Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Saturday, May 28, 2011

Madan Luberus

Mwen sonje lem te toupiti, pitipiti ti katkat granmoun yo chak swa te toujou konn rakonte istwa, bel istwa e istwa ki pa ret ak istwa. Men gen you istwa ke mwen pa janm bliye e map tann timoun mwen yo grandi poum kase moso bayo ladan-l.
Na lakou plètil nan zonn bodmè te gen anpil fanmi ki te rete la, ou te jwen fanmi rich, fanmi pov e moun ki pat kanpe sou anyen tou, moun ki tap bat dlo pou fè bè.Men te toujou gen yo polemik nan zafe moun ki gen plis bagay lakay yo, moun ki gen pi bel salon, pi bel kabann e polemik la te rive lwen na zafè moun ki gen pi bèl fanm tou, saa sete tet chaje.Te gen you neg ki rele Mario, jenn gason, bel ti gason ki te gen madanm li, yo te gen de pitit men move lavi te fè mario pa sanble ak laj li. Men misye te toujou fè efo sil ap soti oubyen sil ap mete you rad pou yo toujou pwop.You lot kote te gen Mouche Liberus ki marye ak madanm li tou, you bel fanm , jansiv violette, bon bagay ki gen kob, li gen plizyè Pejo kap fè Potoprens, sete you neg zafè bon jan grann mwen ta di, men lite gen you lot pwoblem madanm li pat ka fè pitit e pwoblem lan se ka mouche ali te ye. Misye Liberus pa konn abiye li soti jan-l vle, jan blan an ta di a li pa care.Bagay paka fè pitit saa te bay Madan Liberus anpil pwoblem.
You jou Mario ta pral Potoprens poul al wè you zanmi e se konsa lale poul monte youn nan Pejo Mouche Liberus yo e lel gade li we you moun kap fel siyy poul vinn chita devan e se lè saaa li wè se madan Liberus, misye te menm tou pè paske li di gran neg rete gran neg e pov rete pov .Pandan voyaj la madanm lan mande-l sal pral regle potoprens e misye dil li pral wè you zanmi kite pwomet li you ti kob pou lekol timoun li yo.Madanm ajoute poul di misye li sanble timid paske li pa janm di moun bonjou, you bagay misye bat bay repons.Lè machinn nan rive nan Ri makajou, tout moun desann e kom misye te devan li rale kob poul peye chofè-a madanm lan dil non .Lel ap desann li tande madanm lan ki di chofè a , map desann la tou ou pa bezwen al depoze mwen .Kom li te gentan desann poul al nan wout li madanm lan dil tann li.Nan wout la madanm lan dil ann al avem pito, you lot lè wa al kay zanmi ou an, misye di non e madanm lan dil : oooo ki enteressant ou gen la, map ba w kob lekol timoun yo e si ou vle map tou ba w kob pou ou achte inifom.Ou bagay ki fè misye fè you ti souri.Madanm nan di misye , se pa tann dat non map tann okazyion saa, misye di ki okazyion e li dil ooo ou se youn nan moun nan katye ki toujou fre e sanm ale ak ou, selman pa fem wont , pa pale pawol mwen .Se konsa Mario vinn tonbe nan you relasyion ak madan Luberus. Nan randevou sou randevou, bel lanmou tonbe, madanm lan tonbe ansent , you bagay li tap chache anlè epi bagay la te nan katye a tou prè li.Tout sa Mario te bezwen li te jwen li, men pat gen you moun ki konnen .Lè pitit fet sete you ti fi kite sanble ak manman li tet koupe , gwo fet fet nan kay la e Luberus te rele pitit fi saa: Martine.
Kom Luberus te pi granmoun ke madanm lan e li te gen yen you suk kap finn ak li , you maten misye mouri. Se apré lanmo saa tout moun pral dekouvri ke se Mario kite papa pitit la paske twa mwa apre yo finn antere misye Luberus, madanm lan kite katye lal rete Potoprens e Mario kite Madanm pal poul al marye ak madan Luberus ki kounye a Madan Mario. Kom Mario te toujou pran swen ti moun li yo manman pitit li a te tou rete konsaa jiskaske li menm tou li te mouri. Youn nan bon zanmi madan Liberus, manke mouri ak you sezisman apre bagay saa paske li di li menm tou li te renmen Mario, li konn pale de saa ak manmzel, e li te ka touye-l tou.

No comments:

Post a Comment