Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Wednesday, May 25, 2011

Lavi pap di ou

Ana se moun Nanpré, se moun kite lekol kay sè, se moun moun paran li pat konn sak te rele mizè. Lè manmzel finn fè filo , li enskri nan lekol enfimyè, li bat tout kandida, li lorea e li kembe kompa saa jiskaske li fini etud saa ki te dire twazan. Direktris lekol nan seremoni graduasyion rele anmwey e se premye fwa li jwenn you elev briyan tankou Ana.Manmzel pat konn jwe ak moun, ni moun bolakay li, ni paran li e tout kondisip li konn dil li enteresant anpil, li te bwode tou men li pat telman you bèl fanm, men li pat mal tou. Kom se li ki te lorea yo te bal anpil rekonpans tankou bal biyè gratis poul vini nan peyi blan, epi li te jwen bous poul al etydye enfomatik gratis, epi yo te bali you bel komputè.Pi gwo chans li te genyen yo te voye-l al fè sosyal li nan nan lopital Kanapevè, gwo koze.Nan koumansman staj la tout moun te ap gade manmzèl sou aparans paske yo pat konnen ki sa li gen nan zo bwa tet li,nou konn ayisyen, kèk mwa apre pou pefomans li yo te ofri-l diob rapid rapid, you bagay manmzel te aksepte.
Fok mwen di nou Ana pat konn zafè renmen paske manman li te toujou di-l se poul fini ak etid li anvan li tonbe nan zèfè saa; tout gason kite koze ak li, genyen kite ofri-l lo ak dyaman li pat wè yo paske li te vle swiv konsey manman li yo.Pandan manmzel ap travay lopital la, li jwen anpil doktè kap kase ti bwa nan zorey li men li pat aksepte malgre lite nan laj poul fè sa. Genyen li te renmen men gen ladan yo li pat ka menm tande yo.Gen you doktè yo rele Lafond kite lage nan ko manmzel , misye te arroyo, le-l vinn travay depi Miss Ana la, li pap fè anyen se nan ko pitit moun yo li lage, dyol misye te dous tankou siwo myel e frannse li yo ou ta di se Ti pè-a kap pale.You jou Ana tap fè de nwi e li rive yo moman nan nwit lan lal fè yo repoze e pandan li nan fon somey li santi you moun kap pase men sou li, li rele anmwey anmwey tout lopital reveye e sete Doktè Lafon ki te pèdi je crois en Dieu li, lwa moudong li monte-l, li di li te bezwen wè eske Miss Ana poko nan gason. Mezanmi gwo eskonbrit pete.Se bagay saa ki fè Ana konnen ke Doktè Lafon te marye e li te dja gen tw pitit, erezman li pat pran nan kraponay mouche. Kom direktè lopital la pat ka gade you koze konsaa selman nan je , li rele polis e Dok Lafon anba kod.Mezanmi depi premye jou yo arete misye a. Miss Ana ap pran presyion nan men ni fanmi, ni zanmi dokte-a kap trete de tout bèt e dil si misye pa lage yap fè you jan ak li.
Kom Ana pat gen zanmi chef pou ki koresponn ak moun sa yo li te oblije reponn wi prese ak you neg kite nan lapolis e kite Komisè e ki te renmen li depi li te nan lekol enfimyè. Komisè saa pat two kodyom pase saa , misye pat marye men li toujou ap fè ti pa chat li lilit ak anpil kliyan ke li te genyen, you bagay ke Anna pat konnen .Aprè twa mwa renmen , Komisè Lubin te gentan ansent Ana. Pafwa lè ou bezwen sove tet ou ou bliye tout sa ou konnen alewè si ou ta aplike yo pou tèt pa w. Men pandan ansent saa, Ana wè ke gen de pwoblem li genyen se pa pwoblem lè moun konn ansent, pov malerez li pran kouraj li ak demen lal fé you test sida e li pozitif, li te tou pran desizyion li pap rantre lakay e li foure tet anba you machinn li finn ak saa. Mezanmi men kijan Ana , gwo enfimyè saa mouri. Lè fanmi Ana aprann sak te rive-a yo peye you moun al fizye Dr Lafon kadejakè nan prizon kote li teye -a e Komisè Lubin pat pran twop tan tou pou-l fè menm wout ak Ana.Mezanmi lavi pap di ou.

2 comments:

  1. Ket Met Gerald, c toujou yon plezi poum pran tan poum li teks ou ekri. Bravo met la

    ReplyDelete
  2. Mesi anpil , mwen apresye saa

    ReplyDelete