Sete you samdi maten , jou bese leve, jou abitan ale nan mache, jou tout moun ap chache kote lavi-a fè kwen. Erzulia, madanm saa ki te gen kat timoun , te pase you nwit blanch , you nwit kote kol te anndan kay la men lespri li tap kouri nan kapital, nan monn, lavil tankou andeyo paske men-m you klou li pat ken anndan kay la alewe sil ta gen you gouden poul bay timoun yo manje.Erzulia te gen kom mouche Rigaud ki mouri nan zafe eleksyion, yo te bali kat kout kouto nan you meeting yo tap fe pou ansyen majistra vill la. Le misye mouri a Jonas ki gen senk an kounye -a te gen twa mwa; mwen pa bwezwen di nou , se pat you neg zafel te bon men li te pifo nan kouri deye neg ki nan politik paske li te toujou panse se la li ka souse you zo. Zafe lanmo bon papa saa te chalvire net lavi Erzulia ak kat pitit li yo. Pi gran te gen douzan, dezyem set , twazyem nan se you fi li gen sizan e mwen pa bezwen di nou anyen sou denye a.
Le-l fe jou premye kok la chante Erzulia bay twa kout plenn paske li we nwit manch long lan rive nan bout li e li poko we sa lap fe ak kat ti lezanj saa yo ke Rigaud te kite nan men-l pou you vye zafe eleksyion.Anndann kay la ou tande tout kalite wonf , timoun yo ap domi , yo pa met tet yo , yo pat di moun fe yo yap domi.Lel preske fe wuite , madan Rigaud pata desann kabann non men li oblije paske se responsabilite -l poul nouri timoun yo.Li leve li fe vye siyy de lakwa, li di Bondye papa jounen nan men w.Li poko finn di saa timoun yo leve younn apre lot. Mezanmi nou konnn timoun depi yo leve, je finn lave e kilave ato fok yo jwen you bagay pou pase nan bouch e kay vid pa gen anyen . Erzulie fe tout kalite refleksyion, li ta ale kot gran fre li Josef you nonm afel bon, li di misye pral joure, li ta ale kot kome Alourdes, mmm li dwe-l deja, li ta ale kay Messou al pran you ti kredi li dwe-l deja.Ket mesye li di bwaa mare nan kwat pwen e pa gen younn li ka delage. Nan reflechi reflechi li pran desizyion poul pran panye li e menm si li pa gen kob poul fe you rive nan mache a petet lagrass ka tonbe . Nan wout poul ale nan mache li rankontre ak plizyè zanmi li , men podyab li wont poul rakonte yo istwa li.Kou ki pral touye li net anvan li rantre nan mache li rankontre ak ansyen majistra ke mari li nan kanpay li te mouri a, lel wel li kontan paske li panse misye te ka bali you monen , okontrè misye fè tankou li pa konnen li, bagay saa, rankont saa kraze moral Erzulia net.
Li rantre nan mache menm jan ak tout lot moun san okenn espwa. Le-l pase nan riyel kote moun yo ap vann diri a li rankontre ak komè Tifanm ke zafel te bon ki fel kado 100 pyas, lajan saa sete Bondye ki te desann pou Erzulia. Mezanmi li kouri di mesi e achte kichoy pou pote pou timoun li yo.Le-l rive lakay pipiti a te de ran dlo de ran larim paske li pat ka sipote anko paske gwo trip li tap vale pipiti a.
You jou swa Erzulia ak tout timoun li yo tap domi , yo te nan fon somey, vagabon mete dife nan vye kay kote yo te rete a , se chans pa yo ki fe yo pa mouri. Erzulia te oblije tounen andeyo al rete kote manman-l te rete-a ak timoun yo.
Avan yè mwen te rankontre Erzulia ak de mouchwa mare ren li paske denye pitit li a mouri nan kolera e menm kadav la yo pa bali.A la traka pou ou lave kay tè. Si ou ka ede-l degaje -w fè saa rapid paske ou ka ale kote li rete a e yo di ou frè lanmo pase pran-l.
No comments:
Post a Comment