Se disetan mwen te genyen le mwen te kwaze ak ou premye fwa, jou saa kom timoun ou te fe loloj mwen pati tankou you bato lam lanme al lage you kote lwen apre you gwo van. Mwen sonje sa jouk jounen jodi a , se nan twazyem segonde mwen teye e ou menm ou te gen kinzan ou te nan senkyem.Sete nan mwa doktob e lekol te fet louvri, ou pat fe sizyem nan lekol saa men paran te fe ou kite lekol kote ou te ye a pou vinn nan lise-a.
Jou maten saa mwen te we-w la mwen te di nan ke mwen saaa se you tizanj ki fet tonbe e ki soti nan syel.Mwen te telman timid li pat fasil poum te abode-w.Mwen sonje sete nan mwa novanm pandan yo bay rekreyasyion pandan mwen tal achte you ti pistach e se pandan tan saa tou ou te vinn achte, je-m te tonbe nan je -w e mwen te di ou you ti bonjou e ou pat menm okipe-m ak bonjou sila.Lem te we -w de lwen mwen te di ou ou pi bel, men se jou saa vre belte ou-a te paret tout bon paske ou te anfas mwen . Nou pral komanse pale sete you jou vandredi elev yo tap fe manifestasyion epi lame te komanse tire deyo-a , tout moun tap kouri e mwen ak ou te kouri nan menm direksyion , malgre mwen te pè pou-m pa mouri ak vye grenn bal mawon , mwen te kontan wè nou kache anndan menm klass saa, ou tap tranble e mwen sonje saa tou, mwen te di ou pa pe yo pap fe nou anyen. Nou te pase dezed tan menm kote anvan mesye leta yo te deside fe nou rantre lakay nou. Se le nap soti mwen mande w non ou, ou dim ou rele Margalie.
Mwen te fou pou ou e tout saa mwen te di ou , ou pat janm aksepte-m, mwen te deklame tout bel powem ki nan mond lan pou, tout bel ve ki nan Le Cid, Andromarque, Cinna ou te di non. Ou te telman nan ke-m , mwen te menm arrive pa fe moyenn mwen pou dezyem trimes e mwen pat janm di ou ke manmnm te ban mwen you vole baton pou sa.
Le-m rive nan segond e ou menm ou te nan katriyem , ou te dim sispann anmerde-w paske ou gen mennaj, mwen pat pran ou o serye paske mwen te panse sete jwet e you lè nan you match fooutbol nan Pak Gerard Christophe ant lise ak kolej Surin Eveillard ou te affiche ou ak mennaj saa ki pat lot moun you kouzen mwen. Mwen pat rete tann match sa fini paske tet mwen te fem mal, mal pou-l menm eklate.Patrick se vye kouzen mwen bo manman, men paran li yo te alez lontan ke manmanm ak papa-m kap bat dlo pou fe bè e li pat genyen sou sel mennaj selman . Bagay sa te fem pa vle we Patrick e menm lakay yo mwen pat janm ale .
Kwak Margalie te ak kouzen mwen , mwen te konnen mwen te toujou renmen li, mwen te toujou damou e mwen te toujou ap mande kile pou bagay saa kraze ant li ak vye kouzen mwen an.Malgre li te konnen misye chaje ak lot ti boubout li te kole pired nan well li.Mwen vinn pran rezolisyion poum kite manmzel anrepo le-m rantre nan klas filozofi paske mwen we se tanm mwen tap pedi ak you moun ke mwen renmen e ki pa renmenm. Mwen te vinn rankontre ak Anabelle lem rantre Potoprens nan fakilte , li pa bel fanm menm jan ak zot men li renmen-m anpil , li pat fem soufri , li pat umilye jan zot te fel la.Nou fe senkan renmen e nou gen kat timoun kounye a. Mwen tap bliye di nou ke Margalie te manke mouri paske jou lap marye a, nan legliz sent kwa le pe -a a di si gen you moun ki konn you bagay pou anpeche maryaj la fet genyen you fanm anraje pase sam pa konnen ki rantre legliz la ak de timoun e li di se pitit Patrick. Margalie endispoze , paran li yo move e mwen menm nou konnen jiskote mwen ye a you moun relem li kase-m ti moso. Margalie pedi vwa li , li paka pale e avanye mwen te di fok mwen pase well paske malgre mwen marye se you fanm mwen pa janm bliye , mwen toujou renmen-l. Kom li pat we-m lontan , le-m rive li we-m li di ooooo, li tonbe fas anba e li mouri. Sa te fem mal Margalie mouri bel moun saa, bel fanm saaa.Mwen fout regret ou Margalie, ou pat renmen-m e kem sete ou menm li te vle. Mezanmi mizik lan di renmen moun ki renmen w, men Margalie pat janm renmen mwen .
Bagay saa kite you gou anmè nan bouch mwen kipired ke fyel e pa gen oken medikaman ou byen siret ki ka retire-l toutan map viv. Mmmmmmm.
Map travay seryezman sou sit la , pran you tipasyans tout bagay ap ok . mesi pou konpreansyion nou.
Bonjour à tous
Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.
Tuesday, May 31, 2011
Saturday, May 28, 2011
Pa gen jwèt nan lanmou mezanmi
Nan vill Letwa , listwa rakonte te gen you fanmi kite rich anpil e fanmi saa sete fanmi Labbé. Mouche ak madan Labbé te genyen twa pitit fi: Michelle, Ritha ak Letude.Mwen konn tande manman-m ap di sete twa bel pitit fi ke moun saa yo te genyen.Fanmi saa moun nan zon nan te respekte yo anpil paske yo te gen anpil kob e anyen pat vle di anyen pou yo. Gen moun ki te menm panse ke Mouche Labbé sete gwo dyab, pa bay tet nou pwoblem pou saa paske lakay se konsa sa ye depi ou gen kob yo ba ou tout non pote.
