Map travay seryezman sou sit la , pran you tipasyans tout bagay ap ok . mesi pou konpreansyion nou.
Bonjour à tous
Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.
Wednesday, May 25, 2011
Mèt Gerald
Mwen te komanse anseye an 1986 e le saa mwen te gen sezan e sete you zanmi ki tap kite e ki te mandem poum ranplase li. Sak pi red la elev mwen yo te pi gran pase-m , bagay pou ki ta fè nou ri. Mwen sonje Sr Umaine te dim ou ka anseye men ou paka enpoze w nan klass la. Le-m te finn fè etid segondè mwen you lot sè ki pral jwen yo gwo wol nan lavim mande-m poum ale enskri lekol nomal siperyè e san grate tet mwen te enskri e mwen te pase nan konkou saa.Se konsaa mwen pase twazan nan lekol saa ap mete anpil bet sou mwen poum te al ede moun lakay, men bagay la bat dous pou moun lakay mwen paske moyen ekonomik la pat telman bon pou yo. Mwen sonje you jou mwen te al lekol manman-m te ban mwen kob ale a selman e li te dim lem tounen lap tann mwen nan stasyion poul ka banm kob tounen an e vwala lem ap tounen depi Gresye lapli ap tonbe, lem te rive devan Byenveni li te rete nan lapli a ap mouye poul tan lem rive poul peye pou mwen paske li pat vle chofe ou byen travayè gen pwoblem ak mwen .Mwen te koumanse travay nan segonde nan lekol sent kwa a ak lekol John Wesley nan lakou Difo. mwen te travay nan Suren, nan enstitu Abella. Mwen pat konn jwe ak elev mwen yo paske mwen te vle chak nan yo vini you bagay demen e yo ka temwaye saa. Sete pasyion mwen anseye e se you gwo bagay le wap transmet bay yo lot moun konesans. Bagay la pral pi bel le Sr Esta mandem poum travay ak timoun nan Elemante 2, Moyen 1 ak Moyen 2, la anko sete youn nan pi bel eksperyans nan karyè saa mwen te fè, poum te travay ak timoun saa yo. Gen anpil mwen we kounye a mwen pa rekonet yo e yo fem sonje yo, genyen tou ki bliye-m. Mwen te toujou panse ke lekol paka fet toutan nan mitan kat mi e se konsaa mwen te toujou konn oganize aktivite tankou: Bouske, joune e lot aktivite. . Mwen vinn pa anseye anko an 2001. Mezanmi metye pwofese a an ayiti pa gen kob men tout kote ou pase ou gen you grenn elev ou. Sou facebook mwen chaje yo e chak le mwen pale ak youn kem kontan.Menm jan ak tout pwofese ki te fome mwen yo mwen santi mwen gen you tikal yo nan mwen se konsaa mwen santim gen you tikal mwen menm nan yo.Map pwofite antenn facebook poum di you tout : mwen renmen yo anpil.Menm si genyen ki konn repwoche-m mwen te two di , mwen te konn bayo bel tap boule niche, bayo kout sentiwon , men san pwoblem yo tout te renmen mwen . Male
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
No comments:
Post a Comment