Lakay nou se lè you moun mouri yo onore li , mwen paka tann se le misye mouri poum onore li. Mwen vle pale de zanmi mwen, frè mwen Bermann Mimy. Mwen te tou piti kay frè leyogann yo e depi nan premyè ane mwen te konnen misye . Mwen sonje anpil moun nan pwomosyion li tankou frè li Mandfred Mimy, mwen sonje Zachary Alliance ak plizyè lot anko.Se neg ki brodè depi lontan sa vle depi li piti .gen de moun pou eksperyans ou fe ak yo ou paka bliye yo.
Apre misye sot kay frè li te al nan Lyse leyogann nan kote li fe etud segonde li e youn nan bagay mwen toujou tande lap di e li fier de saa pa gen youn nan neg kite soti kay fre kite al kole boyo nan lise a sa vle younn nan yo pat double.Apre etud segonde li , li te ale repiblik diminiken etudye. Misye pale angle , panyol byen nou pap pale de franse ak kreyol.se neg franse li toujou sou pwent dyiol li e li renmen pwezi anpil.
Mwen te pase anpil tan mwen pat wel pandan tan li te pase Sen domeng lan, men lavi a pral fe nou kwaze nan Institut Abellard kote ke li li se youn nan moun ki te responsab pati segondè a. Li te two kontan we-m le nou te fet kwaze e li te montre-m anpil respe e respe saa te pataje youn pou lot. Se kom sete you gran fre ki pat we you ti fre lontan lontan.Nou te antann nou pafetman byen nan lekol sa jiskaske mwen pat la anko. Youn nan bagay misye fem kemwen kontan , mwen te sezi you maten lè misye te mande-m pou-m parenn premye pitit fi li. Mwen te dil non e direkte lekol la , Schmid Abellard ki mouri, te kouti deye-m e li te dim li pa konprann ke you kolaborate tankou Bermann mande-m poum parenn pitit li e mwen pat vle, mwen pt okipe li e nan aswe mwen te al we manman mwen poum mande-l ki sa li panse , manmann-m te kouri deye-m tou.Le-m reflechi mwen di mwen menm pafw mwen two inferye e se konsa nan demen maten mwen te dil mwen aksepte e sou visaj misye mwen teka li ke ke-l te kontan anpil repons mwen an .Maravilla sepremye fiyel mwen e se you fiyel mwen apresye anpil . Manman-n toujou konsidere -l kom you moun nan fanmi an.
Bermann se neg ki toujou ap konseye mwen e menm le mwen pat nan Institut a anko, lem te llopital sentkwa se neg ki toujou banm tout konsey , tout apui kelkeswa lem bezwen li a.
Se you neg lel ap enseye li fe sa ak tout ke li e mwen kwe sete youn nan meye pwofese lang nan lakou leyogan e elev li yo te renmen li anpil swa nan Surin Eveillard swa kay abellard. Se youn nan entelektuel Leyogann ki toujou sou bet li kelkeswa sije ou menyen ak li a, li toujou sou pik li. mwen sonje travay an gwoup nou te konn fe ak nou twaa: Gabrielle, li menm ak mwen menm , e se la mwen pral dekouvri Bermann , se neg ki pa jwe ak bet e le lap prezante you sije ou byen nempot saa li ye , se gwo koze.Se eng pafwa ki pafwa ki padomi poul prepare sa li genyen poul prezante ya.
Mwen toujou di saa se neg le lap danse tou se gwo koze, li konn musik li byen. mwen menm ak li nou toujou ap chanje lide sou kouman mizik nou an ye.mwen pap bliye bel kout men li konn ban mwe nan fe gwo emisyion sou radyo Sent kwa.
Mezanmi pa gen moun ki pafe, nou tout komet anpil betiz nan vi nou e Bermann pa you sen li pataka pa konn fe ere.Si nou ta di sa ti pawol sa yo patap gen enpotans pou oken moun , men nou konnen la via sekonsa li ye fok ou fe ere pou ou avanse.
Bermann se youn nan bel tet ki kite ayiti e ki vinn viv kay tonton sam.Konbyen parey misye ki la? Konbyen nan nou pafwa ki poze tet nou kesyion sa nou vinn chache la? Antouka Bermann ap viv Boston e kom nou tout ki bo isit la , lap chache kot la vi fe kwen.Bermann gen de pitit fi e tou de ayiti e pafwa mwen panse li la e nanm li ayiti.
Bermann gran fre pam, zanmi mwen , vye kompem se pa fle map voye pou ou men se you jan you fason poum montre w respe m pou ou. Mesi pou tout sa ou fe deja nan vi ou.Male.
Map travay seryezman sou sit la , pran you tipasyans tout bagay ap ok . mesi pou konpreansyion nou.
Bonjour à tous
Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.
Wednesday, June 29, 2011
Manti, mantè
Mwen te kanpe anfas ou le ou tap pale a, mwen te anvi ba ou do le ou tap ranse a, mwen te anvi gade lesyel le ou tap bat bouch ou a. Ou bay manti devan deyè, ou panse ou ka twonpe tout moun .Madanm ki domi bo kote w la mache di tout moun li pè-w paske menm bonjou ou pa laverite. Pi gran tigason ou an, di lap kite kay la paske chak jou wap preche-l poul pa bay moun manti e menm a ou di se manti. Koumanman ta sanble ak jilet yo te koupe lonbrik ou a mak li se te manti.Kom ou pi gran , mwen pa vle soti maledve sim demanti ou, mwen pe tou pou pa lage madichon deye-m, men sim te nan plas ou mwen ta ale kay pè Sovajè anndan legliz Senrtwoz li ta ede ou, paske nonm saa ou met repwoche-l tout bagay depi ou ba-l manti wap gen pwoblem ak li, depi ou vinn dil Gerald te di tel bagay , lap di se ou ki te dil. Ou we saa menm si tout moun di Pè Sovajè Sovaj li gen bon kote li.
Monday, June 20, 2011
Pour Soeur Esta Joseph
Il est cinq heures du matin, mon corps est à Orlando et mon esprit plane sur l'école des Soeurs de Léogane ou j'avais l'honneur de rencontrer cette religieuse de grand coeur Sr Esta Joseph qui a été fauchée par la mort le 12 Janvier dernier.