Twa pitit fi Labbe yo te fè primè nan lekol kay sè. Men de pi gran yo te gen chans al fè res etid yo nan lakou potoprens e jan papa-m ta di nan gwo lekol,lekol ki gen gwo non , men ou konnen yo pat sot ditou.Lè yo finn fè etud yo , manman yo ak papa yo voye yo pati nan peyi etranje.Lafanmi Labbe te vinn gen you sel pitit ak yo sete Letude kite denye pitit. Nou konnen yo toujou ap di saa denye pitit toujou dolote. Yo te telman dolote Letude apre setifika yo pa voye-l Potoprens , yo fel enskri nan lise-a. madan Labbé toujou di Letude se de grenn je nan tet li, lot de yo pala yo nan peyi etranje saa se pa li. Chak maten ou ka we Madan Labbe kap akonpaye Letud pou-l al lekol e lè lekol lage li toujou fè menm bagay la.
Lè Letude vinn ap fè katryem li kwaze ak Jean -Robert ki se pitit Manzè Roze, moun nan zonn Korosol, moun zafè pa bon, moun kap kole pyese , moun kap chache lavi.Listwa menm rakonte ke Rose pran Jean -Robert nan chowet li, e jan Robert pa konn papa li.Menm si saa Rose te vle pitit li a tounen kichoy nan vil li.
Lè Letude rankontre ak Jean Robert sete byen yo te byen , ti zanmi lekol.Men amitye saa vinn telman donnen fè Letud vinn damou Jean-Robert, you bagay ke misye pat gen laj pou-l te konprann.Jean Robert te pè anpil paske li konn ap mande tet li eske se reve lap reve kouman fè ke Letude renmen li, li konn pase plizyè jou, menm pale li pa sou pale ak e lè konsaa se touye li touye madmwazel Letude.You bel timoun tankou Letude s epa renmen li pat renmen li non, men li te pè.
Lè yo ap fè segond aprè you kou literati sou zafè lanmou Rodrigue ak Chimen , Jean-Robert pandan rekreasyion te pouse lodas li deyo poul mande Letude pou ki saa li renmen li, avek anpil timidite Letude dil ke se mouri lap mouri pou li e anyen paka fel pa renmen li.E sela Jean Robert vinn wè ke se bagay tout bon.
You apre midi pandan Letude sot lekol Mouche ak Madan labbe tap tann li sou galeri ak you manman mari ki file pase zegwi, li pat konprann pou ki saa yo te gen fret saa nan men yo paske li pat janm konn pran kou.Premye saa madan Labbe te dil se:Eske se se mennaj li voye-l al fè nan lekol la e kom li pat ka reponnn li te pran anpil bwa nan men ni manman ni papa.Madan Labbe te dil li ta chache you lot moun men se pasa li tande-a e you te menm dil sil pa kanpe koze renmen saa yap depote li.Letude pat wè li pat tande bali Jean Robert e li te toujou di manman-l ak papa li genlè pa konnen si lanmou pi fo ke tout bagay.Mouche ak madan Labbé to konn bagay saa paske bagay saa te pran tout lise a pou li e nou konnen pawol pale e you pwofese kite byen ak yo te kase moso bayo na pawol saa.
Lè pou Letude fè filo se Potoprens yo te fè li ale, men li te toujou pran ti randevou li ak Jean-Robert. Bagay la ap manje Madan Labbé tankou you kansè, menm non Jean Robert li pa vle tande.You jou pandan Letude sot lekol bonn nan dil ke li tande manman-l ki di li lap fe tout sal konnen pou li touye Jean Robert. Sa li te fè li te chache jwen misye poul dil saa.
Yo pot ko tan yo bayy rezilta bak yo fè Letude pati men saa pat solisyion an. Aprè dezan nouvel la tonbe, Letude ansent lot bo a e li marye ak Jean -Robert. Wap poze-m kesyion pou ou mande kouman Jean Robert fè rive la. Anben anvan Letud pati li al nan fon malet la papa li , li pran lajan li voye bay Jean Robert, li dil degaje-l vinn jwenn li.Sezisman bagay saa touye ni mouche ni madan Labbé tet nwè. sa mwen pa renmen kay demoun sa yo , yo pa janm met prent pye yo ayiti e yo di yo fe kat pitit, fi selman.

Asefi
Asefi te gen twazan edmi lè manman li menen li lavil poul al rete kay madan Andre.Kom manman Asefi te gen kat pitit fi e li pat ka pran swen yo e ke papa yo te mouri li te oblije ap chache moun, gwo moun lavil poul bay yo jan manman-m ta di.Pa gen moun Leyogan ki pa konn madan Andre : se you gwo madanm li lajè you bèf e li gen pi gwo komes nan vill la e kom li pat ka fè pitit malgre ke li te apante tout pye sen, tout gangan , tout kafou, pat gen anyen ki te ka fè madanm saa fè pitit.Lèl te resi kwaze ak manman Asefi ki te dil lap mennen timoun saa bali, li pat ka ret tann.
Manman Asefi te konnen ke madanm lan sete you timoun ke li te bezwen ret ak li, men se pat saa.Jou maten saa lè manman rive ak Asefi li te remet madan Andre batistè a tou.Madan Andre te pase you kondisyon ak madanm saa poul dil ke li pa gen dwa sou piti saa anko , se kom si se kado li fel kado pitit saa.Kom manman Asefi bat gen mwayen li te oblije aksepte vye kondisyion saa e madan Andre te di manman tou pou-l pa pale pawol sila.
