Bonjour à tous

Bienvenue à tous et merci de bien vouloir visiter mon blog.

Tuesday, March 27, 2012

san tit

you vye rev
potem ale
nan you kwen
kem pa sonje
jiskaprezan

you rev zandolit
you rev krapo
you rev koulev
you rev tout vye bet

rev saa
pa tout rev
li fem pedi konesans
li fem mouri dyol ouve

mwen ta jwe bolet
mwen ta jwe karann set
ak tout reve
rev saa pa fout gen reve

Tout rev se grenn tik
sou do bef
tout rev se gep panyol
kap bobo timoun dezod
tout rev se tiwa mog
ki gen vye sant
Tout rev se deye kanson
granpe-m ki pyese
ak you branch twal wouj
kap bay siyal devan deye .

Kanaval

Briganday bibanlay
ak you kod nan ren
nan lari potoprens
ap mache
ap tren nen
li pa konn
pou ki le li la
li anvi pale franse
li anvi pale kreyol
pa gen tanbou
pa gen vaksinn
donk tout solo
monte bwa
vwa kabrit fe kenken
vwa mabouya anwe

Non mwen se kanaval
mwen san siyati
pa mande-m pouki
mwen san fanmi
mwen tankou timoun
ki ret ak moun
telman yo maltrete-m
telman yo fe kob
sou non mwen
mwen tounen kakanaval
ayibobo pou saa
ki pa banm bwe
vye solo rechofe
Male
twop mize pou mwen.

Ayiti

you machinn klasonen 
you chyen jape
tout cheve-m tresayi
tout moun kouri rantre
zonbi tidjo kap pase

nan fe bren an 
tout bagay posib
tout magouy fet 
tout lougawou vole 
tout chat tounen chen
tout bourik tounen chwal

Istwa ayiti
se istwa tet chaje
se istwa janjanbret
se istwa lam
kab bouyi nan siwo
se istwa timtim bwa sech
se istwa bouki ak malis
se istwa politisyen
kap etidye nan grame tet anba

Istwa peyi dayiti
se istwa tet moun
ki pa dwat selman.

Saturday, July 9, 2011

Men kijan Ti Marcel mouri

Jozefinn sete you tifanm kout, gra kou chat e pat gen you neg pou ta wel pou ou pa gade li .Jozefinn se madanm saa kite konn vann mango devan simitye-a; mango li te konn vann yo sete fransik, madanblan ak konn.Kliyan li yo te toujou kontan paske yo te toujou dous e yo pat konn gen ve. Lot machann kite bo kote-l yo pat vle we-l paske li te toujou gen plis kliyan pase yo e li te toujou konn finnvann bone bone. Si mango li yo te toujou dous, dyol li te dous tou pou jan li te konn resevwa , pale ak kliyan li yo e saa te konn fe yo kontan anpil.
 Machann mango saa te gen kom mari you nonm yo te rele Ti Marcel, misye te dyole anpil , gen moun ki konn di se le misye mouri selman lap kite metye dyole saa; men misye te jalou anpil pinga you moun pase bo madanm li.You samdi Josefinn te al achte mango nan mache Dabonn poul al revann e kom li pat two prese jou saa li te fe you pase lakay li, mezanmi li jwenn kompe Marcel ak you lot fanm ann dan lakay li ya epi sou vye divan li ya yo tap fe you ti degaje, nou konprann zafe gason ak fanm. manmzel te sezi e li pat di you med, li te fe kom si pat gen anyen . Jou saa tout moun : kliyan plis lot machann yo e menm si yo pat zanmi li vre tap mande ki sak pase Jozefinn paske li te pedi bel vwa dous li a e figi li te tankou you lanp tet gridap kap fose limen paske li pa gen  gaz jonn.
Jou saa seli ki kite devan simitye a an denye.Li tap panse, li tap reflechi ki saa poul fe ak Ti Marcel papa koken a paske yo te toujou konn dil ke misye ki plizye kliyan men li pat janm kwe e jodi a li we ak de nawe li tout bagay. Le fe bren rive , li ranmase res mango yo poul tounen lakay, li pa vann li pat menm we saaa tant lap kalkile. Tout nan wout la  se pali kila ou ta di kol ap mache men lespri li nan zonn Chansolme, Cayes -Jacmel ou byen Ouanaminthe. Le li rive lakay li tout pot te femen e kom li te gen kle pa-l saa pat pwoblem poul te rantre; premye kote lale se nan chanm kote li te we aksyon a. Li mouri net paske yo kite travay pou-l fe paske dra yo te chaje  ak lobey ke mesye dam yo te kite pou li. Bagay saa te fel rele anmweyy twa fwa, men rel saa yo pat gen vale paske pat gen moun nan vwazinay kite tande.
Le-l fe neve di swa li tande pot la ouve e se mouchje Marcel ki te rantre , li pat menm okipe-l selman li tap mande kote manje li fe a.Marcel te  konnen byen sa li te fe a e sete you jan poul te pase Jozefinn nan tenten .
Jozefinn pat okipe-l nan sa li tap di a e kom anndan kay la te gen you gwo pilon, mezanmi se ak manch la li te rive touye misye, e sete deye kou selman li te bat li.
Pinga moun mande-m pou Jozefinn, sel bagay mwen ka di nou , nou met ale nan gran prizon Potoprens sela jou Jij voye manmzel al pouri nan you kwen , men pa di moun si se nan bouch mwen nou konnen ke mouche jij saa se mari you se Ti Marcel.

