Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Wednesday, June 15, 2011

Dezod nan zafè renmen

Gen you mizik ke Tropicana gen nan repetwa li ki rele : " Renmen moun ki renmen w" se you mizik ki tre popile e nan mizik saa yo montre nou ak kek egzanp ou konn renmen ou moun e moun sila pa renmen w. Eske lanmou gen pati pri, eske lanmou ka vann nan tigodet, eske lanmou pedi tout vale li.
Lakay nou an Ayiti tout lajounen moun ap pale de lanmou e timoun yo depi yo rive nan segonde e gen kek ladan yo depi nan prime yap pale de lanmou. Se you kesyion de lanmou lanmou lanmou.Eske timoun saa yo prepare pou zefe saa ki rele lanmou a.Mwen konnen gen anpil timoun ki tonbe nan zafe lanmou saa ki mennen yo lwen e ki menm pedi lavi yo bone bone, li valab ni pou ti gason ni pou tifi e menm si denye kategori a peye saa anpil. Gen kek moun nou konnen ki renmen depi le you kwaze nan premye ane segonde yo e ki marye ki gen pitit e se bel bagay le ou marye ak you neg ou byen you fi ke ou te renmen depi diset ou dizwit tan.
An pale delot kategori a sa vle timoun ki renmen depi le yo gen treiz, katoz kinzan . Pi fo tifi ayiti ak ti gason renmen ak laj saaa, yo foure tet yo nan you bagay e yo pa konn enpotans li alewe pou konsekans li . Roro we Jozefinn yo chak gen treizan , li dil li renmen e manmzel san pwoblem reponn san li pa menm konnen sak rele lanmou,  pafwa paran pa menm konnen menm e si yo konnen sitou pou paran ti fi a yo bay anpil pwoblem , e tifi yo konn pran anpil baton lè konsaa.Jozefinn ki renmen ak Roro-a gen twa chans se ou byen renmen saa rete jiskaske yo marye , se ou byen renmen an rive nan wout li kraze e lot chans la, yo tonbe nan fè dezod e manzel ansent. Denye ka sa sil rive se gwo pwoblem , Jozefinn paka ale lekol anko, sosyete gade-l you lot jan tou e Roro sil vle e si paran li dako kapab pran responsabilite-l , e a katozan ou kenzan ki responsabilite. Mwen bay younn nan egzanp ki genyen e gen anpil anpil.Nou pap bliye pou nou di ke tifi yo konn ansent e sou konsey mennaj yo oubyen paran yal jete pitit saaa e pa bliye gen ladan yo ki konn rive pedi lavi yo.
Nan tout saa nou sot di la ou ka remake zafè renmen lakay nou li konpleks anpil.An nou tounen sou zafe renmen moun ki renmen ou an . Ki jan mwen konnen you moun renmen-m , ki jan mwen konnen you moun pa renmen-m?
Nan lanmou gen saa ki rele senserite, si patne mwen an pa sensè ak mwen , tout lajounen lap banm pwoblem , lap banm manti , eske mwen ka di moun saa renmen-m. Gen saa yo rele konfyans: toutan mwen tande anmore, anmorez yo ap di sim paka fe-w konfyans mwen paka ak ou , wi se vre sim louvri ke-m ba ou e ou pa fe-m konfyans plas mwen pa la.Lot gwo bagay ki gen nan lanmou se respè , o wi mezanmi respè a konte anpil: sim gen madanm mwen , mennaj mwen , boubout mwen mwen pa respekte-l , tout saa ki soti nan bouch mwen , mwen lage-l mmmm saa pa ladan-l. Konbyen foye ki kraze, konbyen moun ki damou poutet youn pa respekte lot saa bwè lwil? Denye pwen map touche nan pwoblem renmen lakay nou se pasyans : Simon renmen ak Maria depi senkan e yo damou anpil  e Simon pap travay , jou ap mache paran fi konn di oo sak gen la tann dat misye renmen e menm you moso bwa li poko depoze nan you kwen. Si fi a gen you zanmi-l ki marye li konn rive bay neg la anpil presyion poul marye . le konsaa foye a konn kraze tou paske yo pat gen ase pasyans pou ye fè wout sila.
Jan nou wel la zafe lanmou saa se pa you bagay ki fasil e you moun pa dwe foure tet li ladann tet anba. Pou timoun kap renmen bone yo nou panse fok paran yo ta konseye yo menm si li pap fasil . Pabliye mesyedam pa gen lanmou san senserite, san konfyans, san respè e san pasyans .

1 comment:

  1. ou pale wi ou minm, mwen minm depi yon nèg pa gen respè pou mwen li pap ka genyenm paske mwen pat la pou dim move parol, se pou bon ti parol dous ak bon karès ak bon lanmou mwen te la sinon se wè lap wè map pase

    ReplyDelete