De jou apre madan Andre finn jwen Asefi, lale kay Ofisye Eta sivil kite pi pre a li peye you lajan e li chanje non Asefi, li rele li Germaine paske li te trouve non Asefi te tro koryas.Nan batistè sila li se manman e mari li se papa, nou konn bagay yo.Mezanmi Madan Andre vinn gen you lot okipasyion apre boutik li ya se Germaine.Se bere madanm saa ap bere Germaine , e Germaine li menm kom timoun chanje plimay tou. Lè Germaine gen vinn gen katran li mete-l li nan pi gwo Kindergaten kite gen nan vil la, men anpil moun tap poze tet yo kesyion ki bo madan Andre jwenn bel pitit saa.Se konsa Germaine ap grandi, le-l fini kindergarten , madan Andre mete-l lekol kay Sè nan vill la e lè Madan Andre remake ke Germaine ap grandi, li dil li pavle li gen zanmi.Apre setifika , li voye Germaine al lekol Potoprens.Fanmi Madan Andre yo pat vle we Germaine, paske yo di si madanm saa mouri tout bagay yo ap rete pou Germaine. Jou ale jou vini e komm granmoun toujou di ou paka kache verite, lè Germaine rive na Filo li kwaze ak you ti jennjan potoprens kap kase bwa nan zorey li . Men Germaine pat two sou saa non e you jou ti gason saa te envite manmzel nan sinema e yo tap pale de fanmi yo. Ti gason saa te di Germaine ke manman li ak papa li se moun 13e seksyion Leyogan men yo te fel Potoprens e Germaine te dil li se Pitit Madan Andre gro komesan vill Yogann .Yo te kontan fe konesans saa. Men Germaine pat vle reponn jenjann saa ki tap kase ti bwa nan zorey.
Lè ti jennjan saa rive lakay li eksplike manman li ke li kwaze ak you bel tifi ki rele Germaine e li dil ke li se moun Leyogan e ke tipitit saa se pitit madan Andre , kwo komesan e li mande manman li eske li rekonet li. Se lè saa manman-l ap dil pran prekosyion paske Germaine pa pitit Madan Andre , se pitit you sel bo kot papa li ye e bon non li se Asefi , bagay saa manke touye ti gason ak sezisman.Kom misye pat ka kembe pawol la , lel kwaze ak Germaine li dil saa e Germaine pat vle kwe tou. Lè Germaine rive Leyogann li te poze madan Andre kesyion an ki pat reponn e ki te degaje-l voye manmzel pati nan peyi laba komm repons.Germaine pati e madan Andre dil poul pa janm tounen ayiti. Mezanmi le madan Andre mouri, Germaine antre vinn antere e se le saa fanmi madan Andre yo ap dil ke li pa pitit madanm lan. Komm tout byen yo te sou non li , li te remet yo bay fanmi madanm lan e apre li chache konn manman li e pati laba ak li.Li te di you bagay ki te atire atansyion mwen : Yo met pran tout bagay , komm mwen gen konesans ma travay pou-m gen pa-m.

Madan Luberus
Mwen sonje lem te toupiti, pitipiti ti katkat granmoun yo chak swa te toujou konn rakonte istwa, bel istwa e istwa ki pa ret ak istwa. Men gen you istwa ke mwen pa janm bliye e map tann timoun mwen yo grandi poum kase moso bayo ladan-l.
Na lakou plètil nan zonn bodmè te gen anpil fanmi ki te rete la, ou te jwen fanmi rich, fanmi pov e moun ki pat kanpe sou anyen tou, moun ki tap bat dlo pou fè bè.Men te toujou gen yo polemik nan zafe moun ki gen plis bagay lakay yo, moun ki gen pi bel salon, pi bel kabann e polemik la te rive lwen na zafè moun ki gen pi bèl fanm tou, saa sete tet chaje.Te gen you neg ki rele Mario, jenn gason, bel ti gason ki te gen madanm li, yo te gen de pitit men move lavi te fè mario pa sanble ak laj li. Men misye te toujou fè efo sil ap soti oubyen sil ap mete you rad pou yo toujou pwop.You lot kote te gen Mouche Liberus ki marye ak madanm li tou, you bel fanm , jansiv violette, bon bagay ki gen kob, li gen plizyè Pejo kap fè Potoprens, sete you neg zafè bon jan grann mwen ta di, men lite gen you lot pwoblem madanm li pat ka fè pitit e pwoblem lan se ka mouche ali te ye. Misye Liberus pa konn abiye li soti jan-l vle, jan blan an ta di a li pa care.Bagay paka fè pitit saa te bay Madan Liberus anpil pwoblem.
You jou Mario ta pral Potoprens poul al wè you zanmi e se konsa lale poul monte youn nan Pejo Mouche Liberus yo e lel gade li we you moun kap fel siyy poul vinn chita devan e se lè saaa li wè se madan Liberus, misye te menm tou pè paske li di gran neg rete gran neg e pov rete pov .Pandan voyaj la madanm lan mande-l sal pral regle potoprens e misye dil li pral wè you zanmi kite pwomet li you ti kob pou lekol timoun li yo.Madanm ajoute poul di misye li sanble timid paske li pa janm di moun bonjou, you bagay misye bat bay repons.Lè machinn nan rive nan Ri makajou, tout moun desann e kom misye te devan li rale kob poul peye chofè-a madanm lan dil non .Lel ap desann li tande madanm lan ki di chofè a , map desann la tou ou pa bezwen al depoze mwen .Kom li te gentan desann poul al nan wout li madanm lan dil tann li.Nan wout la madanm lan dil ann al avem pito, you lot lè wa al kay zanmi ou an, misye di non e madanm lan dil : oooo ki enteressant ou gen la, map ba w kob lekol timoun yo e si ou vle map tou ba w kob pou ou achte inifom.Ou bagay ki fè misye fè you ti souri.Madanm nan di misye , se pa tann dat non map tann okazyion saa, misye di ki okazyion e li dil ooo ou se youn nan moun nan katye ki toujou fre e sanm ale ak ou, selman pa fem wont , pa pale pawol mwen .Se konsa Mario vinn tonbe nan you relasyion ak madan Luberus. Nan randevou sou randevou, bel lanmou tonbe, madanm lan tonbe ansent , you bagay li tap chache anlè epi bagay la te nan katye a tou prè li.Tout sa Mario te bezwen li te jwen li, men pat gen you moun ki konnen .Lè pitit fet sete you ti fi kite sanble ak manman li tet koupe , gwo fet fet nan kay la e Luberus te rele pitit fi saa: Martine.