Toute ma vie j'ai eu de la chance de cotoyer pas mal de religieux soit à l'école des Fréres ou j'ai fait mes études primaires, soit à l'école des soeurs ou j'ai débuté ma carrière de professeur.J'avais dix sept ans lorsque Fleurot Louis -Charles m'avait demandé de lui remplacer comme professeur à l'école des Soeurs section soir.Deux ans plus tard j'ai rencontré cette jeune religieuse Soeur Esta Joseph qui sera pour moi une mère, une conseillère, une bienfaitrice, une grande soeur, une amie.Dès sa première année à la Direction de cette école, elle m'a suivi de très près et m'a appris à préparer mes cours.Très vite, je voyais en elle une grande soeur, une personne , une directrice à qui on peut faire confiance, une religieuse qui peut faire bouger les choses. Avec elle , l'école du soir a pris une autre ampleur à nulle autre pareille.On a pu atteindre le maximum aux Examens de certificat d'Etudes. Je me souviens de cette belle fete qu'on avait organisée pour ces enfants qui etaient pour la plupart des enfants en domesticité.Je me revois encore enseigner sous la férule de cette grande personne que fut Soeur Esta Joseph. Je me souviens de cette nuit ou mes camarades et moi etions à l'école Sainte-Croix afin de préparer les examens du bac, elle nous avait envoyé plein de bonnes choses à manger et c'était vraiment bien de sa part.Après mon bac, j'avais l'intention de m'inscrire à la Faculté de Droit , sur ses conseils j'ai pu m'inscrire à l'Ecole Normale Supérieure.Pendant ces trois ans d'études, elle a été pour moi une mère qui surveillait de près les études de son fils, elle a été celle à qui je m'adressais lorsque j'avais des copies à faire, lorsque j'avais des livres à acheter et même quand je n'avais rien à manger, elle a été celle qui me demandait toujours de prendre mon courage à deux mains. Ces études terminées, elle m'a demandé d'enseigner un cours de mise à niveau pour les élèves du cours Elementaire I, Moyen I et II.J'ai pu enseigner ma matière pendant deux ans et par faute de temps j'ai du laisser.Pendant mon passage à la radio Sainte-Croix et à l'Administration de l'Hopital Sainte-Croix, elle a été pour moi une force inépuisable à travers ses conseils . Elle était venue me visiter un jour juste pour me dire de continuer le travail que j'avais commencé.
La dernière fois que je lui ai parlée c'etait en Décembre. Elle me disait encore que ce pays a besoin de moi. Elle me parlait de l'Ecole Secondaire qu'elle a fondée, d'autres projets qu'elles avaient et je retenais cette phrase d'elle:" Si tu etais là tu serais un des meilleurs prof de cette école" j'ai du rester bouche-bée.
Je me souviens de ces deux journées de recollection à Villa Manrèse, de cette journee pédagogique avec Pere Racine.Sr Esta a été celle qui m'a appris que lorsqu'on a un travail à faire , on le fait bien et on le termine.Si la discipline fait partie de ma vie, je lui dois cet honneur.
Malgre d'énormes difficultées qu'elle a rencontrées comme Directrice de l'ecole des Soeurs de leogane, elle était restée elle-même: simple et dynamique. Soeur Esta nous a gratifié vingt ans de sa vie.Elle était de ce qui croyait qu'on peut realiser le maximum avec le peu qu'on a.Les Compagnes de Jésus ont perdu une soeur, un modèle, une force, une courageuse et je partage avec elles cette perte énorme. Il y a de ces personnes qu'on ne saurait remplacer.
O Soeur Esta , tu es partie sans nous dire un mot.Au nom de ma ville, de ma petite famille,au nom de toutes ses générations que tu as formées, merci pour ton travail collossal. Tu avais tellement aimée cette ville , tu y as laissé ta peau. Je ne t'oublierai jamais. Que la terre te soit légère.

Friday, June 17, 2011
L'ironie
Un homme riche sentant qu'il va mourir appelle son ainé et lui dit : " Je vais te léguer toutes mes fortunes et je m'en fiche des trois autres. Ebahi, le fils lui dit c'est pas juste car je ne suis pas le seul de la famille et si j'accepte d'acquérir tous ces biens après ta mort, mes frères vont me tuer et la société me condamnera. Stupéfait de la réponse de son fils, le père lui dit: " Veux ou tu ne veux pas , tu auras tout après ma mort.
Quelques jours plus tard , le père est décédé. Après les funérailles, la famille s'est réunie pour savoir ce que le père a laissé à travers son testament. Etonnés , furieux les trois autres frères se sentent indignés de la décision paternelle et là même ils l'injurent et se sentent même trahi par leur frère ainé. Ce dernier ne dit mot et rentre chez lui. Un mois après, ils invitaient ces pairs chez lui mais ils refusaient tous . A force de les convaincre ils finirent par accepter.
Assis à sa table, il leur fait part de sa déception de la décision de son père et leur dit: " Entendons-nous, je vous laisse le choix de décider et vous pouvez m'attribuer ce que vous voulez." Et il sort.
Deux heures plus tard , il revient et retrouve ses frères sans vie car car chacun d'eux voulait avoir le plus gros des biens paternels; ils se tuaient l'un l'autre car ils ne pouvaient pas s'entendre.. Après cette terrible constatation, l'ainé a fini par comprendre la raison qui avait poussé son père à prendre la decision de lui passer tous ses biens et il disait tout bàs : "Bouch granmoun santi e sak soti ladann se verite. ". Dès lors il prit la décision de tout gérer .

Thursday, June 16, 2011
Ki sa pou yo fè ak ou Sannon?
Depi ou fet wap bwe let san redi, wap grandi yo voye-w lekol se boyo wal kole .Ou vinn granmoun se moun wap pale mal.Ou pa janm travay you jou nan vi w. Menm ak you fanm ou pa janm koze e pinga you mou pale de zafè bo devan ou.. Tout pasyion ou se radote, pale anpil, foure nen ou nan saa ki pa regade.Depi you moun abiye , li gen you kay ou you machinn se volo li volo, ou byen li nan dyab ou byen li nan de sis kole. Ou telman parese tout bet nan bwa pè w e depi yo we w ap vini yo kraze rak, chen menm se papale.Yo di jou ou te fet la lapli fè jounen an lap tonbe, kapab se sak fè ou konsaa.Lè yo di ou pou al legliz ou di saaa se bagay moun ki pa gen anyen pou yo fè, kou ou tande you kout tanbou rara ou kouri ouvè radyio ou e ou bali tout volim pou ou saa pa tande anyen.Manman ou di ou telman pa bon pandan nef mwa li pote ou a se vomi , se krache e papa w te oblije kite chanm nan bali. Anmweyy gade you ti nonm ou led , ou sot e ou manje anpil.Yo rakonte you istwa sou ou, yo di premye jou yo menen ou lekol ou fè tout jounen an wap kriye paske yo di ou di: Ki zafè lekol saa e si yo gade ou jiska jounen jodi a depi jan je w chire a ak jan bouch ou fann nan , tonè krazem ou te fout dil vre. Ti sè ou a di tout moun se nan you sèl bagay ou fo se nan ronfle, twa motè kamyon Mak paka kembe ronf ou.Se pa moun selman non ki gen pwoblem ak ou non, mo se pired. Nan denye anteman wale a , mo a telman fache lè yap foure-l nan tou a tout moun tande li di ki sa nonm saa vinn chache la.
