Mwen fek leve e lespri mwen se Ayiti cheri li ye , mwen pap bliye di nou ke ko mwen rete sou kabann lan . Sa vle , mwen gen you nostalji kap boulvese mwen bone bone.
Le you moun pati al viv nan peyi etranje se pa you jwet non mezanmi paske li pa fasil . Se you lot bagay net. Men anpil moun lakay nou panse ke peyi etranje se La terre promise par Dieu e menm si ou ta eksplike yo, yap di ou sou bloff.
Kom jodi a se samdi mwen sonje machann kap pase kap rele men bel seriz, men bel chadek, men zoranj pou vann, mwen sonje fi saa yo kap desann ak bel panye yo nan men yo ki pral achte e pa bliye lakay se fanm ki fe mache e mesye yo regle lot aktivite.Kom se samdi timoun yo pa al lekol le konsaa nan gwo lakou yo ti mesye yo ap jwe foutbol ou byen teke mab, tifi le yo finn bale , ranje kabann , yo jwe osle , yo sote kod; nou pab bliye gwo goumen ki konn fet tou.Mwen pap bliye gwo goumen saa kite fet ant Nikola ak kamelyen pou you zafe mab. Yo te fe you kout san mab e apre yo fin peyi Kamelien premye e Nikola dezyem: Kamelien lagem mab li ya bo wonnn lan e depi sou bit la Nikola teke-l sa ki pat fe Kamelyen two byen. Mezanmi pandan Nikola bese pou-l pran mab yo , li te pran yout pye anba ti vant nan men Kamelien saa ou tande a batay e mab gaye e kom timoun mwen te pran menm dis, yo pat rete pou mwen paske anba kabann kay manman-m mwen tal kache apre de zoklo mwen te oblije remett yo. Mwen sonje tou le samdi se epok kite gen plis siveyans nan moulen kay Madan Kaleb paske timoun pa ale lekol e fok yo chache you bagay pou manje, le konsaa neg ap siveye kile jeran yo pran you poz al lakay yo pou nou pran kek bout kann le konsaaa si yo bare nou se Bondye pou ki sove-a pou ou pa pran kek kout kann.Le se epok mango , kelkeswa kote mango a ye , you bel kout woch ap lage li ate e nou pa bezwen konnen kote woch la ap tonbe paske se mango a nou bezwen.. Mwen sonje nou te konn keyi lam, kokoye ak woch tou. Le apre midi pral rive granmoun yo toujou fe you jan pou tout moun chache kot liv ye pou yo etidye, sa ki pat konn fe anpil nan nou kontan.Pa bo isit timoun nou yo rete anndan you kay pandan tout jounen , si yo al lekol ok e menm apre saa le yo tounen ou ta di se nan prizon yo ye paske pa gen lakou pou yo jwe . Sa ki fe timoun nan dezod pase sam pa konen .Depi pot ouve yo anvi sot deyo.
Ayiti se gwo peyi soley, peyi ki gen bel lanme, bel rivye pou fanm yo al fe lessiv jou samdi. Mwen sonje bel bouyon tet kabrit, bouyon fey. Mwen sonje benyen nan lanme, mwen sonje tou bel mayi boukannen, mayi bouyi. mwen sonje bel bouske neg konn oganize le samdi , chak moun sou bisiklet yo.
Ayiti cheri mwen pa kwe gen tankou ou, malgre wap depafini , malgre pitit ou yo ap fe ou pase mize,men ou toujou rete fanm mize-m , fanm delivrans mwen , fanm nostalji-m paske tout kote mwen ye, tout kotem pase ou toujou rete nan ke-m. Nan tout fanm mwen konnen ou se saa ki pi dous la.
se pa ti nostalgi non, mwen minm lèm te Haiti depim pa gen anyin poum fè, se bisiklèt mwen mwen pran pou male swa ça-ira ou byen lakil pou mal pran plezim nan lanmè.Fom diw Haiti minm lè lap deperi li pap janm pèdi valè li non, gen aktivite pou tout moun: ti moun, jèn, granmoun. mwen minm, map mouri pou li!
ReplyDeleteOh frè mwen ou fè mwen panse ak tan lontan yo. Tout't sa ou di la se la verite paske mwen pa kompran'n anyen de timoun yo non. Bon lè ou soti nan lari ak yo se pi rèd kouri tribo babo. Pa guin tankou lakay, peyi soley e bel lanmè. Mèsi frè ou fèm sonje ak tan pasé yo.
ReplyDeleteJune 17,2011, 11:05 PM
Thank You and that i have a tremendous supply: How Long Do House Renovations Take exterior home remodel
ReplyDelete