Kom Luberus te pi granmoun ke madanm lan e li te gen yen you suk kap finn ak li , you maten misye mouri. Se apré lanmo saa tout moun pral dekouvri ke se Mario kite papa pitit la paske twa mwa apre yo finn antere misye Luberus, madanm lan kite katye lal rete Potoprens e Mario kite Madanm pal poul al marye ak madan Luberus ki kounye a Madan Mario. Kom Mario te toujou pran swen ti moun li yo manman pitit li a te tou rete konsaa jiskaske li menm tou li te mouri. Youn nan bon zanmi madan Liberus, manke mouri ak you sezisman apre bagay saa paske li di li menm tou li te renmen Mario, li konn pale de saa ak manmzel, e li te ka touye-l tou.

Friday, May 27, 2011
Pabliye, chen you grenn je-a
Nan katye lakay te gen you chen ki rele Pabliye. Chen sila pat kon-n nan jwet ni ak volè, ni etranje kap pase ou vini nan zonn nan. Chen saa se pou Komè Tiyaya, men pou sèvis li rann nou li vinn pou tout moun.Daprè sa mèt bet saa rakonte sete you lè li te sot nan mache e Pablie kite tou piti te suiv li rive jisk lakay li. Li te pè kenbe-l men sou konsey mari li ak pitit gason li, li te adopte tichen saaa e li bali komm non Pabliye.
Pabliye konn tout moun nan katye a soti nan timoun pou rive nan granmoun. Depi you moun nan zonn nan pral mouri nou toujou sispek saa nan jan Pabliye ap jape lavey ou byen jou moun nan ap kase kod la.Gen moun nan zonn lan ki di Pabliye pa you chen se you dyab, gen lot ki di menm si ou bali pwazon li pap pran e pa sezi non machinn frape li plizyè fwa li pa genyen anyen.
You maten tout moun te leve e yo pat wè Pabliye, yo te chache li tankou eping titet yo pat rive jwenn li, yo te bouske tout kote, nan tout kwen e menm ale nan tout zonn kite pi pre yo, yo pat ka jwenn li. Tristès te anvayi tout moun nan zonn lan. Apre twa jou Tonton Sylvain te jwenn Pabliye anba you jaden kann ak you je-l pete e li te tankou you bet yo te bat anpil. Tout moun tap poze kesyion pou yo konnen ki yes ki fe zak saaa sou chen saa yo renmen anpil la. Tout katye a te mobilize pou bay Pabliye tout swen ke ka li a te merite , men je a te pete net. Lè Pabliye finn refè e malgre li te gen you zye, li te paret pi move , pi entelijan, bagay moun pat ka konprann.
Nou konnen preske chak katye gen you vye malfektè, e saa kite nan zonn mwen an te rele tiAndre, nou te ajoute pye sal deyè non saaa.You jou li te soti Potoprens , e se premye fwa mwen te wè misye fre konsa, e pandan li tap rantre lakay li mezanmi Pabliye te vare sou li e sa nou tande a, bet saa te dechire tout rad ki sou misye , model nan tout kol e menm te vle pete tou de zye-l ak kout dan, se gras ak kek moun ki fé Pabliye pat fini ak li. Nou te panse ke Pabliye te vinn you chen anraje. TiAndre pye sal te telman mal , yo te kouri lopital ak li poul pat mouri. Pandan misye kouche sou kabann lopital li te temwaye ke se li menm ki te kenbe Pabliye you jou swa mare li , pete je li sa ki pat fasil paske li te bezwen je poul te regle you koze pou you moun. Menm si tout moun te konnen misye malfektè yo pat panse sil ta fe Pabliye travay saa e menm madanm li ak pitit li te wont yo te kite katye-a anvan misye refè.
Si ou rive nan katye lakay ou wè you chen koulè jonn e nwa , you je pete konn se Pabliye, fè anpil atansyon ak li . Pabliye pa you moun men pou konesans li , pou jan memwa li fidel li pa tout kretyen vivan. Chak lè mwen sonje istwa sila mwen sonje gran papam ki te toujou konn di nou pinga nou janm fè ni moun ni bèt mechanste paske you jou nap peye saa kan menm .

Thursday, May 26, 2011
Istwa Ton Moy ak madanm li
Tonton Moy se konsa nou te konn rele li, li te rete nan katye lakay mwen . Tonton Moy se te neg kite renmen al legliz li chak dimanch maten e pa gen moun , ni lapli kap fel rate randevou saaa.Si ou te bezwen konsey li, li toujou la poul reponn demand ou yo e nan tout sijè.Tonton Moy se neg ki bwodè tou paske li toujou gen ves li sou li. Li konn rakonte nou le-l te jenn gason jenn tifi yo te konn tonbe pou li anpil e li di li pat konn pote pantalon li pou bel twèl. Li rakonte nou you istwa sou li ak madanm li.