Yo di ou visye tou wi, depi wal ka you moun toutan chodyè pa desann oupa chache wout lakay ou se sak fè ou te manke goumen ak Bermann paske li te mete you woch bouyi e ou menm ou te konn se mayi ki tap bouyi.
Ou wè li ou pa bon menm, sim te nan plas mwen ta al Sous Puant al benyen pandan twa jou e konsaa tout vye defo sal ou yo ta ale.Se kon saa pou yo ta rele ou vre : Sannon paske pa gen moun sou tè a ki sanble ak ou e you tout gen non

C'etait hier, il y a longtemps
Hier encore, je revois mon père très fier me conduire à l'école des Frères pour des lecons particulières avec Professeur Bayol qui nous inculquait les premières lettres de l'alphabet francais , nous apprenait à compter et à lire. Il est connu de tous et c'est pas la peine de parler de lui. Professeur Bayol, c'est un notable notoire. On peut lui reprocher de ce qu'on veut mais il reste et demeure un grand monsieur.A cette époque les rues étaient presque désertes , on dirait que la ville était inhabitée. Je me revois avec ma culotte grise et ma chemise blanche .Je revois mes ainés Camélien Brioché de regretté mémoire, Olmann Milord, Berman et son frère, Erick Rébecca, Jean Rony Cineus et son frère, Magnol Francois, Flou Saint Félix pour ne citer que ceux là.Je me revois en classe de premiére annéee avec un professeur de grand calibre que je n'oublierai jamais dans ma vie: Clermont Coimin.Il a continué à sa manière le travail combien noble que Professeur Bayol avait entamé en classe enfantine.Je me revois en rang deux par deux avec mes camarades de classe se diriger au Lycee de Leogane en classe de preparatoire II avec Professeur Antoine Pierre-Louis d'ailleurs mon parrain; à cette époque on construisait un nouveau batiment afin de remplacer celui qui était là depuis le gouvernement de Louis Borno. Le Directeur du Lycée à cette époque avait mis à la disposition de l'école cinq (5) salles et j'étais fier d'être parmi ceux dont leur classe y faisait parti.
Je me revois en Elémentaire I avec Professeur Emile Desrosiers qui était l'homme le plus redoutable, j'entendais mes ainés parler de lui bien avant .En Elémentaire II après le départ à l'étranger du Professeur Prosper Marcellus, actuel Directeur de cette école, ma promotion va faire connaissance avec un homme qui va nous gérer pendant un an et demi et qui va laisser son empreinte sur chacun de nous.Je le revois encore , je veux parler de Yonel Jean aka Maréchal.Avec l'arrivée de cette homme , tout a changé et sans lui je n'aurais pas terminé mes études à cette institution qu'est l'école des Frères de Léogane. Je suis fier d'être parmi ceux qui font parti de sa première promotion.Je revois encore Frère Julien Aubert qui dès le premier jour de classe avait mis corps et ame pour atteindre son objectif celui de faire réussir chacun aux Examens de certificat et de faire de chacun un homme solide dans la vie .Ce religieux de grand poitrail n'avait pas peur de personne, il était plus dur que le fer et certains de mes camarades disaient qu'il était raciste de la facon dont il nous traitait. Vingt sept ans plus tard, nous sommes tous convaincus qu'il agissait ainsi pour notre bien.
Je revois mon camarade de classe Daniel Cerant partir à fleur de l'age, on était en Moyen I.
Je me revois en pension à cette école avec Theo Pharel, Almiracle Saint-Fort.Je revois Madame Grégoire, la cuisiniére, c'était celle qui préparait à manger pour les Frères et pour nous autres pensionnaires.Elle avait ses dix doigts comme on le dit en creole.Je me revois avec Pharel "arranger le couvert" et ceci trois fois par jour.Nous avions appris à apaiser notre soif en catimini avec de la bière que Frère Seraphin préparait.
Je revois Frére Guénolé superviser la cantine du midi et qui disait aux grand aloufas devant l'Eternel comme moi: Doublez, doublez, doublez.
Je revois mes ainés, mes camarades venir de trés loin à bicyclette ou à pieds.Je revois Professeur Bayol faire la répétition des chants le vendredi pour la messe du Dimanche. Je revois cette longue ligne d'éléves habillés de couleurs bleu et blanc longer la Grand-Rue vers l'église Sainte-Rose.
Je revois Tonton Jean balayer la cour de l'école, je le vois parfois arriver avec des "frett seriz" por certains de nos professeurs.
Je revois mes camarades, mes ainés regarder leurs notes de semaines.Je revois mes camarades jouer au foot-ball.. Je revois aussi cette marchande de bougonnen, ces vendeurs de frescos et de patés.
Je revois ce batiment de deux étages aux couleurs crémes qui a vu grandir une pléide de générations. Je revois ce grand image du Sacré-Coeur planté au deuxième étage. Avec le seisme du 12 janvier, il ne nous reste rien de cette maison familiale, de cet édifice public.
Ce n'est pas un rêve, je n'ai pas à me réveiller, c'est de la réalité,c'était une partie de mon enfance. C'était hier et il y a longtemps.

Se konsa
Nan kek jou anko map gen karantan e pafwa map poze tet mwen kesyion kilè mwen gen tout laj saa. Men jou ale jou vini mwen te piti, mwen grandi , mwen gen anpil zanmi konsa tou mwen gen anpil enmi bagay kelkeswa moun nan pa ta renmen genyen.Menm si mwen pa you neg ki renmen al legliz , nan vi mwen Bondye fè anpil bagay. Mwen remesye manman mwen ak papa-m ki fe anpil sakrifis poum te ka moun mwen ye jodi a.Nan lekol, nan travay, nan lari a , isit nan peyi etranje mwen rankontre anpil moun ki pa sanble e se nomal. Genyen ki zanmi -m, genyen ki eksplwate ou e genyen tou ki fè anpil tripotay sou ou. Bon jan nou konnen li an tout moun se moun men tout pa menm.Youn nan bagay moun toujou reproche mwen seke yo di mwen gen yo move karaktè, mwen pa renmen pale ak moun e mwen dwol. Chak moun gen fason pa yo e mwen santi-m mwen byen konsa e si pafwa mwen choke nan fason ke mwen , mwen konpote , mwen mande moun sa yo padon.
