Mwen te kwaze ak Veniz you dimanch maten pandan mwen ta prale legliz Sent kwa. Jou sa mwen te an reta paske mwen te pran tout tan mwen pou mwen gade li. Kom li te ansanm ak manman li mwen pat ka dil anyen.Non konnen paran ayisyen pa nan radot ak moun devan pitit fi yo.Je-m te nik tonbe nan je e li te souri e souri te tankou yo soley .Souri saa te ajoute you lot bagay sou bote Veniz.
Lè mwen rive legliz laa saa pè a tap di a pat enterese-m ditou paske lespri te nan machinn ke bèl ti pitit saa te monte ak manman li a e menm si mwen pat konn kote yo ta prale.Tiparis ki te chita bo kote-m nan tap mande-m ki sak pase -m jodi a paske li te wè-m lwen e kom neg ki dwol mwen pat vle rakonte li anyen.Mwen te fè tout semen nan ap reflechi sou koze saa e menm etidye mwen pat ka etidye.Jou ale jou vini apre kek semen mwen bliye koze saa.Mwen sonje sete you vakans dete granmoun mwen te voye-m al pase kek jou nan zon Fondwa, you kote ki bay anpil manje tankou zaboka, mayi ak lot pwodwi . Kom te genyen you wout ki pase bo kay la, you samdi aprè midi pandan tout moun ap soti nan mache e se gade mwen gade mwen wè menm imaj saa ap pase devan mwen an.Li te nik wè mwen e li te tonbe ri menm jan ak premye fwa-a, mwen te ranje kom poum te di you ti bonswa e se konsa mwen tande you vwa ki di : Veniz mache non.Bouch mwen te rete tou louvri e li pat ka fèmen tank mwen te sezi paske sete menm madanm mwe te wè ak li premye fwa. Kom Fritzner pitit zanmi manman-m nan te bo kote-m mwen te poze-l kesyion poum mande-l si-l konnen tipitit saa e se lè saa lap dim li rele Veniz e li pa rete two lwen la.Nou konnen moun andeyo si yo di ou se la pa bay tet ou pwoblem wap mache jiskaske mayi mi e se pat manti misye tap fè fanmi Veniz pat rete two lwen .
Nan poze Kesyion Fritzner dim lke Veniz gen seizan , se youn nan pibel timoun nan zonn , men moun lakay li pa jwen ak li.Mwen te mande-l sil renmen -l li dim non.Li made-m tou sim enteresse mwen di-l mwen pa konnen . Fritzner pat timoun piti li te konprann ruz mwen an .You maten nou te finn bwè kafe ak you bèl moso pen emisye te dim ann pati e konsaa misye al ateri kay moun yo ak mwen , men malerezman Veniz pat la, li te al chache dlo. manman Veniz te ofri nou kafe , men sa at enterese mwen paske se pa kafe mwen te finn bwe , se Veniz mwen te bezwen wè e Fritzner te prezante-m bay moun yo poul di mwen se timoun lavil e mwens e pitit you zanmi manman li.Apre you tan nou wè Veniz kap vini ak you bokit dlo sou tèt li, mwen te telman gade-l manman an te sispek e li te made-m sam genyen mwen gade pitit fi li a konsa-a , mwen pa reponn.
Mezanmi se premye fwa mwen twouve mwen nan you sitirasyion konsa e mwen poko janm koze ak you fi e sak pired la mwen damou.Apre kek tan nou pase lakay yo a nou bay kek odyans , nou ale.
nan dimanch male legliz e chans pou mwen li te la e granmoun li pat vini. mwen te pwofite apwoche li ak you timidite ki te twop e la nou te komanse pale. Kom tan mwen tal pase -a te fini emwen pat ka rete mwen te oblije tounen lakay mwen , men lespri mwen pat janm soti sou Veniz.Apre twa mwa, zanmi manman mwen an te pase we-l e mwen te mande-l kouman Veniz ye e se konsaa li dim veniz ak tout manman li kite peyi depi demwa paske papal te rantre vinn chache yo, yap viv Canada. Sete pi gwo kou mwen te pran jeness mwen paske mwen te pèdi premye fi mwen te renmen an.
Lè mwen vinn gen trantzizan, mwen te pati al fè you tivizit nan lakou Orlando e se konsaa mwen vinn kwaze ak Veniz nan you Walmart ak twa timoun, li pat konnnen mwen e mwen pat konnen li tou.Ou ka ap poze tèt ou kesyion pou mande kouman mwen fè konnen ke se li. Eben kom se ka Fritzner mwen te desann , se ak li mwen te al achte kek pantalon , li te kontan wè misye e se konsaa Fritzner ap dim se li.Malgre li te gen twa pitit li te toujou bèl, men mwen pat ka dil anyen paske li te marye e mwen menm mwen te gentan marye tou.An verite mwen regret li.
No comments:
Post a Comment