Li koumanse pou-l di ke li menm li pat konnen sa yo te rele grangou ak touni le-l te tou piti paske manman li ak papa li te gen de kwa . Le-l gen vintan li te telman bwode li te gen twa mennaj , men youn pat konnen lot.You apre midi pandan li ta prale kay grann li se konsa li rankontre you mesye kite tonbe endispozisyion sou wout la, e kom moun kite renmen ede moun, li kouri chache dlo e ede mesye saa kite tonbe a.Li te fè tout sak posib, chache moun e ede tonton saa al lakay li.Jou saa li pat menm ka rive wè granmè li paske li te bay tout tan pou lepè saa.Lè li rive kay tonton saaa tout moun te kontan pou jes saa ke li te fè a e li te pwomet yo lap tounen poul wè kouman misye ye kek jou apre.Apre you semen li tounen e fwa saa tonton saa te prezante-l twa bel pitit fi ke li genyen.Men pandan ke lepè tap prezantel pitit yo , li te santi gen you bagay ki pa mache byen ant timoun yo ak papa a.Misye pase kek tan ak moun yo epi lale , men gen youn nan medam yo ki rele Alourdes ki atire ton Moy paske seli kite pi bel.oooooo Ton Moy pran gou preske chak de semen li monte la-l we lepè a e you jou li te poze Alourdes kesyion, manmzel te telman pè li pat vle pale ak misye paske li te dil papa yo pa vle yo renmen .Kom tonton Moy sete you bon kok, li koze jiskaske manzèl reponn , manman Alourdes konn bagay la, li pat gen pwoblem ak saa ditou paske li di Alourdes se premye pitit e li gen laj poul renmen .Jou ale jou tounen , you jou madanm te oblije di mari-l ke Alourdes renmen ak zanmi saa ki te sove-l sou wout la. Mezanmi madanm lan pot ko finn pale li te pran you souflet e Alourdes te pase li menm tou you move jounen. Lepè a te telman fache li voye komisyion bay Moy ,poul pa met prent pyel nan lakou lakay li anko.Tonton Moy di nan tout mennaj li pase li pa kwe gen youn li te renmen plis ke Alourdes, e saa papa Alourdes ap fè yo fel renmen li plis.Jou ap vanse malgre Alourdes ap pran baton li pa janm dekouraje e li te di Moy pa gen moun akp fel kite li. Le Moy we saa , li kite lot mennaj li yo.Kom mOy te gentan ap travay li te mande moun lakay li pou yo al prezante pou li, ooooo papa Alourdes pa dako, manman dako, papaa di non.Tout saa fanmi Moy te fè , tout kote yo pase , papa Aloourdes ap bay pwoblem.Gen you zanmi Moy ki konseye -l ansent Alourdes, you bagay misye pat pran tan poul te fè. Lè papa Alourdes konnen li mete-l deyo, e manmzel tou desann lal jwenn Moy. Kom granmoun Moy yo , sete moun prensip yo deside marye mesye dam yo, manman Alourdes, sel yo aktout lot moun vinn nan Maryaj papa-l pa mete pwent pye. Se konsa Moy di li marye ak madanm li. Lè papa Alourdes pral mouri lap agoni, li mande pou yo al chache Alourdes pou li, manmzel pat vle ale men mari li Moy dil se you obligasyion poul ale e li dil bliye tout bagay. Lè Alourdes rive papa leve tet li pou-l di:Pitit fi mwen mande ou padon pou tout sa mwen te fè w ki mal, tanpri di mari ou mwen pa rayi li tou, dil pou mwen tou se pa tout le ou fè byen pou moun ou jwen rekonpans, li kontinye pou-l di Alourdes ou gen you bon mari, jere-l. Li finn di saa epi li depoze tet li e se mouri li mouri.Tonton Moy finn rakonte-m istwa a, madanm li rele li pou-l di-l men telefonn fek sonnen Anabelle , ki se premye pitit li fek akouche lopital li fè you tigason.
Lavi Erzulia
Sete you samdi maten , jou bese leve, jou abitan ale nan mache, jou tout moun ap chache kote lavi-a fè kwen. Erzulia, madanm saa ki te gen kat timoun , te pase you nwit blanch , you nwit kote kol te anndan kay la men lespri li tap kouri nan kapital, nan monn, lavil tankou andeyo paske men-m you klou li pat ken anndan kay la alewe sil ta gen you gouden poul bay timoun yo manje.Erzulia te gen kom mouche Rigaud ki mouri nan zafe eleksyion, yo te bali kat kout kouto nan you meeting yo tap fe pou ansyen majistra vill la. Le misye mouri a Jonas ki gen senk an kounye -a te gen twa mwa; mwen pa bwezwen di nou , se pat you neg zafel te bon men li te pifo nan kouri deye neg ki nan politik paske li te toujou panse se la li ka souse you zo. Zafe lanmo bon papa saa te chalvire net lavi Erzulia ak kat pitit li yo. Pi gran te gen douzan, dezyem set , twazyem nan se you fi li gen sizan e mwen pa bezwen di nou anyen sou denye a.
Le-l fe jou premye kok la chante Erzulia bay twa kout plenn paske li we nwit manch long lan rive nan bout li e li poko we sa lap fe ak kat ti lezanj saa yo ke Rigaud te kite nan men-l pou you vye zafe eleksyion.Anndann kay la ou tande tout kalite wonf , timoun yo ap domi , yo pa met tet yo , yo pat di moun fe yo yap domi.Lel preske fe wuite , madan Rigaud pata desann kabann non men li oblije paske se responsabilite -l poul nouri timoun yo.Li leve li fe vye siyy de lakwa, li di Bondye papa jounen nan men w.Li poko finn di saa timoun yo leve younn apre lot. Mezanmi nou konnn timoun depi yo leve, je finn lave e kilave ato fok yo jwen you bagay pou pase nan bouch e kay vid pa gen anyen . Erzulie fe tout kalite refleksyion, li ta ale kot gran fre li Josef you nonm afel bon, li di misye pral joure, li ta ale kot kome Alourdes, mmm li dwe-l deja, li ta ale kay Messou al pran you ti kredi li dwe-l deja.Ket mesye li di bwaa mare nan kwat pwen e pa gen younn li ka delage. Nan reflechi reflechi li pran desizyion poul pran panye li e menm si li pa gen kob poul fe you rive nan mache a petet lagrass ka tonbe . Nan wout poul ale nan mache li rankontre ak plizyè zanmi li , men podyab li wont poul rakonte yo istwa li.Kou ki pral touye li net anvan li rantre nan mache li rankontre ak ansyen majistra ke mari li nan kanpay li te mouri a, lel wel li kontan paske li panse misye te ka bali you monen , okontrè misye fè tankou li pa konnen li, bagay saa, rankont saa kraze moral Erzulia net.
Li rantre nan mache menm jan ak tout lot moun san okenn espwa. Le-l pase nan riyel kote moun yo ap vann diri a li rankontre ak komè Tifanm ke zafel te bon ki fel kado 100 pyas, lajan saa sete Bondye ki te desann pou Erzulia. Mezanmi li kouri di mesi e achte kichoy pou pote pou timoun li yo.Le-l rive lakay pipiti a te de ran dlo de ran larim paske li pat ka sipote anko paske gwo trip li tap vale pipiti a.
You jou swa Erzulia ak tout timoun li yo tap domi , yo te nan fon somey, vagabon mete dife nan vye kay kote yo te rete a , se chans pa yo ki fe yo pa mouri. Erzulia te oblije tounen andeyo al rete kote manman-l te rete-a ak timoun yo.