Fwa pase a mwen te ekri you not sou Facebook e mwen te retire-l rapid paske te gen you zanmi ki pat apresye not mwen e sete de vi mwen mwen tap pale. nan not saa mwen te di : gen de bagay ki rive you moun ou pa konn pou ki saa se ou li rive e menm si ou kouri lap rive ou kan menm. Menm jan ak tout moun , vi-m make ak anpil bel eksperyans konsaa tou gen anpil move eksperyans ki make-m e mwen pap janm bliye yo jiskaske mwen mouri. Toutan wap viv lap toujou konsaa e se la vi menm ki konsa.Ou konn finn planifye you bagay byen pwop, lel rive pou-l reyalize you anpechman rive rapid rapid e pafwa si ou pa pran tet ou , ou ka fou ou anraje.
Pandan ke mwen di mwen pral gen karantan mwen aprann anpil de moun ki pi gran pase mwen, de moun ke mwen travay ak yo, mwen aprann anpil de elev mwen yo, mwen aprann anpil de manman-m ak papa-m , de fre-m ak sè mwen yo, de madanm mwen ak de timoun mwen yo, mwen aprann tou de moun ki pa zanmi-m, mwen aprann anpil de pwofese mwen yo, e anpil de sosyete a.You-n nan bagay mwen konprann byen lè ou ka ri , fete, banbile, danse se pou fèl, lè ou ka rete lakay ou, reflechi, panse li bon, lè ou ka kriye , se pou ou kriye . Gen de bagay kap pase w, gen de bagay ki rive -w se you kout anmwey pou ou fè pou ou santi ou alez. Lè ou kriye se pa lach ou lach, men se pouse wap pouse sa kap toufe ou a deyo, sak pa bon an deyo.
Pandan map viv mwen pa konnen konbyen moun ke mwen te konnen ki ale e nou gen you egzanp vivan devan nou sak sot pase ayiti 12 janvye pase a: Anpil zanmi, paran ale nan mwen you minit.Nou oblije viv chak segond nou genyen pandan ke nap respekte tout moun nan fason ke yo . Youn nan fraz mwen renmen repete nan vi mwen se saa: Je me laisse aller par le courant de la vie.

Wednesday, June 15, 2011
Ti Sovè
Depi mwen tou piti mwen toujou tande granmoun mwen yo toujou ap di: tro prese pa fè pa fè jou louvri. Mwen te toujou konn ap di de ki saa yap pale eki saa pwoveb saa vle di , men pandan map grandi e lem finn granmoun map reyalize ki sa yo te vle di-m e pou ki sa yo tap pede dim saa.
Gen de moun depi yo nan vant manman yo yo koumanse pran baf e lè yo fet menm se pired ekom moun kap viv you pa janm bouke batay ak lavi. Lot jou mwen rankontre ak Tizo ki rakonte-m you istwa e mwen jije li enpotan poum pataje istwa saa ak nou. Tizo dim li gen you matant li e se denye pitit manman li kite marye ak you neg , men neg saa de mwa apre maryaj te ansent matant li a. You maten san pesonn pa konn ki saa madanm li te gen ak li , li leve li kite kay la e li pa janm tounen e jouk jounen jodi a yo pa janm wel.Matant Tizo a sete Soimene e mari li ya te rele Antrave.
Misye pati kite kay la ak Soimene ansent de mwa e nou konnen le moun yo fet ansent konsaa yo bay anpil pwoblem, Soimene te vini piti anpil paske li pat ka manje e menm dlo fret pat gen gou nan bouch li. Kom papa Soimene te la li te mande pou li ale lopital paske li pat ke rete gade pou jan li we bel pitit fi li a ap depafini. Le Soimene sot lopital e apre anpil egzamen dokte te dil li pwatrine tou ansent la. Yo te mandel poul ale Signo kote yo te aksepte li san grate tet . Tout moun te panse manzel tap mouri e menm timoun nan tap mouri tou. Apre bon jan laswenyajj Soimene refè e li tounen lakay li. Kek mwa apre li akouche you ti gason ke li rele Ti Sovè. Mezanmi depi ti Sovè fèt se mizè Soimene ap pase ak li , bagay maladi Sovè saa fè Soimene depanse tout saa li te possede e fok mwen di nou sete TiSovè selman Soimene te genyen e li pat vle pedi li. Li konnen ke nan ansent li pase mize e kounye a pwoblem li fek koumanse ak maladi pitit gason saa Bondye bali a.mezanmi la tout doktè li te ale pat janm gen anyen ki kafèt, gen anpil moun ki fel konnen si sete yo , yo tap lage pitit saa nan you bwat poubel ou byen kitel ket kote, li pat okipe yo . Li te toujou kwe pitit li a gen poul refè kan menm.gen moun ki dil poul al kay boko paske se lwa kap fe pitit la e menm gen you bon zanmi li ki dil se granmoun anfas la kap manje pitit sila .Li pa okipe okenn mounn selman sa ki mande-l pou al we tel ou tel doktè. Tizo dim ke dokte ke Soimene pa ale lakay li-a genlè poko fèt.
Lè Tisovè gen twazan , li paka mache, se lafyev chak jou e you tous ki pa janm rete , you maten Soimene pran dezisyion poul fe tankou se lopital lap mennen pitit gason li ya epi poul lagel you kote.Li pran machin lale Potoprens e nou konnen nan mchinn lan lot paseje yo ap gade li vreman dwol ak pitit li a ki pa bon menm. Le machinn nan rive K-fou devan lopital Senchal, Soimene desann e kom sete you vandredi te gen you jenn nan legliz sila , lide-l dil fè you rantre , li koute tet li epi se gade li gade li we li anndan legliz la. Nou konnen nan jenn moun yo priye anpil ,gen you moman ki rive fre kitap dirije jenn nan di tout moun ki gen pwoblem pase pou yo priye pou yo e manmzel pase devan an ak TiSovè. Le li pase devan an pou eta pitit la tout moun te konsantre yo pou yo priye pou Tisove, mezanmi anvan sevis la fini Soimene te kontan paske Tisovè te leve mache e tous li a te koupe sek.
Gen de moun tankou mwen ki pa kwè nan anyen se sa wi Tizo dim, men pitit gason-m genyen wi anba syel ble saa, si you moun pa kwe li pa kwe men pou sak kwe yo toujou gen you repons pou yo, pa janm prese ak lavi . Mwen dil kote Soimene ak Tizo ye kounye a, li dim se manman-m ki te konnen yo, li gen kek tan li pa tande nouvel yo. Epi li fini poul dim li pap rete paske li gen you komisyion poul la-l fè e mwen dil la prepare you lot istwa pou mwen le-m kwaze ak li anko.