Friday, July 1, 2011

Men bon kiyè kanpe

Tibol sete you machann kiyè kanpe, sete moun douzyèm seksyion Tigwav. Lite vini nan vill Sentwoz la men-m jan ak you ban-n lot kite soti pasi pala. Te genyen ki te konn vann pate, gen lot sete fresko, kek ladan yo te voye ko yo nan mason, e san nou pa bliye saa ki te konn van-n kann kale yo.
Tibol sete you madan-m kout, se te you bèl fanm nwa e si Oswald Durand te vivan li tap di sete you bèl marabou ak tete doubout, lè li te ri ou ta di se soley la kap ouvè zèl li sou tè-a nan maten. Lè li te soti nan zonn kote li te fèt la , li te tankou you ti egare , men lè ou tande-l ap rakonte istwa li wap tande li di ke se move lavi kite mete-l deyo. Li te genyen you sèl pitit fi ki te telman sanble ak li yo te rele-l Tibol tou; pou li papa pitit saa poko mouri paske li pat vle rekonet kom pitit li sel grenn je saa ke Bondye te bali a.
Manje Tibol konn kwit pi souvan sete diri ak pwa nwa, e fè sos pat janm enterese li e kliyan li yo te renmen li konsaa. Pou manje saa te kwit Tibol pat konn sak rele recho e sete twa woch dife li te genyen menm jan ak tout moun ke zafè yo pat bon.Lè aprè midi lè-l sot vann li te konn nan tout kwen ap chache bwa pou prepare " chen janbe " nan demen maten.Pi fo bwa li te konn itilize sete vye bwa sekey li te konn jwen nan simityè ki pa two lwen vye kounouk li te rete a. Kliyan li yo sete moun ki tap lite pou viv menm jan ak li, moun zafè pa bon e yo te konn achte pou goud edmi ou byen pu de pyass. Pou yo sete diri kite pi gou yo te ka manje pou jounen an.
Akroupi-m chaje Tibol yo te menm konn fè goumen nan mitan kliyan li yo. Mwen pap jan-m bliye batay saa ki te fèt ant de bouretye pou you zafè bol e youn te kase tèt lot. Fè manje ak bwa sekey la pat you sekrè pou okenn moun nan katye e pa gen moun kite kon kritike li pou saa paske Tibol te bon ak nou tout.