Avan yè mwen te rankontre Erzulia ak de mouchwa mare ren li paske denye pitit li a mouri nan kolera e menm kadav la yo pa bali.A la traka pou ou lave kay tè. Si ou ka ede-l degaje -w fè saa rapid paske ou ka ale kote li rete a e yo di ou frè lanmo pase pran-l.

Wednesday, May 25, 2011
Lavi pap di ou
Ana se moun Nanpré, se moun kite lekol kay sè, se moun moun paran li pat konn sak te rele mizè. Lè manmzel finn fè filo , li enskri nan lekol enfimyè, li bat tout kandida, li lorea e li kembe kompa saa jiskaske li fini etud saa ki te dire twazan. Direktris lekol nan seremoni graduasyion rele anmwey e se premye fwa li jwenn you elev briyan tankou Ana.Manmzel pat konn jwe ak moun, ni moun bolakay li, ni paran li e tout kondisip li konn dil li enteresant anpil, li te bwode tou men li pat telman you bèl fanm, men li pat mal tou. Kom se li ki te lorea yo te bal anpil rekonpans tankou bal biyè gratis poul vini nan peyi blan, epi li te jwen bous poul al etydye enfomatik gratis, epi yo te bali you bel komputè.Pi gwo chans li te genyen yo te voye-l al fè sosyal li nan nan lopital Kanapevè, gwo koze.Nan koumansman staj la tout moun te ap gade manmzèl sou aparans paske yo pat konnen ki sa li gen nan zo bwa tet li,nou konn ayisyen, kèk mwa apre pou pefomans li yo te ofri-l diob rapid rapid, you bagay manmzel te aksepte.
Fok mwen di nou Ana pat konn zafè renmen paske manman li te toujou di-l se poul fini ak etid li anvan li tonbe nan zèfè saa; tout gason kite koze ak li, genyen kite ofri-l lo ak dyaman li pat wè yo paske li te vle swiv konsey manman li yo.Pandan manmzel ap travay lopital la, li jwen anpil doktè kap kase ti bwa nan zorey li men li pat aksepte malgre lite nan laj poul fè sa. Genyen li te renmen men gen ladan yo li pat ka menm tande yo.Gen you doktè yo rele Lafond kite lage nan ko manmzel , misye te arroyo, le-l vinn travay depi Miss Ana la, li pap fè anyen se nan ko pitit moun yo li lage, dyol misye te dous tankou siwo myel e frannse li yo ou ta di se Ti pè-a kap pale.You jou Ana tap fè de nwi e li rive yo moman nan nwit lan lal fè yo repoze e pandan li nan fon somey li santi you moun kap pase men sou li, li rele anmwey anmwey tout lopital reveye e sete Doktè Lafon ki te pèdi je crois en Dieu li, lwa moudong li monte-l, li di li te bezwen wè eske Miss Ana poko nan gason. Mezanmi gwo eskonbrit pete.Se bagay saa ki fè Ana konnen ke Doktè Lafon te marye e li te dja gen tw pitit, erezman li pat pran nan kraponay mouche. Kom direktè lopital la pat ka gade you koze konsaa selman nan je , li rele polis e Dok Lafon anba kod.Mezanmi depi premye jou yo arete misye a. Miss Ana ap pran presyion nan men ni fanmi, ni zanmi dokte-a kap trete de tout bèt e dil si misye pa lage yap fè you jan ak li.
Kom Ana pat gen zanmi chef pou ki koresponn ak moun sa yo li te oblije reponn wi prese ak you neg kite nan lapolis e kite Komisè e ki te renmen li depi li te nan lekol enfimyè. Komisè saa pat two kodyom pase saa , misye pat marye men li toujou ap fè ti pa chat li lilit ak anpil kliyan ke li te genyen, you bagay ke Anna pat konnen .Aprè twa mwa renmen , Komisè Lubin te gentan ansent Ana. Pafwa lè ou bezwen sove tet ou ou bliye tout sa ou konnen alewè si ou ta aplike yo pou tèt pa w. Men pandan ansent saa, Ana wè ke gen de pwoblem li genyen se pa pwoblem lè moun konn ansent, pov malerez li pran kouraj li ak demen lal fé you test sida e li pozitif, li te tou pran desizyion li pap rantre lakay e li foure tet anba you machinn li finn ak saa. Mezanmi men kijan Ana , gwo enfimyè saa mouri. Lè fanmi Ana aprann sak te rive-a yo peye you moun al fizye Dr Lafon kadejakè nan prizon kote li teye -a e Komisè Lubin pat pran twop tan tou pou-l fè menm wout ak Ana.Mezanmi lavi pap di ou.

Veniz
Mwen te kwaze ak Veniz you dimanch maten pandan mwen ta prale legliz Sent kwa. Jou sa mwen te an reta paske mwen te pran tout tan mwen pou mwen gade li. Kom li te ansanm ak manman li mwen pat ka dil anyen.Non konnen paran ayisyen pa nan radot ak moun devan pitit fi yo.Je-m te nik tonbe nan je e li te souri e souri te tankou yo soley .Souri saa te ajoute you lot bagay sou bote Veniz.
Lè mwen rive legliz laa saa pè a tap di a pat enterese-m ditou paske lespri te nan machinn ke bèl ti pitit saa te monte ak manman li a e menm si mwen pat konn kote yo ta prale.Tiparis ki te chita bo kote-m nan tap mande-m ki sak pase -m jodi a paske li te wè-m lwen e kom neg ki dwol mwen pat vle rakonte li anyen.Mwen te fè tout semen nan ap reflechi sou koze saa e menm etidye mwen pat ka etidye.Jou ale jou vini apre kek semen mwen bliye koze saa.Mwen sonje sete you vakans dete granmoun mwen te voye-m al pase kek jou nan zon Fondwa, you kote ki bay anpil manje tankou zaboka, mayi ak lot pwodwi . Kom te genyen you wout ki pase bo kay la, you samdi aprè midi pandan tout moun ap soti nan mache e se gade mwen gade mwen wè menm imaj saa ap pase devan mwen an.Li te nik wè mwen e li te tonbe ri menm jan ak premye fwa-a, mwen te ranje kom poum te di you ti bonswa e se konsa mwen tande you vwa ki di : Veniz mache non.Bouch mwen te rete tou louvri e li pat ka fèmen tank mwen te sezi paske sete menm madanm mwe te wè ak li premye fwa. Kom Fritzner pitit zanmi manman-m nan te bo kote-m mwen te poze-l kesyion poum mande-l si-l konnen tipitit saa e se lè saa lap dim li rele Veniz e li pa rete two lwen la.Nou konnen moun andeyo si yo di ou se la pa bay tet ou pwoblem wap mache jiskaske mayi mi e se pat manti misye tap fè fanmi Veniz pat rete two lwen .
