Si Digicel fè you revolisyion an Ayiti nan zafè telefonn potab pou nou menm Ayisyen kap viv nan peyi etranje tankou Etazini se you maswife nap monte ak konpayi telefonn sila.
Digicel mete you kat sou mache ameriken an pou ayisyen kap viv isit rele fanmi yo Ayiti e kat saa vann de (2) dola, lè ou finn rantre nimewo a yo di ou genyen 22 minit. Nan komansman li te bon men genyen kek tan la konpayi saa se volo lap volo kob moun selman .
Si wap rele ak you moun depi apel la koupe ou pedi kob ou a, sak pired la ou konn finn rantre kat la ou rantre nimewo a, telefonn moun ou rele a pa menm sonnen menm ou tande Good bye.
Sa rive plizyè fwa e mwen pat vle di anyen e kou saa mwen pran yè swa a anraje net. Yè swa mwen achte kat (4) kat paske mwen toujou rele paran ak kek zanmi Ayiti. Twa nan yo mwen nik antre nimewo a e menm A mwen pa tande moun Ayiti a di e sak pired la nan denye mwen nik di Allo mwen tande Goodbye. Kom prev mwen kembe nimewo pinn yo .
Jan Languichatte ta di , mezanmi aladesalmanaza. Pou you kompayi kom Digicel , sa fè wont e souple yo bay menm sevis saa pou Jamayik ak you kat de (2) dola tou e mwen pa kwè li konsaa.
Avèk pawol saa yo, map mande Digicel tanpri souple poul fikse pwoblem saa rapid rapid pou nou paske sil pa fè saa nap oblije rele sevis ki konsene-a isit pou rapote saa e denonse yo tou. Sak pired la yo mete you nimewo sou kat la pou si gen you pwoblem pou ou rele e bye mekredi denye mwen te bezwen rele you moun Ayiti pou manman mwen , mwen nik rantre kat la e se you Goodbye ki te dim bonjou, mwen te rele nimewo ki sou kat la , apre 15 minit kom pat gen moun ki te reponn mwen , mwen te oblije femen e mwen te pedi de (2) dola saa tou.
Nap fe Digicel konnen ke tout Ayisyen kap viv Etazini travay di anpil pou fè you grenn dola , tanpri mesye fikse pwoblem nan paske nou vole kob moun twop. Ooo konsaa menm , li pa bon mesyedam. Fikse pwoblem , tanpri fikse li.
No comments:
Post a Comment