Li rete nan zon Gwayav e se you neg depi li piti moun lakay li ak moun nan zon nan renmen anpil.Mwen vle pale de frè Sonson.
Frè Sonson se neg ki pi bwodè nan zonn nan e lè-l pral legliz lè dimanch pap gen moun anndan legliz la ki bwodè pase li.Gen moun ki konn ap di misye genlè se pa legliz li ale men se wè la-l fè yo wè li gen bèl pantalon, bèl chemiz, bèl kol ak bèl soulye.You jou Pastè legliz la ki se Pastè Giyom te mande-l pou-l priye pou asanble-a , mezanmi frè Sonson ki pat konn pale franse al fè you priyè nan lang saa, anmwey legliz la kraze tann fidèl yo te ri.Pastè Giyom pat kontan ditou de kompotman fidèl li yo.Frè Sonson te telman wont li manke kite legliz paske li te fè you mwa yo pa we-l li.Pastè te oblije fè devwa li pou-l al mande frè Sonson pou-l tounen men you bagay ki pat fasil. Frè Sonson se neg ki te kwè nan tèt li anpil , menm lè li te fè you bout klass katryem segondè li te panse se filozof li ye jan nou menm ayisyen nou renmen di-l la.Kom li pot ko gen madanm e li tap file Sè Jezila kite nan menm legliz ak li, Sè-a te refize bay Frè saa kè li . Pou Sè Jezila sal te panse de mouche se pat saa.Tout sa frè Sonson te di masè li pat aksepte.Lè Frè Sonson gade li wè li paka renmen ak fi saa li al andeyo lal eksplike papa-l sak rive -a. Papa-l te konseye misye pou-l al wè you boko pou rezoud pwoblem saa,you konsey ke misye pat menm bay valè.Tout moun te vinn wè ke frè Sonson ap bese, yo te konnen se malad li te malad men se te maldi damou ki tap touye monfrè.
Jou ale jou vini e kaka je pa linet.Frè Sonson kwaze ak you zanmi danfans li ki ap travay kom you gwo avoka nan lakou Potoprens e lè frè Sonson eskplike misye koze kite rive-l la , misye di Frè Sonson li menm li tap konseye li tounen lekol,mete tout ogey de kote al lekol e li pa janm konnen rev li ka reyalize you jou.Apre you pakèt refleksyion Frè Sonson tounen lekol , komansman an pat fasil pou li paske li te gen anpil tan li pat louvri you liv.Pandan tan ap pase se Jezila gentan jwen you lot frè legliz la ki te renmen li, yo plake e yo marye. Jou maryajj saa Frè Sonson kriye tankou timoun piti e menm envite yo te envite li, li pat met pwent pye li.
A trantdezan Frè Sonson fini ak koze lekol saa e li bay tet li misyion pou-l vini Pastè menm jan ak pastè Giyom.Misye te bay tet li misyion saa se paske li te toujou renmen Sè Jezila ki gentan marye e ki gen you pitit. Li te toujou gen nan kè li fok li gen fanm saa kan menm.Lè Frè Sonson ap odone Pastè la-l kay Se Jezila pou-l envite nan seremoni a, Sè a te vle ale men mari-l pat aksepte. Frè Sonson pat pote li byen ditou nan seremoni saa paske Sè a pat vini.
Kom Frè Sonson pat ka jwen legliz li te aksepte asiste Pastè Giyom. You dimanch aprè midi apre you reyinyon, pastè Sonson di Sè Jezila pou ret tann li li gen you bagay pou-l di-l e se espre li te fè paske mari Sè Jezila a pat avè li.Nan ti koze saa, frè Sonson di-l li toujou renmen li e li pa gen pwoblem menm si li gen you pitit , lap pran-l konsa. Sè Jezila pat konprann bagay saaa e Frè a te di-l lap tann repons li.Kom frè-a te anmerde-l anpil e li te wè malgre sak pase -a Sonson toujou renmen li , li te oblije kraze premye maryaj li te fè-a.Pastè Guiyom flanke tou de deyo nan legliz li a.
Jou Sonson ak Jezila tap marye a, tout moun nan zonn nan te fè deplasman, yo te al marye nan legliz kay Pastè Kleman paske li pat gen pwoblem ak de moun saa yo.Nan seremmoni an pandan pastè Kleman ap di Sonson eske li vle pran Jezila pou madanm li pou toutan gentan, ansyen mari Jezila a rantre nan legliz la li fizye ni madanm, ni mouche, ni pastè e touye tet li e tout moun kouri.Trajedi saa kite you chagren nan zonn nan pandan plizye ane e se matant Nanprenfanm kite kase banm moso.
No comments:
Post a Comment