Nan poze Kesyion Fritzner dim lke Veniz gen seizan , se youn nan pibel timoun nan zonn , men moun lakay li pa jwen ak li.Mwen te mande-l sil renmen -l li dim non.Li made-m tou sim enteresse mwen di-l mwen pa konnen . Fritzner pat timoun piti li te konprann ruz mwen an .You maten nou te finn bwè kafe ak you bèl moso pen emisye te dim ann pati e konsaa misye al ateri kay moun yo ak mwen , men malerezman Veniz pat la, li te al chache dlo. manman Veniz te ofri nou kafe , men sa at enterese mwen paske se pa kafe mwen te finn bwe , se Veniz mwen te bezwen wè e Fritzner te prezante-m bay moun yo poul di mwen se timoun lavil e mwens e pitit you zanmi manman li.Apre you tan nou wè Veniz kap vini ak you bokit dlo sou tèt li, mwen te telman gade-l manman an te sispek e li te made-m sam genyen mwen gade pitit fi li a konsa-a , mwen pa reponn.
Mezanmi se premye fwa mwen twouve mwen nan you sitirasyion konsa e mwen poko janm koze ak you fi e sak pired la mwen damou.Apre kek tan nou pase lakay yo a nou bay kek odyans , nou ale.
nan dimanch male legliz e chans pou mwen li te la e granmoun li pat vini. mwen te pwofite apwoche li ak you timidite ki te twop e la nou te komanse pale. Kom tan mwen tal pase -a te fini emwen pat ka rete mwen te oblije tounen lakay mwen , men lespri mwen pat janm soti sou Veniz.Apre twa mwa, zanmi manman mwen an te pase we-l e mwen te mande-l kouman Veniz ye e se konsaa li dim veniz ak tout manman li kite peyi depi demwa paske papal te rantre vinn chache yo, yap viv Canada. Sete pi gwo kou mwen te pran jeness mwen paske mwen te pèdi premye fi mwen te renmen an.
Lè mwen vinn gen trantzizan, mwen te pati al fè you tivizit nan lakou Orlando e se konsaa mwen vinn kwaze ak Veniz nan you Walmart ak twa timoun, li pat konnnen mwen e mwen pat konnen li tou.Ou ka ap poze tèt ou kesyion pou mande kouman mwen fè konnen ke se li. Eben kom se ka Fritzner mwen te desann , se ak li mwen te al achte kek pantalon , li te kontan wè misye e se konsaa Fritzner ap dim se li.Malgre li te gen twa pitit li te toujou bèl, men mwen pat ka dil anyen paske li te marye e mwen menm mwen te gentan marye tou.An verite mwen regret li.

Manman mwen
Pa gen moun sou la tè ki egziste san li, pa gen moun ki wè lavi san li. Zot di se you pye bannan menm si tout fey long pase sam pa konnen tout gen pou you vinn mouri nan pye-l.
Mwen konnen you fanm sanm pat menm konnen lavi. Nan you tidezod ak papam li pran-m. Fanm saa pote-m pandan nèf mwa e pandan tan saa li pase tout mizè, li monte tout kalvè, li monte le syèl pa do, pa gen anyen ki gou nan bouch li, tout jounen lap krache , li paka manje tout manje, pafwa menm domi li paka domi tann mwen boulvèse li. Apre nef mwa nan you soufrans ki di pase tout soufrans li pouse-m nan you mond ki fè nwa tankou lank, li pèdi san, li pèdi fos, li arive pedi menm dlo nan kol. Se kounye-a mize-l koumanse nan you peyi se fanm ki fè tout bagay.Malgre gen moun ki vinnn pote-l sekou nan premye jou yo pou ki benyen-l, bouyi dlo cho pou li, abiye-m li paka tann pou-l fè tout zafè-l pou kont li.Mwen te fek soti e doktè di poul koumanse banm tete.Madanm sila pase dizwi mwa ap banm tete san pran souf, li pran swen mwen pandan lap lave tout vye rad mwen yo, pat gen diaper li lave kouchet chak jou pou vye kay an pay li a pa gen vye sant, li se premye moun ki montre-m pale. Le-l fè you ti vire mwen pa viv paske se nan li kod trip lavi-m mare.Se li ki premye moun ki aprann mwen chita malgre pafwa mwen kriye, gras ak li mwen rale jiskaske mwen kanpe e li te premye moun tou ki kenbe men-m poul montre-m fè bebel.Nan kay la mwen toujou fre tankou you kola kenz e pa gen moun ki ka bat mwen nan sans sa.
Lè-m gen laj poum al lekol se li ki fè tout bagay malgre lavi a koumanse bal kek move chaplet. Mwen sonje premye jou saa e li te dim : Pitit gason mwen , mwen pa konn li , mwen pa konn ekri men ou menm wap komanse jodi a e fok ou rive you gwo moun nan lavi ou,map fè tout sak posib pou rev saa tounen you reyalite.Malgre mwen te tikatkat mwen te souse zo sila , kraze-l poum te konprann kisaa li te vle dim.
Mwen sonje lem tap desann setifika, li te repete-m menm pawol sila kap tounen you bousol pou tout vi mwen e mwen pap bliye bel chemiz, bel pantalon ak bel soulye nwa saa li te achte pou mwen .
