Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Thursday, May 26, 2011

Istwa Ton Moy ak madanm li

Tonton Moy se konsa nou te konn rele li, li te rete nan katye lakay mwen . Tonton Moy se te neg kite renmen al legliz li chak dimanch maten  e pa gen moun , ni lapli kap fel rate randevou saaa.Si ou te bezwen konsey li,  li toujou la poul reponn demand ou yo e nan tout sijè.Tonton Moy se neg ki bwodè tou paske li toujou gen ves li sou li. Li konn rakonte nou le-l te jenn gason jenn tifi yo te konn tonbe pou li anpil e li di li pat konn pote pantalon li pou bel twèl. Li rakonte nou you istwa sou li ak madanm li.
Li koumanse pou-l di ke li menm li pat konnen sa yo te rele grangou ak touni le-l te tou piti paske manman li ak papa li te gen de kwa . Le-l gen vintan li te telman bwode li te gen twa mennaj , men youn pat konnen lot.You apre midi pandan li ta prale kay grann li se konsa li rankontre you mesye kite tonbe endispozisyion sou wout la, e kom moun kite renmen ede moun, li kouri chache dlo e ede mesye saa kite tonbe a.Li te fè tout sak posib, chache moun e ede tonton saa al lakay li.Jou saa li pat menm ka rive wè granmè li paske li te bay tout tan pou lepè saa.Lè li rive kay tonton saaa tout moun te kontan pou jes saa ke li te fè a e li te pwomet yo lap tounen poul wè kouman misye ye kek jou apre.Apre you semen li tounen e fwa saa tonton saa te prezante-l twa bel pitit fi ke li genyen.Men pandan ke lepè tap prezantel pitit yo , li te santi gen you bagay ki pa mache byen ant timoun yo ak papa a.Misye pase kek tan ak moun yo epi lale , men gen youn nan medam yo ki rele Alourdes ki atire ton Moy paske seli kite pi bel.oooooo Ton Moy pran gou preske chak de semen li monte la-l we lepè a e you jou li te poze Alourdes kesyion, manmzel te telman pè li pat vle pale ak misye paske li te dil papa yo pa vle yo renmen .Kom tonton Moy sete you bon kok, li koze jiskaske manzèl reponn , manman Alourdes konn bagay la, li pat gen pwoblem ak saa ditou paske li di Alourdes se premye pitit e li gen laj poul renmen .Jou ale jou tounen , you jou  madanm te oblije di mari-l ke Alourdes renmen ak zanmi saa ki te sove-l sou wout la. Mezanmi madanm lan pot ko finn pale li te pran you souflet e Alourdes te pase li menm tou you move jounen. Lepè a te telman fache li voye komisyion bay Moy ,poul pa met prent pyel nan lakou lakay li anko.Tonton Moy di nan tout mennaj li pase li pa kwe gen youn li te renmen plis ke Alourdes, e saa papa Alourdes ap fè yo fel renmen li plis.Jou ap vanse malgre Alourdes ap pran baton li pa janm dekouraje e li te di Moy pa gen moun akp fel kite li. Le Moy we saa , li kite lot mennaj li yo.Kom mOy te gentan ap travay li te mande moun lakay li pou yo al prezante pou li, ooooo papa Alourdes pa dako, manman dako, papaa di non.Tout saa fanmi Moy te fè , tout kote yo pase , papa Aloourdes ap bay pwoblem.Gen you zanmi Moy ki konseye -l ansent Alourdes, you bagay misye pat pran tan poul te fè. Lè papa Alourdes konnen li mete-l deyo, e manmzel tou desann lal jwenn Moy. Kom granmoun Moy yo , sete moun prensip yo deside marye mesye dam yo, manman Alourdes, sel yo aktout lot moun vinn nan Maryaj papa-l pa mete pwent pye. Se konsa Moy di li marye ak madanm li. Lè papa Alourdes pral mouri lap agoni, li mande pou yo al chache Alourdes pou li, manmzel pat vle ale men mari li Moy dil se you obligasyion poul ale e li dil bliye tout bagay. Lè Alourdes rive papa leve tet li pou-l di:Pitit fi mwen mande ou padon pou tout sa mwen te fè w ki mal, tanpri di mari ou mwen pa rayi li tou, dil pou mwen tou se pa tout le ou fè byen pou moun ou jwen rekonpans, li kontinye pou-l di Alourdes ou gen you bon mari, jere-l. Li finn di saa epi li depoze tet li e se mouri li mouri.Tonton Moy finn rakonte-m istwa a, madanm li rele li pou-l di-l men telefonn fek sonnen Anabelle , ki se premye pitit li fek akouche lopital li fè you tigason.

4 comments:

  1. kontinye konsa pou ti moun kap vini yo.

    ReplyDelete
  2. istwa sa se yon istwa vrè Gérald? antouka ou mèt kontinye wi pandan ou ka inspire toujou, pou kite bon bagay pou generasyon kap vini demin yo.

    ReplyDelete
  3. bon bagay se nèg yogann mwen fou yo!!

    ReplyDelete