Dezod nan zafè renmen
Gen you mizik ke Tropicana gen nan repetwa li ki rele : " Renmen moun ki renmen w" se you mizik ki tre popile e nan mizik saa yo montre nou ak kek egzanp ou konn renmen ou moun e moun sila pa renmen w. Eske lanmou gen pati pri, eske lanmou ka vann nan tigodet, eske lanmou pedi tout vale li.
Lakay nou an Ayiti tout lajounen moun ap pale de lanmou e timoun yo depi yo rive nan segonde e gen kek ladan yo depi nan prime yap pale de lanmou. Se you kesyion de lanmou lanmou lanmou.Eske timoun saa yo prepare pou zefe saa ki rele lanmou a.Mwen konnen gen anpil timoun ki tonbe nan zafe lanmou saa ki mennen yo lwen e ki menm pedi lavi yo bone bone, li valab ni pou ti gason ni pou tifi e menm si denye kategori a peye saa anpil. Gen kek moun nou konnen ki renmen depi le you kwaze nan premye ane segonde yo e ki marye ki gen pitit e se bel bagay le ou marye ak you neg ou byen you fi ke ou te renmen depi diset ou dizwit tan.
An pale delot kategori a sa vle timoun ki renmen depi le yo gen treiz, katoz kinzan . Pi fo tifi ayiti ak ti gason renmen ak laj saaa, yo foure tet yo nan you bagay e yo pa konn enpotans li alewe pou konsekans li . Roro we Jozefinn yo chak gen treizan , li dil li renmen e manmzel san pwoblem reponn san li pa menm konnen sak rele lanmou, pafwa paran pa menm konnen menm e si yo konnen sitou pou paran ti fi a yo bay anpil pwoblem , e tifi yo konn pran anpil baton lè konsaa.Jozefinn ki renmen ak Roro-a gen twa chans se ou byen renmen saa rete jiskaske yo marye , se ou byen renmen an rive nan wout li kraze e lot chans la, yo tonbe nan fè dezod e manzel ansent. Denye ka sa sil rive se gwo pwoblem , Jozefinn paka ale lekol anko, sosyete gade-l you lot jan tou e Roro sil vle e si paran li dako kapab pran responsabilite-l , e a katozan ou kenzan ki responsabilite. Mwen bay younn nan egzanp ki genyen e gen anpil anpil.Nou pap bliye pou nou di ke tifi yo konn ansent e sou konsey mennaj yo oubyen paran yal jete pitit saaa e pa bliye gen ladan yo ki konn rive pedi lavi yo.
Nan tout saa nou sot di la ou ka remake zafè renmen lakay nou li konpleks anpil.An nou tounen sou zafe renmen moun ki renmen ou an . Ki jan mwen konnen you moun renmen-m , ki jan mwen konnen you moun pa renmen-m?
Nan lanmou gen saa ki rele senserite, si patne mwen an pa sensè ak mwen , tout lajounen lap banm pwoblem , lap banm manti , eske mwen ka di moun saa renmen-m. Gen saa yo rele konfyans: toutan mwen tande anmore, anmorez yo ap di sim paka fe-w konfyans mwen paka ak ou , wi se vre sim louvri ke-m ba ou e ou pa fe-m konfyans plas mwen pa la.Lot gwo bagay ki gen nan lanmou se respè , o wi mezanmi respè a konte anpil: sim gen madanm mwen , mennaj mwen , boubout mwen mwen pa respekte-l , tout saa ki soti nan bouch mwen , mwen lage-l mmmm saa pa ladan-l. Konbyen foye ki kraze, konbyen moun ki damou poutet youn pa respekte lot saa bwè lwil? Denye pwen map touche nan pwoblem renmen lakay nou se pasyans : Simon renmen ak Maria depi senkan e yo damou anpil e Simon pap travay , jou ap mache paran fi konn di oo sak gen la tann dat misye renmen e menm you moso bwa li poko depoze nan you kwen. Si fi a gen you zanmi-l ki marye li konn rive bay neg la anpil presyion poul marye . le konsaa foye a konn kraze tou paske yo pat gen ase pasyans pou ye fè wout sila.
Jan nou wel la zafe lanmou saa se pa you bagay ki fasil e you moun pa dwe foure tet li ladann tet anba. Pou timoun kap renmen bone yo nou panse fok paran yo ta konseye yo menm si li pap fasil . Pabliye mesyedam pa gen lanmou san senserite, san konfyans, san respè e san pasyans .

Saturday, June 11, 2011
Nostalji saaa red net
Mwen fek leve e lespri mwen se Ayiti cheri li ye , mwen pap bliye di nou ke ko mwen rete sou kabann lan . Sa vle , mwen gen you nostalji kap boulvese mwen bone bone.
Le you moun pati al viv nan peyi etranje se pa you jwet non mezanmi paske li pa fasil . Se you lot bagay net. Men anpil moun lakay nou panse ke peyi etranje se La terre promise par Dieu e menm si ou ta eksplike yo, yap di ou sou bloff.
Kom jodi a se samdi mwen sonje machann kap pase kap rele men bel seriz, men bel chadek, men zoranj pou vann, mwen sonje fi saa yo kap desann ak bel panye yo nan men yo ki pral achte e pa bliye lakay se fanm ki fe mache e mesye yo regle lot aktivite.Kom se samdi timoun yo pa al lekol le konsaa nan gwo lakou yo ti mesye yo ap jwe foutbol ou byen teke mab, tifi le yo finn bale , ranje kabann , yo jwe osle , yo sote kod; nou pab bliye gwo goumen ki konn fet tou.Mwen pap bliye gwo goumen saa kite fet ant Nikola ak kamelyen pou you zafe mab. Yo te fe you kout san mab e apre yo fin peyi Kamelien premye e Nikola dezyem: Kamelien lagem mab li ya bo wonnn lan e depi sou bit la Nikola teke-l sa ki pat fe Kamelyen two byen. Mezanmi pandan Nikola bese pou-l pran mab yo , li te pran yout pye anba ti vant nan men Kamelien saa ou tande a batay e mab gaye e kom timoun mwen te pran menm dis, yo pat rete pou mwen paske anba kabann kay manman-m mwen tal kache apre de zoklo mwen te oblije remett yo. Mwen sonje tou le samdi se epok kite gen plis siveyans nan moulen kay Madan Kaleb paske timoun pa ale lekol e fok yo chache you bagay pou manje, le konsaa neg ap siveye kile jeran yo pran you poz al lakay yo pou nou pran kek bout kann le konsaaa si yo bare nou se Bondye pou ki sove-a pou ou pa pran kek kout kann.Le se epok mango , kelkeswa kote mango a ye , you bel kout woch ap lage li ate e nou pa bezwen konnen kote woch la ap tonbe paske se mango a nou bezwen.. Mwen sonje nou te konn keyi lam, kokoye ak woch tou. Le apre midi pral rive granmoun yo toujou fe you jan pou tout moun chache kot liv ye pou yo etidye, sa ki pat konn fe anpil nan nou kontan.Pa bo isit timoun nou yo rete anndan you kay pandan tout jounen , si yo al lekol ok e menm apre saa le yo tounen ou ta di se nan prizon yo ye paske pa gen lakou pou yo jwe . Sa ki fe timoun nan dezod pase sam pa konen .Depi pot ouve yo anvi sot deyo.