Madanm sila pase tout mize sou te saa poul fe-m sam ye jounen jodi a.Mwen sonje li te gen you gwo komes nan ti kay de pyes nou te genyen an, move lavi fè li pedi ti biznis sila.Apre saa li te gen you komes vann chabon ak kleren. Saa pat ret la li vann mayi boukannen, mayi bouyi e pafwa li konn al fè lessiv pou gwo gran neg lavil ki te gen pitit yo nan men-m lekol ak mwen , li te konn vann labapen bouyi tou.
Mwen sonje ti kay nou te rete sete poun te peye chak ane 150 pyas, you ane nou pat ka peye e kom timoun mwen pat konprann e mwen te dil mwen grangou e li te di :"Ou grangou, menm kay la nou paka peye e mwen poko konnen si se pa anba pon an nou pra-l domi." Fraz saa mwen mwen pote-l pandan tout vi mwen tankou you sekey madoulè.Li pat gen mwen men-m selman sete nou plizyè e mwen sispek li te pote you soufrans pou nou chak.Li pat konn jwe ak nou nan tout bagay serye kom lekol, legliz, nan respekte lot granmoun, nan prensip bout kay li a.Sa mwen renmen lakay li pat gen pitit pase pitit , nou tout te vle di menm bagay pou li.
Nou tout ka remake map pale de manman mwen : You fanm solid, you fanm ki pa ret ak fanm , you fanm malgre li pov, li filozof nan fason li viv, nan fason li leve nou tout komm pitit li, nan fason tou lavi a tap kale li.Le zot di manman se la vi a, se pa manti , you moun pa bezwen mande-w pou ou respekte manman w , you lot pa bezwen di ou kouman pou ou trete manman ou, you lot pa bezwen di kouman pou ou viv ak manman ou, chak moun kap viv ou gen you gwo moso manman ou nan ou. Fanm ayisyenn telman pase mizè nan fè elevasyion pitit nou ta dwe kouronne yo chak yo, bo yo , karese yo, bayo empotans yo.Di manman-m pam nan mèsi two piti kom mo.Chak lè mwen rankontre you manman kap mennen pitit li lekol, kap vann chabon, vann mango, travay kay gwo zouzou-n, kap rele men men bel mayi bouyi,vann dlo anba soley cho, kap vann labapen mwen sonje manman -m. Anmweyy manman kote ou ye.........lavi-m san ou se you machinn kap kouri san limyè sou wout Kafou Difo.

Ou kwè gen you definisyion pou lavi?
You jounen pase, you lot vini, you nwit ale, you nwit vini, moun mouri, moun fet. Pafwa ou konn poze tet ou kesyion poukisa tout bagay saa yo, men se lavi a menm ki konsa. Pa ale two lwen nan refleksyion saa paske gen de kesyion ki pap janm gen repons. Kom nou se moun, nou ka panse nou fek pou nou reflechi sou sa kap pase devan je nou chak jou.Pwofite paske gen you jou je ou ap femen e le saa se pa aveg wap aveg non , men se fini ou menm wap fini. La vi pou kont li se you mistè.Ou ka bali definisyion ou vle, tout sa wap di yo pap janm e janm sanble ak sa ki rele lavi-a.
Mèt Gerald
Mwen te komanse anseye an 1986 e le saa mwen te gen sezan e sete you zanmi ki tap kite e ki te mandem poum ranplase li. Sak pi red la elev mwen yo te pi gran pase-m , bagay pou ki ta fè nou ri. Mwen sonje Sr Umaine te dim ou ka anseye men ou paka enpoze w nan klass la. Le-m te finn fè etid segondè mwen you lot sè ki pral jwen yo gwo wol nan lavim mande-m poum ale enskri lekol nomal siperyè e san grate tet mwen te enskri e mwen te pase nan konkou saa.Se konsaa mwen pase twazan nan lekol saa ap mete anpil bet sou mwen poum te al ede moun lakay, men bagay la bat dous pou moun lakay mwen paske moyen ekonomik la pat telman bon pou yo. Mwen sonje you jou mwen te al lekol manman-m te ban mwen kob ale a selman e li te dim lem tounen lap tann mwen nan stasyion poul ka banm kob tounen an e vwala lem ap tounen depi Gresye lapli ap tonbe, lem te rive devan Byenveni li te rete nan lapli a ap mouye poul tan lem rive poul peye pou mwen paske li pat vle chofe ou byen travayè gen pwoblem ak mwen .Mwen te koumanse travay nan segonde nan lekol sent kwa a ak lekol John Wesley nan lakou Difo. mwen te travay nan Suren, nan enstitu Abella. Mwen pat konn jwe ak elev mwen yo paske mwen te vle chak nan yo vini you bagay demen e yo ka temwaye saa. Sete pasyion mwen anseye e se you gwo bagay le wap transmet bay yo lot moun konesans. Bagay la pral pi bel le Sr Esta mandem poum travay ak timoun nan Elemante 2, Moyen 1 ak Moyen 2, la anko sete youn nan pi bel eksperyans nan karyè saa mwen te fè, poum te travay ak timoun saa yo. Gen anpil mwen we kounye a mwen pa rekonet yo e yo fem sonje yo, genyen tou ki bliye-m. Mwen te toujou panse ke lekol paka fet toutan nan mitan kat mi e se konsaa mwen te toujou konn oganize aktivite tankou: Bouske, joune e lot aktivite. . Mwen vinn pa anseye anko an 2001. Mezanmi metye pwofese a an ayiti pa gen kob men tout kote ou pase ou gen you grenn elev ou. Sou facebook mwen chaje yo e chak le mwen pale ak youn kem kontan.Menm jan ak tout pwofese ki te fome mwen yo mwen santi mwen gen you tikal yo nan mwen se konsaa mwen santim gen you tikal mwen menm nan yo.Map pwofite antenn facebook poum di you tout : mwen renmen yo anpil.Menm si genyen ki konn repwoche-m mwen te two di , mwen te konn bayo bel tap boule niche, bayo kout sentiwon , men san pwoblem yo tout te renmen mwen . Male
Subscribe to:
Posts (Atom)