Asefi te gen twazan edmi lè manman li menen li lavil poul al rete kay madan Andre.Kom manman Asefi te gen kat pitit fi e li pat ka pran swen yo e ke papa yo te mouri li te oblije ap chache moun, gwo moun lavil poul bay yo jan manman-m ta di.Pa gen moun Leyogan ki pa konn madan Andre : se you gwo madanm li lajè you bèf e li gen pi gwo komes nan vill la e kom li pat ka fè pitit malgre ke li te apante tout pye sen, tout gangan , tout kafou, pat gen anyen ki te ka fè madanm saa fè pitit.Lèl te resi kwaze ak manman Asefi ki te dil lap mennen timoun saa bali, li pat ka ret tann.
Manman Asefi te konnen ke madanm lan sete you timoun ke li te bezwen ret ak li, men se pat saa.Jou maten saa lè manman rive ak Asefi li te remet madan Andre batistè a tou.Madan Andre te pase you kondisyon ak madanm saa poul dil ke li pa gen dwa sou piti saa anko , se kom si se kado li fel kado pitit saa.Kom manman Asefi bat gen mwayen li te oblije aksepte vye kondisyion saa e madan Andre te di manman tou pou-l pa pale pawol sila.
De jou apre madan Andre finn jwen Asefi, lale kay Ofisye Eta sivil kite pi pre a li peye you lajan e li chanje non Asefi, li rele li Germaine paske li te trouve non Asefi te tro koryas.Nan batistè sila li se manman e mari li se papa, nou konn bagay yo.Mezanmi Madan Andre vinn gen you lot okipasyion apre boutik li ya se Germaine.Se bere madanm saa ap bere Germaine , e Germaine li menm kom timoun chanje plimay tou. Lè Germaine gen vinn gen katran li mete-l li nan pi gwo Kindergaten kite gen nan vil la, men anpil moun tap poze tet yo kesyion ki bo madan Andre jwenn bel pitit saa.Se konsa Germaine ap grandi, le-l fini kindergarten , madan Andre mete-l lekol kay Sè nan vill la e lè Madan Andre remake ke Germaine ap grandi, li dil li pavle li gen zanmi.Apre setifika , li voye Germaine al lekol Potoprens.Fanmi Madan Andre yo pat vle we Germaine, paske yo di si madanm saa mouri tout bagay yo ap rete pou Germaine. Jou ale jou vini e komm granmoun toujou di ou paka kache verite, lè Germaine rive na Filo li kwaze ak you ti jennjan potoprens kap kase bwa nan zorey li . Men Germaine pat two sou saa non e you jou ti gason saa te envite manmzel nan sinema e yo tap pale de fanmi yo. Ti gason saa te di Germaine ke manman li ak papa li se moun 13e seksyion Leyogan men yo te fel Potoprens e Germaine te dil li se Pitit Madan Andre gro komesan vill Yogann .Yo te kontan fe konesans saa. Men Germaine pat vle reponn jenjann saa ki tap kase ti bwa nan zorey.
Lè ti jennjan saa rive lakay li eksplike manman li ke li kwaze ak you bel tifi ki rele Germaine e li dil ke li se moun Leyogan e ke tipitit saa se pitit madan Andre , kwo komesan e li mande manman li eske li rekonet li. Se lè saa manman-l ap dil pran prekosyion paske Germaine pa pitit Madan Andre , se pitit you sel bo kot papa li ye e bon non li se Asefi , bagay saa manke touye ti gason ak sezisman.Kom misye pat ka kembe pawol la , lel kwaze ak Germaine li dil saa e Germaine pat vle kwe tou. Lè Germaine rive Leyogann li te poze madan Andre kesyion an ki pat reponn e ki te degaje-l voye manmzel pati nan peyi laba komm repons.Germaine pati e madan Andre dil poul pa janm tounen ayiti. Mezanmi le madan Andre mouri, Germaine antre vinn antere e se le saa fanmi madan Andre yo ap dil ke li pa pitit madanm lan. Komm tout byen yo te sou non li , li te remet yo bay fanmi madanm lan e apre li chache konn manman li e pati laba ak li.Li te di you bagay ki te atire atansyion mwen : Yo met pran tout bagay , komm mwen gen konesans ma travay pou-m gen pa-m.
No comments:
Post a Comment