Ayiti se gwo peyi soley, peyi ki gen bel lanme, bel rivye pou fanm yo al fe lessiv jou samdi. Mwen sonje bel bouyon tet kabrit, bouyon fey. Mwen sonje benyen nan lanme, mwen sonje tou bel mayi boukannen, mayi bouyi. mwen sonje bel bouske neg konn oganize le samdi , chak moun sou bisiklet yo.
Ayiti cheri mwen pa kwe gen tankou ou, malgre wap depafini , malgre pitit ou yo ap fe ou pase mize,men ou toujou rete fanm mize-m , fanm delivrans mwen , fanm nostalji-m paske tout kote mwen ye, tout kotem pase ou toujou rete nan ke-m. Nan tout fanm mwen konnen ou se saa ki pi dous la.

Monday, June 6, 2011
Chalbare dèyè Digicel
Si Digicel fè you revolisyion an Ayiti nan zafè telefonn potab pou nou menm Ayisyen kap viv nan peyi etranje tankou Etazini se you maswife nap monte ak konpayi telefonn sila.
Digicel mete you kat sou mache ameriken an pou ayisyen kap viv isit rele fanmi yo Ayiti e kat saa vann de (2) dola, lè ou finn rantre nimewo a yo di ou genyen 22 minit. Nan komansman li te bon men genyen kek tan la konpayi saa se volo lap volo kob moun selman .
Si wap rele ak you moun depi apel la koupe ou pedi kob ou a, sak pired la ou konn finn rantre kat la ou rantre nimewo a, telefonn moun ou rele a pa menm sonnen menm ou tande Good bye.
Sa rive plizyè fwa e mwen pat vle di anyen e kou saa mwen pran yè swa a anraje net. Yè swa mwen achte kat (4) kat paske mwen toujou rele paran ak kek zanmi Ayiti. Twa nan yo mwen nik antre nimewo a e menm A mwen pa tande moun Ayiti a di e sak pired la nan denye mwen nik di Allo mwen tande Goodbye. Kom prev mwen kembe nimewo pinn yo .
Jan Languichatte ta di , mezanmi aladesalmanaza. Pou you kompayi kom Digicel , sa fè wont e souple yo bay menm sevis saa pou Jamayik ak you kat de (2) dola tou e mwen pa kwè li konsaa.
Avèk pawol saa yo, map mande Digicel tanpri souple poul fikse pwoblem saa rapid rapid pou nou paske sil pa fè saa nap oblije rele sevis ki konsene-a isit pou rapote saa e denonse yo tou. Sak pired la yo mete you nimewo sou kat la pou si gen you pwoblem pou ou rele e bye mekredi denye mwen te bezwen rele you moun Ayiti pou manman mwen , mwen nik rantre kat la e se you Goodbye ki te dim bonjou, mwen te rele nimewo ki sou kat la , apre 15 minit kom pat gen moun ki te reponn mwen , mwen te oblije femen e mwen te pedi de (2) dola saa tou.
Nap fe Digicel konnen ke tout Ayisyen kap viv Etazini travay di anpil pou fè you grenn dola , tanpri mesye fikse pwoblem nan paske nou vole kob moun twop. Ooo konsaa menm , li pa bon mesyedam. Fikse pwoblem , tanpri fikse li.

Wednesday, June 1, 2011
Filiz, machann kassav ak pistach la
Chak maten depi gen lekol depi nevè fè bing, se bri saa mwen toujou tande: Pistach griye kassav alo fre, Pistach griye kassav alo fre.Sa se vwa Filiz, you ti madanm kout ki toujou pase a menm lè nan katye lakay. pou vann pistach ak kassav. Li pase bonè anvan li rive nan Lise-a pou-l sa vann pandan rekreyasyion.Jou nou pa tande bri a , konnen Filiz gen you pwoblem li pa desann.
Kom neg ki toujou ap chache e poze kesyion e ke Filiz te konnen mwen byen , you samdi maten pandan li tap pase mwen te aproche li poum poze li kek kesyion sou vi li epou m te achte tou.Li pat vle reponn mwen e li te dim , pratik ki te-m anrepo tande, se la vi-m map chache ak lavi timoun mwen yo.Mwen pat redi twop sou kod la paske mwen konnen se pa tout moun ki vle pale de vi sitou nan peyi nou.
You jedi pat gen lekol e Filiz pat konn saa , li te desann vinn vann men bagay la pat bon pou li paske elev yo te rete lakay yo paske se te konje.Pandan li tap pase mwen te rele poum te achte e se konsaa li te komanse banm koze.
Filiz di li se katryem pitit manman li e se li selman ki vivan paske tout lot yo te pi gran e yo mouri.Li di sa ak papa li , li leve e manman li te mouri le-l te gen twazan.Li kontinye poul di se youn nan pi gran mechanste papa-l fè-l li pat mete li lekol e papa li te gen mwayen pou sa.Lè-l gen setan papa-l te bal rete kay you moun Potoprens e moun saa te fè menm jan ak papa li e li pat mete li lekol e se kom you esklav li te reye tank yo te konn fèl travay tankou bourik.Lèl rive gen kinzan, youn nan pitit madanm kote li te rete fel konen lavi gason e ansent li.Lè li ansent you mete-l deyo e kom li pat gen lot chwa li te tounen lakay li nan zonn Tisalé.Papa-l pat bal bo lel tounen lakay e se gras ak you tonton li ki fè li te kemben anba gwoses saa.Li rele pitit saa Sauveur.Kom li pat gen posibilite apre akouchman li te oblije rantre nan lavi plase ak you neg nan zonn ki vinn bali you dezyem pitit ki se you fi ke misye pa rekonnet e pitit fi saa li rele li Denise. Lè li gade li wè li gen de pitit sou bra li e lavi-a ap bali move chaplet gen you zanmi li ki konseye achte pistach e griye yo poul al vann nan lakou leyogann. Li pa fè red li koumanse.Lè-l koumanse bagay la pat bon pou li paske nan komansman tout pistach yo boule e fok li te peye kote li te achte yo a.
