Nan kek jou anko map gen karantan e pafwa map poze tet mwen kesyion kilè mwen gen tout laj saa. Men jou ale jou vini mwen te piti, mwen grandi , mwen gen anpil zanmi konsa tou mwen gen anpil enmi bagay kelkeswa moun nan pa ta renmen genyen.Menm si mwen pa you neg ki renmen al legliz , nan vi mwen Bondye fè anpil bagay. Mwen remesye manman mwen ak papa-m ki fe anpil sakrifis poum te ka moun mwen ye jodi a.Nan lekol, nan travay, nan lari a , isit nan peyi etranje mwen rankontre anpil moun ki pa sanble e se nomal. Genyen ki zanmi -m, genyen ki eksplwate ou e genyen tou ki fè anpil tripotay sou ou. Bon jan nou konnen li an tout moun se moun men tout pa menm.Youn nan bagay moun toujou reproche mwen seke yo di mwen gen yo move karaktè, mwen pa renmen pale ak moun e mwen dwol. Chak moun gen fason pa yo e mwen santi-m mwen byen konsa e si pafwa mwen choke nan fason ke mwen , mwen konpote , mwen mande moun sa yo padon.
Fwa pase a mwen te ekri you not sou Facebook e mwen te retire-l rapid paske te gen you zanmi ki pat apresye not mwen e sete de vi mwen mwen tap pale. nan not saa mwen te di : gen de bagay ki rive you moun ou pa konn pou ki saa se ou li rive e menm si ou kouri lap rive ou kan menm. Menm jan ak tout moun , vi-m make ak anpil bel eksperyans konsaa tou gen anpil move eksperyans ki make-m e mwen pap janm bliye yo jiskaske mwen mouri. Toutan wap viv lap toujou konsaa e se la vi menm ki konsa.Ou konn finn planifye you bagay byen pwop, lel rive pou-l reyalize you anpechman rive rapid rapid e pafwa si ou pa pran tet ou , ou ka fou ou anraje.
Pandan ke mwen di mwen pral gen karantan mwen aprann anpil de moun ki pi gran pase mwen, de moun ke mwen travay ak yo, mwen aprann anpil de elev mwen yo, mwen aprann anpil de manman-m ak papa-m , de fre-m ak sè mwen yo, de madanm mwen ak de timoun mwen yo, mwen aprann tou de moun ki pa zanmi-m, mwen aprann anpil de pwofese mwen yo, e anpil de sosyete a.You-n nan bagay mwen konprann byen lè ou ka ri , fete, banbile, danse se pou fèl, lè ou ka rete lakay ou, reflechi, panse li bon, lè ou ka kriye , se pou ou kriye . Gen de bagay kap pase w, gen de bagay ki rive -w se you kout anmwey pou ou fè pou ou santi ou alez. Lè ou kriye se pa lach ou lach, men se pouse wap pouse sa kap toufe ou a deyo, sak pa bon an deyo.
Pandan map viv mwen pa konnen konbyen moun ke mwen te konnen ki ale e nou gen you egzanp vivan devan nou sak sot pase ayiti 12 janvye pase a: Anpil zanmi, paran ale nan mwen you minit.Nou oblije viv chak segond nou genyen pandan ke nap respekte tout moun nan fason ke yo . Youn nan fraz mwen renmen repete nan vi mwen se saa: Je me laisse aller par le courant de la vie.
No comments:
Post a Comment