Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Thursday, June 16, 2011

Ki sa pou yo fè ak ou Sannon?

Depi ou fet wap bwe let san redi, wap grandi yo voye-w lekol se boyo wal kole .Ou vinn granmoun se moun wap pale mal.Ou pa janm travay you jou nan vi w. Menm ak you fanm ou pa janm koze e pinga you mou pale de zafè bo devan ou.. Tout pasyion ou se radote, pale anpil, foure nen ou nan saa ki pa regade.Depi you moun abiye , li gen you kay ou you machinn se volo li volo, ou byen li nan dyab ou byen li nan de sis kole. Ou telman parese tout bet nan bwa pè w e depi yo we w ap vini yo kraze rak, chen menm se papale.Yo di jou ou te fet la lapli fè jounen an lap tonbe, kapab se sak fè ou konsaa.Lè yo di ou pou al legliz ou di saaa se bagay moun ki pa gen anyen pou yo fè, kou ou tande you kout tanbou rara ou kouri ouvè radyio ou e ou bali tout volim pou ou saa pa tande anyen.Manman ou di ou telman pa bon pandan nef mwa li pote ou a se vomi , se krache e papa w te oblije kite chanm nan bali. Anmweyy gade you ti nonm ou led , ou sot e ou manje anpil.Yo rakonte you istwa sou ou, yo di premye jou yo menen ou lekol ou fè tout jounen an wap kriye paske yo di ou di: Ki zafè lekol saa e si yo gade ou jiska jounen jodi a depi jan je w chire a ak jan bouch ou fann nan , tonè krazem ou te fout dil vre. Ti sè ou a di tout moun se nan you sèl bagay ou fo se nan ronfle, twa motè kamyon Mak paka kembe ronf ou.Se pa moun selman non ki gen pwoblem ak ou non, mo se pired. Nan denye anteman wale a , mo a telman fache lè yap foure-l nan tou a tout moun tande li di ki sa nonm saa vinn chache la.
Yo di ou visye tou wi, depi wal ka you moun toutan chodyè pa desann oupa chache wout lakay ou se sak fè ou te manke goumen ak Bermann paske li te mete you woch bouyi e ou menm ou te konn se mayi ki tap bouyi.

Ou wè li ou pa bon menm, sim te nan plas mwen ta al Sous Puant al benyen pandan twa jou e konsaa tout vye defo sal ou yo ta ale.Se kon saa pou yo ta rele ou vre : Sannon paske pa gen moun sou tè a ki sanble ak ou e you tout gen non

No comments:

Post a Comment