Filiz kontinye pou-l di se komes saa ki voye pitit li lekol , bayo manje e peye bout kay kote lap viv la.Pi gran pitit li a nan retho e Denise tap fè katryem nan lise-a, men pa gen moun ki te konnen .Li kontinye pou-l di ke si you moun ou gen pitit ou pa voye li lekol , se kom si ou pa kanpe sou anyen. Apre koze saa li voup li leve lale ak bel chante li a: Pistach griye , kassav alo fre, Pistach griye , byen griye.
Mwen te vinn kite katye a e mal rete Potoprens pou kontinye zafè lekol pam.
Fwa dènyè-a pandan mwen tal wè manman mwen e se konsaa mwen wè you madanm kap pase fre tankou you zwa e mwen di manman -m saa sanble Filiz, li dim me wi se li. Lem rele li , li pat vle vini, e mwen dil se mwen menm youn nan kliyan ou yo. Li dim ooo apa se w, kouman ou ye ? epi pa kiryozite mwen mande-l kouman timoun yo ye , li dimm Sauveur te fini lekol e se Doktè li ye e ti fi li a marye li gen twa pitit li an Frans.Mwen dil machè feisitasyion, mèsi pou kouraj ou.Li pa rete lale.
Mezanmi gen anpil moun nou wè kap vann pistach, dlo, lapaben, kann kale, mango,fè lessiv, vann kiyè kanpe se pou ledikasyion pitit wi. Tanpri bayo tout respè yo merite.

Zafè Doudou-a
Li te rete nan menm lakou ak mwen e mwen te konnen li depi li te toupiti.Misye te telman dou yo te rele li Doudou.Li pat janm mele nan zafè moun e li te toujou poze tankou you ma kafe.
Yo menm rakonte you vye istwa sou misye , yo di Doudou te gen neuvan lè volo te pase e kase kay manman misye, tout moun tap domi e je li te klè, li te wè tout saa volo tap fè men li pat di anyen e jiskaske volo saa se te ale.Nan lekol sete menm bagay la, pwofesè li yo te toujou ap fè manman li ak papa li konpliman pou li.Lè Doudou vinn gen seizan lap fè twazyem segondè tout moun remake ke misye komanse chanje, pa bliye lakay nou se nan klass saa ou koumanse etidye literati e koumanse fè gwo refleksyion.Lè Doudou nan reyinion se poze bèl kesyion e se fè gwo komantè.Doudou tap fè filo lè te gen you manifestasyion kont gouvenman ki te an plas, oooo sete Doudou ki te an tet manifestasyion sila.Granmoun misye yo sitou manman li te koumanse enkyete pou jan yo wè misye chofé nan zafè politik paske lakay zafè politik saa touye twop moun.Yo menm di apre manifestasyion saaa yo te lage deyè misye pou yo arete li, sete telman vre Doudou pat janm konn al lekol la apre sa ak inifom.
Apre bakalorea, Doudou enskri nan syans imen kote lal etidye jounalis, bagay ke ni papa, ni manman misye pat vle tande. Mwen te konn tande manman misye kap di li regret saa pou pitit gason li an paske yap touye li bonè. Misye pot ko fini lekol saa li te koumanse ak you emisyion nan : Radyo Nou, you emisyion kote li ap denonse saa majistra vill la ap fè.Aprè twa emisyion , ooo emisyion saa pran you ekstansyion ki twop menm pou met Radyio a.You maten , Doudou tap rantre Potoprens e pandan li tap ret tann machinn you ekip neg ak gwo zam debake sou li. Li sove de jistes paske Depite vill la ki te kondisip li tap pase e kouri deyè bandi saa yo. Bagay saa bay papa misye you dyare ki menen li anba tè. Malgre saa majistra-a jire si misye pa rete , lap manje li kan menm.Mwen menm kom zanmi misye mwen te konseye li poul kite peyi a li pat aksepte e li te dim ke se you misyion li gen poul akonpli.Bagay lanmo papa misye a fè preske tout moun nan fanmi a te gen pwoblem ak misye.
Apre misye te finn antere papa-l, emisyion an te pran you lot dimansyion pandan li tap kritike non selman sa majistra-a tap fè, men tou sa pouvwa anplas la tap fè tou.
Lè eleksyion ap rive, misye anonse ke pou li pote chanjman nan vil la li kandida pou majistra . Majistra sotan di misye se kandida ameriken. Pandan misye al fè kanpay nan zonn Lafon kite zonn magistra sotan , yo koken pete e mezanmi yo manje Doudou tet nwè ak tout cheve nan tèt li.Lè manman Doudou aprann nouvèl la li pèdi tèt li.
Men kouman Doudou pèdi lavi li e men kijan li kraze , elimine you fanmi.Devan simityè leyogann nan, gen you madanm kout ki toujou tou de nwa se manman Doudou li toujou ap rele :Doudou kote ou ye.

Frè Sonson
Li rete nan zon Gwayav e se you neg depi li piti moun lakay li ak moun nan zon nan renmen anpil.Mwen vle pale de frè Sonson.
Frè Sonson se neg ki pi bwodè nan zonn nan e lè-l pral legliz lè dimanch pap gen moun anndan legliz la ki bwodè pase li.Gen moun ki konn ap di misye genlè se pa legliz li ale men se wè la-l fè yo wè li gen bèl pantalon, bèl chemiz, bèl kol ak bèl soulye.You jou Pastè legliz la ki se Pastè Giyom te mande-l pou-l priye pou asanble-a , mezanmi frè Sonson ki pat konn pale franse al fè you priyè nan lang saa, anmwey legliz la kraze tann fidèl yo te ri.Pastè Giyom pat kontan ditou de kompotman fidèl li yo.Frè Sonson te telman wont li manke kite legliz paske li te fè you mwa yo pa we-l li.Pastè te oblije fè devwa li pou-l al mande frè Sonson pou-l tounen men you bagay ki pat fasil. Frè Sonson se neg ki te kwè nan tèt li anpil , menm lè li te fè you bout klass katryem segondè li te panse se filozof li ye jan nou menm ayisyen nou renmen di-l la.Kom li pot ko gen madanm e li tap file Sè Jezila kite nan menm legliz ak li, Sè-a te refize bay Frè saa kè li . Pou Sè Jezila sal te panse de mouche se pat saa.Tout sa frè Sonson te di masè li pat aksepte.Lè Frè Sonson gade li wè li paka renmen ak fi saa li al andeyo lal eksplike papa-l sak rive -a. Papa-l te konseye misye pou-l al wè you boko pou rezoud pwoblem saa,you konsey ke misye pat menm bay valè.Tout moun te vinn wè ke frè Sonson ap bese, yo te konnen se malad li te malad men se te maldi damou ki tap touye monfrè.