Wednesday, June 29, 2011

Pou vye kompè-m Bermann

Lakay nou se lè you moun mouri yo onore li , mwen paka tann se le misye mouri poum onore li. Mwen vle pale de zanmi mwen, frè mwen Bermann Mimy. Mwen te tou piti kay frè leyogann yo e depi nan premyè ane mwen te konnen misye . Mwen sonje anpil moun nan pwomosyion li tankou frè li Mandfred Mimy, mwen sonje Zachary Alliance ak plizyè lot anko.Se neg ki brodè depi lontan  sa vle depi li piti .gen de moun pou eksperyans ou fe ak yo ou paka bliye yo.
Apre misye sot kay frè li te al nan Lyse leyogann nan kote li fe etud segonde li e youn nan bagay mwen toujou tande lap di e li fier de saa pa gen youn nan neg kite soti kay fre kite al kole boyo nan lise a sa vle younn nan yo pat double.Apre etud segonde li , li te ale repiblik diminiken etudye. Misye pale angle , panyol byen nou pap pale de franse ak kreyol.se neg franse li toujou sou pwent dyiol li e li renmen pwezi anpil.
Mwen te pase anpil tan mwen pat wel pandan tan li te pase Sen domeng lan, men  lavi a pral fe nou kwaze nan Institut Abellard kote ke li li se youn nan moun ki te responsab pati segondè a. Li te two kontan we-m le nou te fet kwaze e li te montre-m anpil respe e respe saa te pataje youn pou lot. Se kom sete you gran fre ki pat we you ti fre lontan lontan.Nou te antann nou pafetman byen nan lekol sa jiskaske mwen pat la anko. Youn nan bagay misye fem kemwen kontan , mwen te sezi you maten lè misye te mande-m pou-m parenn premye pitit fi li. Mwen te dil non e direkte lekol la , Schmid Abellard ki mouri, te kouti deye-m e li te dim li pa konprann ke you kolaborate tankou Bermann mande-m poum parenn pitit li e mwen pat vle, mwen pt okipe li e nan aswe mwen te al we manman mwen poum mande-l ki sa li panse , manmann-m te kouri deye-m tou.Le-m reflechi mwen di mwen menm pafw mwen two inferye e se konsa nan demen maten mwen te dil mwen aksepte e sou visaj misye mwen teka li ke ke-l te kontan anpil repons mwen an .Maravilla sepremye fiyel mwen e se you fiyel mwen apresye anpil . Manman-n toujou konsidere -l kom you moun nan fanmi an.
Bermann se neg ki toujou ap konseye mwen e menm le mwen pat nan Institut a anko, lem te llopital sentkwa se neg ki toujou banm tout konsey , tout apui kelkeswa lem bezwen li a.
Se you neg lel ap enseye li fe sa ak tout ke li e mwen kwe sete youn nan meye pwofese lang nan lakou leyogan  e elev li yo te renmen li anpil swa nan Surin Eveillard swa kay abellard. Se youn nan entelektuel Leyogann ki toujou sou bet li kelkeswa sije ou menyen ak li a, li toujou sou pik li. mwen sonje travay an gwoup nou te konn fe ak nou twaa: Gabrielle, li menm ak mwen menm , e se la mwen pral dekouvri Bermann , se neg ki pa jwe ak bet e le lap prezante you sije ou byen nempot saa li ye , se gwo koze.Se eng pafwa ki pafwa ki padomi poul prepare sa li genyen poul prezante ya.
Mwen toujou di saa se neg le lap danse tou se gwo koze, li konn musik li byen. mwen menm ak li nou toujou ap chanje lide sou kouman mizik nou an ye.mwen pap bliye bel kout men li konn ban mwe nan fe gwo emisyion sou radyo Sent kwa.
Mezanmi pa gen moun ki pafe, nou tout komet anpil betiz nan vi nou e Bermann pa you sen li pataka pa konn fe ere.Si nou ta di sa ti pawol sa yo patap gen enpotans pou oken moun , men nou konnen la via sekonsa li ye fok ou fe ere pou ou avanse.
Bermann se youn nan bel tet ki kite ayiti e ki vinn viv kay tonton sam.Konbyen parey misye ki la? Konbyen nan nou pafwa ki poze tet nou kesyion sa nou vinn chache la? Antouka Bermann ap viv Boston e kom nou tout ki bo isit la , lap chache kot la vi fe kwen.Bermann gen de pitit fi e tou de ayiti e pafwa mwen panse li la e nanm li ayiti.
Bermann gran fre pam, zanmi mwen , vye kompem se pa fle map voye pou ou men se you jan you fason poum montre w respe m pou ou. Mesi pou tout sa ou fe deja nan vi ou.Male.

Manti, mantè

Mwen te kanpe anfas ou le ou tap pale a, mwen te anvi ba ou do le ou tap ranse a, mwen te anvi gade lesyel le ou tap bat bouch ou a. Ou bay manti devan deyè, ou panse ou ka twonpe tout moun .Madanm ki domi bo kote w la mache di tout moun li pè-w paske menm bonjou ou pa laverite. Pi gran tigason ou an, di lap kite kay la paske chak jou wap preche-l poul pa bay moun manti e menm a ou di se manti. Koumanman ta sanble ak jilet yo te koupe lonbrik ou a mak li se te manti.Kom ou pi gran , mwen pa vle soti maledve sim  demanti ou, mwen pe tou pou pa lage madichon deye-m, men sim te nan plas ou mwen ta ale kay pè Sovajè anndan legliz Senrtwoz li ta ede ou, paske nonm saa ou met repwoche-l tout bagay depi ou ba-l manti wap gen pwoblem ak li, depi ou vinn dil Gerald te di tel bagay , lap di se ou ki te dil. Ou we saa menm si tout moun di Pè Sovajè Sovaj  li gen bon kote li.