Nan katye lakay te gen you chen ki rele Pabliye. Chen sila pat kon-n nan jwet ni ak volè, ni etranje kap pase ou vini nan zonn nan. Chen saa se pou Komè Tiyaya, men pou sèvis li rann nou li vinn pou tout moun.Daprè sa mèt bet saa rakonte sete you lè li te sot nan mache e Pablie kite tou piti te suiv li rive jisk lakay li. Li te pè kenbe-l men sou konsey mari li ak pitit gason li, li te adopte tichen saaa e li bali komm non Pabliye.
Pabliye konn tout moun nan katye a soti nan timoun pou rive nan granmoun. Depi you moun nan zonn nan pral mouri nou toujou sispek saa nan jan Pabliye ap jape lavey ou byen jou moun nan ap kase kod la.Gen moun nan zonn lan ki di Pabliye pa you chen se you dyab, gen lot ki di menm si ou bali pwazon li pap pran e pa sezi non machinn frape li plizyè fwa li pa genyen anyen.
You maten tout moun te leve e yo pat wè Pabliye, yo te chache li tankou eping titet yo pat rive jwenn li, yo te bouske tout kote, nan tout kwen e menm ale nan tout zonn kite pi pre yo, yo pat ka jwenn li. Tristès te anvayi tout moun nan zonn lan. Apre twa jou Tonton Sylvain te jwenn Pabliye anba you jaden kann ak you je-l pete e li te tankou you bet yo te bat anpil. Tout moun tap poze kesyion pou yo konnen ki yes ki fe zak saaa sou chen saa yo renmen anpil la. Tout katye a te mobilize pou bay Pabliye tout swen ke ka li a te merite , men je a te pete net. Lè Pabliye finn refè e malgre li te gen you zye, li te paret pi move , pi entelijan, bagay moun pat ka konprann.
Nou konnen preske chak katye gen you vye malfektè, e saa kite nan zonn mwen an te rele tiAndre, nou te ajoute pye sal deyè non saaa.You jou li te soti Potoprens , e se premye fwa mwen te wè misye fre konsa, e pandan li tap rantre lakay li mezanmi Pabliye te vare sou li e sa nou tande a, bet saa te dechire tout rad ki sou misye , model nan tout kol e menm te vle pete tou de zye-l ak kout dan, se gras ak kek moun ki fé Pabliye pat fini ak li. Nou te panse ke Pabliye te vinn you chen anraje. TiAndre pye sal te telman mal , yo te kouri lopital ak li poul pat mouri. Pandan misye kouche sou kabann lopital li te temwaye ke se li menm ki te kenbe Pabliye you jou swa mare li , pete je li sa ki pat fasil paske li te bezwen je poul te regle you koze pou you moun. Menm si tout moun te konnen misye malfektè yo pat panse sil ta fe Pabliye travay saa e menm madanm li ak pitit li te wont yo te kite katye-a anvan misye refè.
Si ou rive nan katye lakay ou wè you chen koulè jonn e nwa , you je pete konn se Pabliye, fè anpil atansyon ak li . Pabliye pa you moun men pou konesans li , pou jan memwa li fidel li pa tout kretyen vivan. Chak lè mwen sonje istwa sila mwen sonje gran papam ki te toujou konn di nou pinga nou janm fè ni moun ni bèt mechanste paske you jou nap peye saa kan menm .
No comments:
Post a Comment