Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Tuesday, May 31, 2011

Anmè pirèd pase fyèl

Se disetan mwen te genyen le mwen te kwaze ak ou premye fwa, jou saa kom timoun ou te fe loloj mwen pati tankou you bato lam lanme al lage you kote lwen apre you gwo van. Mwen sonje sa jouk jounen jodi a , se nan twazyem segonde mwen teye e ou menm ou te gen kinzan ou te nan senkyem.Sete nan mwa doktob e lekol te fet louvri, ou pat fe sizyem nan lekol saa men paran te fe ou kite lekol kote ou te ye a pou vinn nan lise-a.
Jou maten saa mwen te we-w la mwen te di nan ke mwen saaa se you tizanj ki fet tonbe  e ki soti nan syel.Mwen te telman timid li pat fasil poum te abode-w.Mwen sonje sete nan mwa novanm pandan yo bay rekreyasyion pandan mwen tal achte you ti pistach e se pandan tan saa tou ou te vinn achte, je-m te tonbe nan je -w e mwen te di ou you ti bonjou e ou pat menm okipe-m ak bonjou sila.Lem te we -w de lwen mwen te di ou ou pi bel, men se jou saa vre belte ou-a te paret tout bon paske ou te anfas mwen . Nou pral komanse pale sete you jou vandredi elev yo tap fe manifestasyion epi lame te komanse tire deyo-a , tout moun tap kouri e mwen ak ou te kouri nan menm direksyion , malgre mwen te pè pou-m pa mouri ak vye grenn bal mawon , mwen te kontan wè nou kache anndan menm klass saa, ou tap tranble e mwen sonje saa tou, mwen te di ou pa pe yo pap fe nou anyen. Nou te pase dezed tan menm kote anvan mesye leta yo te deside fe nou rantre lakay nou. Se le nap soti mwen mande w non ou, ou dim ou rele Margalie.
Mwen te fou pou ou e tout saa mwen te di ou , ou pat janm aksepte-m, mwen te deklame tout bel powem ki nan mond lan pou, tout bel ve ki nan Le Cid, Andromarque, Cinna ou te di non. Ou te telman nan ke-m , mwen te menm arrive pa fe moyenn mwen pou dezyem trimes e mwen pat janm di ou ke manmnm te ban mwen you vole baton pou sa.
Le-m rive nan segond  e ou menm ou te nan katriyem , ou te dim sispann anmerde-w paske ou gen mennaj, mwen pat pran ou o serye paske mwen te panse sete jwet e you lè nan you match fooutbol nan Pak Gerard Christophe ant lise ak kolej Surin Eveillard ou te affiche ou ak mennaj saa ki pat lot moun you kouzen mwen. Mwen pat rete tann match sa fini paske tet mwen te fem mal, mal pou-l menm eklate.Patrick se vye kouzen mwen bo manman, men paran li yo te alez lontan ke manmanm ak papa-m kap bat dlo pou fe bè e li pat genyen sou sel mennaj selman . Bagay sa te fem pa vle we Patrick e menm lakay yo mwen pat janm ale .
Kwak Margalie te ak kouzen mwen , mwen te konnen mwen te toujou renmen li, mwen te toujou damou e mwen te toujou ap mande kile pou bagay saa kraze ant li ak vye kouzen mwen an.Malgre li te konnen misye chaje ak lot ti boubout li te kole pired nan well li.Mwen vinn pran rezolisyion poum kite manmzel anrepo le-m rantre nan klas filozofi paske mwen we se tanm mwen tap pedi ak you moun ke mwen renmen e ki pa renmenm. Mwen te vinn rankontre ak Anabelle lem rantre Potoprens nan fakilte , li pa bel fanm menm jan ak zot  men li renmen-m anpil , li pat fem soufri , li pat umilye jan zot te fel la.Nou fe senkan renmen e nou gen kat timoun kounye a. Mwen tap bliye di nou ke Margalie te manke mouri paske jou lap marye a,  nan legliz sent kwa le pe -a a di si gen you moun ki konn you bagay pou anpeche maryaj la fet genyen you fanm anraje pase sam pa konnen ki rantre legliz la ak de timoun e li di se pitit Patrick. Margalie  endispoze , paran li yo move e mwen menm nou konnen jiskote mwen ye a you moun relem li kase-m ti moso. Margalie pedi vwa li , li paka pale e avanye mwen te di fok mwen pase well paske malgre mwen marye se you fanm mwen pa janm bliye , mwen toujou renmen-l. Kom li pat we-m lontan , le-m rive li we-m li di ooooo, li tonbe fas anba e li mouri. Sa te fem mal Margalie mouri bel moun saa, bel fanm saaa.Mwen fout regret ou Margalie, ou pat renmen-m e kem sete ou menm li te vle. Mezanmi mizik lan di renmen moun ki renmen w, men Margalie pat janm renmen mwen .
 Bagay saa kite you gou anmè nan bouch mwen kipired ke fyel e pa gen oken medikaman ou byen siret ki ka retire-l toutan map viv. Mmmmmmm.

No comments:

Post a Comment