dim.
Mwen sonje lem tap desann setifika, li te repete-m menm pawol sila kap tounen you bousol pou tout vi mwen e mwen pap bliye bel chemiz, bel pantalon ak bel soulye nwa saa li te achte pou mwen .
Madanm sila pase tout mize sou te saa poul fe-m sam ye jounen jodi a.Mwen sonje li te gen you gwo komes nan ti kay de pyes nou te genyen an, move lavi fè li pedi ti biznis sila.Apre saa li te gen you komes vann chabon ak kleren. Saa pat ret la li vann mayi boukannen, mayi bouyi e pafwa li konn al fè lessiv pou gwo gran neg lavil ki te gen pitit yo nan men-m lekol ak mwen , li te konn vann labapen bouyi tou.
Mwen sonje ti kay nou te rete sete poun te peye chak ane 150 pyas, you ane nou pat ka peye e kom timoun mwen pat konprann e mwen te dil mwen grangou e li te di :"Ou grangou, menm kay la nou paka peye e mwen poko konnen si se pa anba pon an nou pra-l domi." Fraz saa mwen mwen pote-l pandan tout vi mwen tankou you sekey madoulè.Li pat gen mwen men-m selman sete nou plizyè e mwen sispek li te pote you soufrans pou nou chak.Li pat konn jwe ak nou nan tout bagay serye kom lekol, legliz, nan respekte lot granmoun, nan prensip bout kay li a.Sa mwen renmen lakay li pat gen pitit pase pitit , nou tout te vle di menm bagay pou li.
Nou tout ka remake map pale de manman mwen : You fanm solid, you fanm ki pa ret ak fanm , you fanm malgre li pov, li filozof nan fason li viv, nan fason li leve nou tout komm pitit li, nan fason tou lavi a tap kale li.Le zot di manman se la vi a, se pa manti , you moun pa bezwen mande-w pou ou respekte manman w , you lot pa bezwen di ou kouman pou ou trete manman ou, you lot pa bezwen di kouman pou ou viv ak manman ou, chak moun kap viv ou gen you gwo moso manman ou nan ou. Fanm ayisyenn telman pase mizè nan fè elevasyion pitit nou ta dwe kouronne yo chak yo, bo yo , karese yo, bayo empotans yo.Di manman-m pam nan mèsi two piti kom mo.Chak lè mwen rankontre you manman kap mennen pitit li lekol, kap vann chabon, vann mango, travay kay gwo zouzou-n, kap rele men men bel mayi bouyi,vann dlo anba soley cho, kap vann labapen mwen sonje manman -m. Anmweyy manman kote ou ye.........lavi-m san ou se you machinn kap kouri san limyè sou wout Kafou Difo.
No comments:
Post a Comment