Jozefinn sete you tifanm kout, gra kou chat e pat gen you neg pou ta wel pou ou pa gade li .Jozefinn se madanm saa kite konn vann mango devan simitye-a; mango li te konn vann yo sete fransik, madanblan ak konn.Kliyan li yo te toujou kontan paske yo te toujou dous e yo pat konn gen ve. Lot machann kite bo kote-l yo pat vle we-l paske li te toujou gen plis kliyan pase yo e li te toujou konn finnvann bone bone. Si mango li yo te toujou dous, dyol li te dous tou pou jan li te konn resevwa , pale ak kliyan li yo e saa te konn fe yo kontan anpil.
Machann mango saa te gen kom mari you nonm yo te rele Ti Marcel, misye te dyole anpil , gen moun ki konn di se le misye mouri selman lap kite metye dyole saa; men misye te jalou anpil pinga you moun pase bo madanm li.You samdi Josefinn te al achte mango nan mache Dabonn poul al revann e kom li pat two prese jou saa li te fe you pase lakay li, mezanmi li jwenn kompe Marcel ak you lot fanm ann dan lakay li ya epi sou vye divan li ya yo tap fe you ti degaje, nou konprann zafe gason ak fanm. manmzel te sezi e li pat di you med, li te fe kom si pat gen anyen . Jou saa tout moun : kliyan plis lot machann yo e menm si yo pat zanmi li vre tap mande ki sak pase Jozefinn paske li te pedi bel vwa dous li a e figi li te tankou you lanp tet gridap kap fose limen paske li pa gen gaz jonn.
Jou saa seli ki kite devan simitye a an denye.Li tap panse, li tap reflechi ki saa poul fe ak Ti Marcel papa koken a paske yo te toujou konn dil ke misye ki plizye kliyan men li pat janm kwe e jodi a li we ak de nawe li tout bagay. Le fe bren rive , li ranmase res mango yo poul tounen lakay, li pa vann li pat menm we saaa tant lap kalkile. Tout nan wout la se pali kila ou ta di kol ap mache men lespri li nan zonn Chansolme, Cayes -Jacmel ou byen Ouanaminthe. Le li rive lakay li tout pot te femen e kom li te gen kle pa-l saa pat pwoblem poul te rantre; premye kote lale se nan chanm kote li te we aksyon a. Li mouri net paske yo kite travay pou-l fe paske dra yo te chaje ak lobey ke mesye dam yo te kite pou li. Bagay saa te fel rele anmweyy twa fwa, men rel saa yo pat gen vale paske pat gen moun nan vwazinay kite tande.
Le-l fe neve di swa li tande pot la ouve e se mouchje Marcel ki te rantre , li pat menm okipe-l selman li tap mande kote manje li fe a.Marcel te konnen byen sa li te fe a e sete you jan poul te pase Jozefinn nan tenten .
Jozefinn pat okipe-l nan sa li tap di a e kom anndan kay la te gen you gwo pilon, mezanmi se ak manch la li te rive touye misye, e sete deye kou selman li te bat li.
Pinga moun mande-m pou Jozefinn, sel bagay mwen ka di nou , nou met ale nan gran prizon Potoprens sela jou Jij voye manmzel al pouri nan you kwen , men pa di moun si se nan bouch mwen nou konnen ke mouche jij saa se mari you se Ti Marcel.
Marcel al bwa chat apre li finn fe konesans ak Joj. Se gwo koze. Kenbe la jenn gason.
ReplyDelete