Jou ale jou vini e kaka je pa linet.Frè Sonson kwaze ak you zanmi danfans li ki ap travay kom you gwo avoka nan lakou Potoprens e lè frè Sonson eskplike misye koze kite rive-l la , misye di Frè Sonson li menm li tap konseye li tounen lekol,mete tout ogey de kote al lekol e li pa janm konnen rev li ka reyalize you jou.Apre you pakèt refleksyion Frè Sonson tounen lekol , komansman an pat fasil pou li paske li te gen anpil tan li pat louvri you liv.Pandan tan ap pase se Jezila gentan jwen you lot frè legliz la ki te renmen li, yo plake e yo marye. Jou maryajj saa Frè Sonson kriye tankou timoun piti e menm envite yo te envite li, li pat met pwent pye li.
A trantdezan Frè Sonson fini ak koze lekol saa e li bay tet li misyion pou-l vini Pastè menm jan ak pastè Giyom.Misye te bay tet li misyion saa se paske li te toujou renmen Sè Jezila ki gentan marye e ki gen you pitit. Li te toujou gen nan kè li fok li gen fanm saa kan menm.Lè Frè Sonson ap odone Pastè la-l kay Se Jezila pou-l envite nan seremoni a, Sè a te vle ale men mari-l pat aksepte. Frè Sonson pat pote li byen ditou nan seremoni saa paske Sè a pat vini.
Kom Frè Sonson pat ka jwen legliz li te aksepte asiste Pastè Giyom. You dimanch aprè midi apre you reyinyon, pastè Sonson di Sè Jezila pou ret tann li li gen you bagay pou-l di-l e se espre li te fè paske mari Sè Jezila a pat avè li.Nan ti koze saa, frè Sonson di-l li toujou renmen li e li pa gen pwoblem menm si li gen you pitit , lap pran-l konsa. Sè Jezila pat konprann bagay saaa e Frè a te di-l lap tann repons li.Kom frè-a te anmerde-l anpil e li te wè malgre sak pase -a Sonson toujou renmen li , li te oblije kraze premye maryaj li te fè-a.Pastè Guiyom flanke tou de deyo nan legliz li a.
Jou Sonson ak Jezila tap marye a, tout moun nan zonn nan te fè deplasman, yo te al marye nan legliz kay Pastè Kleman paske li pat gen pwoblem ak de moun saa yo.Nan seremmoni an pandan pastè Kleman ap di Sonson eske li vle pran Jezila pou madanm li pou toutan gentan, ansyen mari Jezila a rantre nan legliz la li fizye ni madanm, ni mouche, ni pastè e touye tet li e tout moun kouri.Trajedi saa kite you chagren nan zonn nan pandan plizye ane e se matant Nanprenfanm kite kase banm moso.

Istwa Timari
Ti Mari se pitit boss Jozafa ak Komè Nanprenfanm. Fanm saa pouse-l atè you samdi maten pandan tout moun ta pral nan mache. Jou saa dlo a sove e kannari a kraze. Sa vle di li pa konnn gou let manman ditou e se boss Jozafa ki gen gwosè responsabilite saa. Kom gwo chapantye, li te gen pwoblem pandan dezan pou te al travay poul te ka pran swen pitit fi saa ke bel madanm li a te met sou te-a.Kom yo di pitit fi se pitit gason , Boss Jozafa te mete sentiron linan tay li, gonfle ponyèt li poul bay Timari bon jan laswenyayy.
Bon non Timari se Marie Justine Jean e sete grann li bo manman kite bal non TiMari a.Apre dezan boss Jozafa reyalize ke Timari finn mache, li wè fok li rekomanse reprann aktivite chapant li a. Se konsa li rankontre ak Gislaine you fanm ki pat pot pantalet li pou bel twal paske li te gentan pase de mari deja.Nan koze ak li, Boss Jozafa eksplike li ke se you sel pitit fi li genyen ki dezye li e li ta renmen gen you fi kap alafwa you bon madanm pou li e you bon manman pou pitit fi li a.Nan de tan twa mouvman Gislaine te vinn pyes metress kay la e menm si moun nan katye a pat dako ak chwa saa ke boss la te fè.Tout moun komanseremake ke Timari te kontan paske li te gen you fanm bo kote li ki te fel pran gou la vi, you fanm ke li rele manman e boss la tou kom papa li te kontan jan madanm li ap jere kay la .
You vandredi maten pandan ke boss Jozafa al travay , se kouri yo te kouri al chache li paske Gislaine fè you sel endispozisyion li mouri tet nwè, you bagay ke boss pat rive konprann jiskaske li antre anba tè. Boss te rive pran desizyion poul pa pran fanm nan kay anko selman fè ti pachat deyo.
Kom Ti Mari te gen laj pou-l al lekol boss mete-l nan lekol nan zonn lan e se konsa ti mari pral leve ak you gason ki alafwa papa ak manman li.Boss Jozafa te fè tout sal konnen pou pitit fi li a soti yo gro moun nan lavi a. Li pat konn li men li te chache moun ki konnen nan zonn pou bay pitit fi li a lesson apre lekol. Le Timari desann setifika boss te kontan paske se Timari kite lorea nan zonn bo lakay li a.
Lè Timari rive ap fè twazyem boss Jozafa al domi you jou swa li pa leve. Kom TiMari te gen lespri apre antèman li te vle al rete kay grannn li men granmoun temere saa pat aksepte e pat gen moun nan fanmi a kite vle resevwa l lakay yo. Men Timari ki gen sezan nan you kay pou kont li san manman , san papa e san fanmi. li te oblije kite lekol pou-l al travay kay gwo moun lavil.
Lel gen dizwit an li rankontre ak you mouche ki rele Claude kite gen trantan an plis li. Kom li te gen tout pwoblem ak lavi li, li te oblije aksepte ak mesye ki bal you pitit , ki fel paka domi, ki fel ap grate tout jounen, ki fel gen you dyare san rete ke yo rele Sida.
Mezanmi Timari la li poko mouri. Si wap desann sou wout lakay la , sou men dwat ou wap we you fi ki depafini tankou you grenn mango fil , ou met salye li, si ou gen kob ou met bali, eben se Timari, you jenn fanm depi li fet lap pran kout fret nan men lavi e jou li konte paske koze sida pa gen tretman.Chak lè mwen pase mwen wel mwen toujou di:Konbyen Timari genyen nan peyi-m.

Subscribe to:
Posts (Atom)